Páginas

MADI 31-12-2019


Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Nou gen konsekrasyon an nan men Lespri a, nou konnen tout bagay”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 18-21
Ti Pitit mwen yo, dènye lè a rive; jan nou te tande a, Antikris la rive, koulye a gen anpil ki vin tounen Antikris; se pousa nou konnen dènye lè a rive. Se nan nou yo sòti, men yo pa t’ disip nou; paske, si yo te disip nou, yo ta rete avèk nou sèten; men se pou yo kapab parèt klè se pa disip nou yo te ye.
Men nou menm nou gen konsekrasyon an ki sot nan Sen an, epi nou konnen tout bagay. Mwen pa ekri nou paske nou pa konnen verite a, men antan nou konnen l’, epi paske okenn manti pa sot nan verite a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1-2. 11-12. 13
R/ Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’,
jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo.
Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a. 
L’ap jije fas tè a nan jistis, epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen chè”
KÒMANSMAN LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ JAN 1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te kot Bondye, Pawòl la te Bondye.
Li te kot Bondye nan kòmansman. Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te limyè lèzòm ; limyè a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a te fèt, men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’, li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot nan Bondye.
Pawòl la vin tounen chè, li abite nan nou ; nou wè glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a, plen gras ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini apre m’ nan, li plase anvan m’, paske li te la anvan mwen”.
Nan sa l’ plen an, nou tout nou resevwa, epi gras pou gras. Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè Moyiz, gras la ak verite a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive. Bondye, pèsòn pa janm wè l’ ; sèl Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan premye lekti nou sot li a, Apot Jan vle pote limyè sou atitid yon ekip moun ki te yon ti jan endiferan sou sou koze leve byen vivan Jezikri a. Apot la ekri pou l’ankouraje sa ki rete fèm yo pou yo pa kite sitiasyon sa a panike yo. Li gen konvikyon ke moun ki t’ap viv reyalite lafwa nan Jezikri a pa ka kite li, paske pyès moun pa janm kite yon bagay ki bon pou yon lòt ki pa bon, sof si l’ pa ta pran konsyans de sa. Se yon fason pou l’envite disip ki fidèl yo pou yo pèsevere nan lafwa yo te resevwa a epi respekte libète lòt ki pa ta vle kwè yo. Sa ki non sèlman pa kwè yo epi k’ap pwofese yon lòt bagay ki pa koresponn ak sa Jezikri te anseye nou an, se sa nou kapab rele Antikris la. Sa ki pa temwanye valè levanjil la vin tounen opozan valè sa yo epi an menm tan tounen yon antikris.
Levanjil Jan an prezante nou yon ti rezime sou istwa delivrans la. Jezi se pèsonaj santral la. Jan ap di nou : Jezi se te Pawòl sa a ki te la depi avan kreyasyon an. Pawòl sa a te vin tounen moun nan vant Mari ki Vyèj, Pawòl sa a se te Jezi li menm yo t’ap chèche pou touye a men Bondye te pwoteje li, li te voye l’an Ejip sou pwoteksyon paran l’ yo. Limyè a ki klere nan fènwa a, se Jezikri ki pote Bòn Nouvèl kè poze a pou limanite. Moun k’ap viv sou tè a te prefere rete nan fènwa olye yo louvri yo ak limyè a. Se konsa anpil otorite te akize Jezi de moun kòmkwa l’ap pale manti, yo te di l’ap mete konfizyon nan tèt pèp la, li di li se Pitit Bondye e li se Bondye, li di l’ap kraze tanp lan pou l’ rebati l’ nan twa jou.
Tout sa yo pa t’ konprann nan Pawòl Jezi t’ap anonse yo te tankou yon gwo boukan dife ki t’ap anflame yo. Men Jezi te aksepte tout akizasyon yo epi l’ te anonse moun ki te kwè nan li yo sa ki gen pou rive l’. Jezi te anonse Wayòm Bondye a tankou yon reyalite k’ap vanse tipa tipa. Li bay anpil parabòl kote l’ sèvi ak imaj, konparezon pou l’ede moun yo konprann reyalite wayòm nan, reyalite konvèsyon an ki dwe kòmanse antan chak moun ap pran konsyans sou nesesite pou li chanje tout move mannyè li genyen nan lavi li. Konsa kretyen yo, moun ki kwè nan Pawòl Jezi yo epi ki batize, k’ap viv daprè lansèyman Granmèt la, yo vin tounen Pitit Bondye, Pitit Wayòm nan, frè Jezikri, Tanp Lespri Sen an, Pèp Bondye a. Yo menm yo se veritab moun ki pote laviktwa sou peche a, sou tè a ak tout antikris la, ak tout antivalè ki ladan yo. Konsa tou kretyen yo vin tounen limyè ak sèl pou tè a jan Jezi li menm li te di sa.Yo vin tounen moun k’ap travay pou tabli Wayòm Bondye a sou tout fas tè a, sila yo k’ap pratike bon zèv, sila a yo ki chita tout aksyon yo sou renmen Jezikri te manifeste pou linivè antye.
Tout sila a yo ki akeyi mesaj Jezi a, yo fè eksperyans lanmò ak leve byen vivan l’ lan, pa sèlman jou batèm, me tou se chak jou nan lavi yo. Se sa k’ fè Jezi te mande tout moun ki vle vin disip li pou yo pote kwa yo chak jou. Se pou Granmèt Jezi aprann nou pran konsyans sou sa ki poto mitan lafwa nou an, pou n’ rive reyèlman vre bay tout lavi nou nan sèvis levanjil la, nan sèvis frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki fè ni kòmansman ni finisman tout relijyon an reyalize nan nesans Pitit ou a, tanpri, fè nou favè pou nou fè pati pòsyon l’ sa a, kote tout sove lèzòm sove a jwenn sa k’ fè l’ fin kòrèk nèt la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mande Jezi pou li fè sa li vle ak ou, paske ou se pou li. Pran yon ti moman pandan jounen sa pou medite sou pawòl Granmèt la. Tande vwa li k’ap pale ak ou nan silans.

LENDI 30-12-2019


Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Moun ki fè volonte Bondye, li dire tout tan”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 12-17
Mwen ekri nou, ti pitit mwen yo, paske peche nou yo padonnen poutèt non l’. Mwen ekri nou, papa yo, paske nou konnen sa a ki la depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou ranpòte laviktwa sou move a. Mwen ekri nou, timoun yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou ranpòte laviktwa sou move a.
Pa renmen tè a, ni bagay ki sou tè a. Si yon moun renmen tè a, charite Papa a pa nan li. Sèke tout bagay ki sou tè a se move atirans chè a, avèk move atirans je yo, avèk logèy lavi a ; sa pa vin sot nan Papa a, men se nan tè a li sòti. Tè a ap pase, ni move atirans li a ; men moun ki fè volonte Bondye a l’ap dire tout tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 7-8a. 8b-9. 10
R/ Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa,
pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Pote sakrifis, antre nan lakou l’ yo, adore Granmèt la nan bèlte l’ ki sen an.
Tranble devan fas li, tout tè a.R.
Di nan nasyon yo : «Granmèt la roua». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
“Li t’ap pale osijè l’ak tout moun yo ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 36-40
Lè sa a :
Te gen Án, madanm ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl la, nan ras Asè a ; li te granmoun anpil, li te viv avèk mari l’ pandan sèt ane depi li te vyèj. Li te ret vèv jous nan katreven-katran, li pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè lannuit ak lajounen. Nan menm lè sa a, li vin rive tou, l’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap pale osijè l’avèk tout moun ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la. Lè yo fin regle tout bagay daprè lalwa Granmèt la, yo tounen nan Galile, nan vil yo a Nazarèt.
Kanta pitit la menm li t’ap devlope, li t’ap gen plis fòs, li te plen ak sajès, gras Bondye a te nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tout pèp Bondye a te kontan selebre gwo mèvèy Nesans Granmèt nou an, Sila a Bondye Papa a voye sou latè, nan mitan nou pou vin pote limyè Bòn Nouvèl Wayòm li an. Se menm rezon sa a ki fè Apot Jan ki sen, nan lèt li a, kite bon jan ekzòtasyon sa yo pou moun ki akeyi Pawòl Bondye a, ki se Jezi menm ki te pran chè nan vant Mari ki Vyèj la. Tout moun san eksepsyon, kit li gran, kit li jèn, kit li piti, depi l’ viv daprè Sajès Pawòl Bondye, l’ap mache viktwa sou viktwa.
Apot la fè yo sonje sa, paske yo se sila yo ki pote laviktwa sou peche ak sou lanmò a, gras a san Kris la ki te koule a. Deja Batèm nan te fè nou tounen pitit Limyè a, li dwe kontinye fè nou klere sou fas tè a nan aksyon ak nan pawòl nou yo. Apot la ap fè nou sonje tou kòman se koze pa Bondye a pou nou chache regle nan lavi nou.Nou dwe gade nan direksyon pwomès Bondye fè nou an jistan nou rive patisipe avèk Jezi nan bèlte li a bò kote Papa li. Se pou sa nou dwe viv daprè Pawòl Bondye a, pou nou vrèman pote yon chanjman radikal nan fason n’ap viv sou tè a. Nou fèt pou n’ viv valè levanjil la avèk anpil lafwa, avèk anpil renmen, avèk anpil lesperans ak pèseverans.
Nan levanjil la yo pale n’ de Án, madanm pwofèt la ki te konsakre tout lavi l’ nèt nan sèvis Bondye Vivan an nan tanp lan. Se yon bèl ekzanp pou nou lè n’ wè menm nan laj avanse li genyen an li te toujou ap pale de Sila a Bondye te gen pou l’ voye pou delivre pèp li a.
N’ap sonje se li k’ te anonse Mari manman Jezi nan tanp lan kote Jezi Pitit li a ap tounen yon pèsonjaj enpòtan nan Izrayèl, kote li ta pral yon siy inite ak divizyon, men Mari li menm ta pral santi zantray ap dechire tèlman l’ap soufri. Sa nou dwe konprann, sèke kèlkeswa laj nou genyen nou kapab akeyi Pawòl Bondye a, nou kapab viv reyalite lafwa nou an depi n’ rive nan laj larezon jiskaske n’ vin granmoun. Nou kapab konprann Granmèt la pa janm bouke travay nan nou epi li toujou ap pouse nou pou n’ pote bay tout moun ki poko rankontre ak Jezi bèl mesaj Wayòm li an, yon mesaj renmen, delivrans, lavi, padon an, jistis, tèt ansanm, kè poze a, kè kontan an.Se yon mesaj ki bay anpil lespwa.
Vini Jezi a pote anpil chanjman nan yon sosyete kote moun yo ap viv tankou yon bann mouton san gadyen. Vini Jezi a fè limanite vin nouvo, kote li rasanble nou nan yon sèl kò ki ini nan fè sa Bondye vle; kò sa a, se kò Jezi a menm, paske lè nou fè sa li mande n’ nan, li fè yon sèl avèk nou epi li konekte nou avèk Papa li.
Moun ki koute li, se Papa a li koute; moun ki meprize li, se Papa a li meprize. Se pou tout kretyen sou latè aprann kite rankont yo ak Jezi transfòme yo epi mete nan yo bon jan motivasyon pou yo viv epi temwanye Bòn Nouvèl Wayòm nan sou fas tè a. Se pou Lespri Bondye a nou resevwa nan batèm nou an aprann nou dekouvri kòman, yon fason oubyen yon lòt, nou tout se moun Jezikri rele pou nou temwanye non li epi pou nou vin tounen moun ki devwe nan sèvis lòt yo ak nan pwopaje bèl mesaj kè kontan an, kè poze a ak renmen an toupatou.
LAPRIYÈ: Fè nou favè, tanpri, Bondye ki gen tout pouvwa, pou nouvo nesans Sèl Pitit ou a nan chè a delivre nou, nou menm ansyen esklavaj la te kenbe anba jouk peche a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: An nou montre Sovè a nan mitan nou, antan n’ap evite di move pawòl pou ofanse lòt yo epi poze aksyon ki pote lavi pou sila yo ki pi fèb nan sosyete a.

DIMANCH 29-12-2019


Koulè Blan
DIMANCH ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA:
FANMI JEZI, MARI AK JOZÈF KI SEN AN
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Moun ki respekte Granmèt la, li gen konsiderasyon pou paran l’ yo”
NAN LIV SIRASID 3,3-7. 14-17a
Bondye fè papa a jwenn konsiderasyon nan pitit yo, li asire jijman manman an sou pitit yo. Moun ki renmen Bondye, l’ap jwenn padon pou peche yo, l’ap kenbe kò l’ lwen yo, nan lapriyè chak jou l’ap jwenn sa l’ap mande a. Epi, tankou moun k’ap ranmase richès, se konsa moun ki gen konsiderasyon pou manman l’; moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap jwenn kontantman nan pitit yo, jou lapriyè l’, l’ap jwenn sa l’ mande a. Moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap viv lontan; moun ki obeyi papa a, l’ap rafrechi kè manman an. Pitit mwen, sipòte vyeyès papa ou, pa fè l’ lapenn nan lavi l’; epi si lespri l’ febli, padonnen l’, pa meprize l’ nan fòs ou a; yo p’ap bliye charite ou fè papa a; nan plas peche manman an se byen y’ap renmèt ou, y’ap bati l’ pou ou nan jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, sa ap bon pou ou.R.
Madanm ou tankou pye rezen ki byen donnen sou miray lakay ou;
pitit ou yo tankou jèn ti pye oliv toutotou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Granmèt la ap beni ou sot nan Siyon,
W’ap wè byen Jerizalèm yo toulejou lavi ou.R.
DEZYÈM LEKTI
“Lavi fanmi an nan Granmèt la”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3,12-21
Frè m’ yo:
Tankou moun Bondye chwazi, ki sen, moun li renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, bon jan, santiman ki fè nou rabese tèt nou, senplisite, pasyans, antan nou youn sipòte lòt, antan nou youn padonnen lòt; si youn gen yon ti kont pou l’ regle ak lòt la: tankou Granmèt la te padonnen nou, se konsa pou nou fè nou menm tou, epi anlè tout bagay, se pou nou gen charite sa a ki chenn nan, k’ap fè nou fin bon nèt la, se pou kè poze Jezikri danse nan kè nou, se pousa menm yo te rele nou nan yon sèl kò, epi di Bondye mèsi.
Se pou pawòl Jezikri a abite nan nou an kantite, nan tout kalite bon konprann, se pou youn bay lòt lansèyman, pou youn bay lòt avètisman avèk sòm, chante sakre, kantik Lespri a, se pou nou chante pou Bondye nan kè nou nan favè a; tout sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon, se pou nou fè yo tout o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè l’.
Medam yo, se pou nou obeyi Mari nou, jan sa dwe fèt, nan Granmèt la. Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, pa fè move jan avèk yo. Ti moun yo, se pou nou obeyi paran yo nan tout bagay; se sa ki fè Granmèt la plezi. Papa yo, pa ekssite pitit nou yo, pou nou pa dekouraje yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Lejip”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 13-15. 19-23
Lè Maj yo tounen, men Mesaje Granmèt la parèt nan rèv devan Jozèf, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Lejip; rete laba-a joustan m’a di ou: sèke Ewòd a pral chèche pitit la pou l’ touye li”. Li leve, li pran pitit la ak manman l’ nan nuit la, li pati nan Lejip. Li te rete laba-a joustan Ewòd mouri, pou sa.Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “Mwen rele pitit mwen an sot Lejip”.
Lè Ewòd fin mouri, men Mesaje Granmèt la parèt nan rèv devan Jozèf nan Lejip la, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, al nan peyi Izrayèl la, sèke yo mouri, sila yo ki t’ap chèche lavi pitit la. Li leve, li pran pitit la ak manman l’, li rive nan peyi Izrayèl.
Lè l’ tande se Akealous ki t’ap kòmande nan Lajide nan plas Ewòd papa l’, li pè al la; li jwenn avètisman nan rèv, li pati nan rejyon Galile yo. Lè l’ rive, li abite nan yon vil yo rele Nazarèt, pou sa Bondye te di pa lentèmedyè Pwofèt yo te kapab reyalize: “Y’ap rele l’ Nazareyen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Aprè nou fin fete Nwèl la, kote nou te resevwa Jezi nan kè nou, Legliz la ap prezante nou bèl fanmi Nazarèt la, ki se fanmi Jezi, Mari, ak Jozèf.
Lavi fanmi, se sa ki pwen santral litiji jodi a. Nan premye moso labib la, liv Eklezyas la ofri nou yon seri konsèy sou kòman pitit dwe renmen epi respekte manman ak papa yo. Nan tradisyon peyi jwif la, respekte ak renmen paran parèt tankou yon devwa relijye nan je Bondye. Nan sòm 128 la, nou wè kòman moun ki gen krentif pou Bondye resevwa anpil benediksyon.
Nan dezyèm moso labib la, Sen Pòl ap fè moun Kolòs yo sonje tout bon santiman Bondye depoze nan yo, konsa youn dwe padone lòt, youn dwe renmen lòt.
An menm tan an tou, l’ap ekzòte chak manb nan fanmi yo, kòman pou youn konpòte li pa rapò ak lòt la; madanm pa rapò avèk mari mari ak madanm, pitit avèk paran epi paran avèk pitit yo.
Pi devan nan levanjil la, nou wè kòman fanmi Nazarèt la reprezante yon modèl pou nou, nou wè kòman yo te met tèt yo ansanm pou yo te rezoud tout pwoblèm, tout difikilte ki te prezante nan fanmi an, tankou sa nou li nan levanjil la jodi a. Jozèf pa t’ di Mari, se ou ki manman, m’ pa konn afè w’, se ou ki pou kouri ak pitit ou ni Mari pa t’ di Jozèf : se ou ki gason, degaje w’ pou kont ou. Sitiyasyon an te konsène yo tou lè de, malè a te pandye sou tèt yo toulède, donk yo te mete ansanm pou yo defann fanmi yo.
Se a travè fanmi sa Pitit Bondye a te tounen moun pou l’ te ka sove nou. Nan fanmi sa a, Jezi te jwenn tout bon edikasyon ki fè li te grandi ak anpil sajès.
Donk mesye yo, nou dwe pran egzanp sou Jozèf, kòman li te pran responsabilite l’ pa rapò ak fanmi sa a. Medam yo, nou dwe pran ekzanp sou Mari ki pa t’ fè bak devan pwoblèm, devan soufrans ke fanmi an t’ap andire, men ki te mare ren l’ pou l’ te fè fas ak tout difikilte.
Timoun yo dwe pran ekzanp sou Jezi nan fason yo dwe viv ak paran yo, nan obeyisans ak nan renmen. Si nou pran fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl nou n’a rive gen yon vrè fanmi ki bati sou renmen ak respè youn pou lòt.
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, ou menm ki te ba nou bèl fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl pou nou te swiv, fè fanmi nou yo mete ekzanp sa a an pratik, fè nou toujou dispoze pou nou aprann ede lòt nan fanmi nou yo ; konsa n’a rive tounen yon modèl pou lò fanmi k’ap viv bò kote nou. Amèn
PWOPOZISYON: Pwofite Fèt Sent fanmi an pou nou evalye pwòp fanmi nou antan nou chita ak tout manb yo epi tande opinyon yo chak, pou nou kapab fini ak tout ti enkonpreyansyon, divizyon, zizani.

SAMDI 28-12-2019


Koulè Wouj
INOSAN YO KI SEN, Mati
(Fèt)
PREMYE LEKTI
''San Jezikri pwòpte nou sot nan tout peche”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1, 5-2, 2
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men mesaj la nou te tande nan Jezikri a epi nou te anonse nou an: Bondye se limyè, pa gen okenn fènwa nan li. Si nou di nou se zanmi l’ epi n’ap mache nan fènwa, nou fè manti, nou pa fè verite; men si n’ap mache nan limyè, menm jan li menm li nan limyè a, nou youn zanmi lòt, san Jezikri, Pitit li a, pwòpte nou sot nan tout peche.
Si nou di nou pa gen peche, nou twonpe pwòp tèt nou, verite a pa nan nou. Si nou konfésé péché nou yo, li fidèl, li kòrèk, pou l’ padonnen nou peche nou yo, pou l’ pwòpte nou sot nan tout fot. Si nou di nou pa fè peche, nou fè manti, pawòl li a pa nan nou.
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou sa pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka kot Papa a, se Jezikri ki kòrèk, li menm li se padon pou peche nou yo; pa pou peche nou yo sèlman, men pou peche tout tè a tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 123, 2-3. 4-5. 7b-8
R/ Nan nou tankou yon zwazo ki chape sot nan pyèj chase yo.
Si Granmèt la pa t’ nan nou, lè moun yo leve kont nou an,
Petèt se tou vivan yo t’ap vale nou, lè raj yo t’ap boule kont nou an.R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou, rivyè a t’ap pase anlè tèt nou,
petèt yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap bouyi yo.R.
Pyèj la kraze, nou menm nou chape, sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Ewòd touye tout ti gason, ki te nan Bètleyèm”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 13-18
Lè maj yo pati, men zanj Granmèt la parèt nan sonj devan Jozèf, li di: “Leve, pran ti pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Ejip, rete la joustan m’a di ou; sèke Ewòd a pral chèche ti pitit la pou l’ touye li”.
Li leve, li pran ti pitit la ak manman l’ nannuit la, li pati Ejip. Li rete la joustan Ewòd mouri, pou pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “M’ap rele pitit mwen an sot Ejip”.
Lè sa a atò, Ewòd wè kijan maj yo te twonpe l’, li fache anpil; li voye touye tout ti gason ki te nan Bètleyèm ak tout alantou Bètleyèm yo, depi dezan avèk pi ba, daprè tan li te kalkile sou sa maj yo te di a.
Lè sa a atò pawòl pwofèt Jeremi an reyalize: Yo tande yon vwa nan Rama, l’ap kriye, l’ap rele anpil: Rachèl k’ap kriye pou pitit li yo, li pa vle yo konsole l’, paske yo mouri”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a ap ede nou dekouvri mechanste lèzòm depi nan tan lontan: lèzòm jalou, egoyis, yo renmen pouvwa, youn ap dechire lòt. Nan yon fason espesyal, Legliz la prezante nou tout ti inosan sa yo ki t’ap mouri paske wa Ewòd te aprann gen yon lòt wa Toupuisan ki gen pou vini; kidonk li pa t’ vle pèdi plas li. Se konsa li te mande pou touye tout ti gason ki te fèt nan epòk sa. Nan yon fason oubyen yon lòt timoun sa yo mouri mati pou Jezi san yo pa t’ ko menm gen lespri.
Levanjil la kapab ede nou konprann tou sitiyasyon k’ap pase nan zafè migrasyon nan mond lan, men yon fason espesyal pi pre nou la a nan fwontyè nou genyen ant Ayiti ak Ladominikani. Nou kapab rann nou kont Jezi li menm tou li te viv sitiyason emigre a tou: li te oblije kite lakay li pou li t’al refijye li nan yon lòt kote pou li pa t’ mouri. Tout sa kapab ede nou konprann ke afè migrasyon an pa yon dezonè. Nenpòt ki moun depi li santi lavi li menase li kapab al chache yon lòt kote pou repoze tèt li.
Nan tan pa nou an, koz yo anpil, nou genyen grangou, lamizè, pèsekisyon politik, elatriye, k’ap fè moun yo kite kay yo pou yo kapab al chache yon lavi pi trankil, yon lavi miyò.
Li enpòtan pou nou trete moun sa yo ak diyite paske malgre sitiyasyon lavi yo, se pitit Bondye yo ye. E lè dwa sa yo pa respekte, li enpòtan pou nou mande otorite konpetan yo pou travay pou yo kapab respekte, paske se yon dwa nou genyen kòm moun.
Nan levanjil la tou nou kapab kontanple kesyon obeyisans la tou. Jozèf pa t’ fè tèt di lè Bondye te pale ak li. Pou li te kapab sove lavi ti Jezi li te leve nan mitan lannuit la ansanm ak fanmi li, san li pa t’ menm konn kote yo t’a prale, yo t’ap chache yon kote pou refijye tèt yo. Li enpòtan pou mesye marye yo kapab pran ekzanp Jozèf la nan fanmi yo, se pa fè timoun nan epi lage manman, li enpòtan pou mesye yo kapab sèvi bon anj gadyen pou fanmiy yo, pou yo kapab sousye pou madanm yo, pitit yo. Yon lòt fwa ankò Jezi montre nou lavi a pa fasil, pèsekisyon n’ap toujou jwenn sa, paske li menm tou li te soufri, yo te pèsekite li. Kidonk soufrans sa yo pa dwe sèvi baryè pou nou sispann lite nan lavi nou. Konfyans nou dwe toujou rete nan Bondye paske se li menm sèlman ki kapab ba nou limyè nou merite pou nou kapab depase sitiyasyon difisil yo. Pandan n’ap batay pou konbat enjistis nan sosyete nou yo ann fè jefò chak jou pi plis pou nou kapab mete konfyans nou nan Bondye nou an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm jodi a mati inosan yo fè lwanj ou san yo pa pale men nan mouri yo mouri a tanpri, fè lafwa w’ la, lang nou ap deklare a, nou deklare l’ tou nan konduit nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Priye pou gen lapè nan lemond lan antan w’ap sonje tout inosan ki mouri akoz zak teworis.Dekouvri nan ki fason ou koupab.

VANDREDI 27-12-2019


Koulè Blan
JAN KI SEN, Apot, Evanjelis
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Sa nou wè a ak sa nou tande a, nou anonse nou li”
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1, 1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Sa k’ te nan kòmansman an, sa nou te tande a, sa nou te wè ak je nou yo, sa nou te konsidere a, sa men nou te touche a nan pawòl lavi a; Lavi a manifeste, nou wè, nou sèvi temwen, nou anonse nou lavi tout tan an, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an. Sa nou wè a, nou tande a, nou anonse l’ ba nou, pou nou kapab gen patisipasyon avèk nou, pou patisipasyon nou avèk Papa a avèk Pitit li a, Jezikri. Nou ekri nou bagay sa yo pou nou gen kè kontan, pou kè kontan nou an plen nèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6. 11-12
R/ Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’, jistis ak jijman se platfòm twòn li.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè glwa l’.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la, ak kè kontan pou kè ki dwat yo,
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo,
fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Lòt disip sa a kouri devan pi vit pase Pyè, li rive an premye bò kavo a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 2-8
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmn an, li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoze li”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou le de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak mouchwa ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye bò kavo a, li wè, li kwè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Apot Jan ke n’ap fete jodi a vin di nou ke Jezi Pitit Bondye a te deja ekziste anvan tout bagay. Se “Lavi tout tan, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an”. Avèk Jezi Bondye vin vizite nou. Li fè l’ tounen moun pou l’ kapab vin viv nan mitan nou. Li vini tou pou l’ te ka montre n’ chemen kote Papa a ye a. Avèk Jezi, Bondye vin fè yon lòt Alyans avèk pèp li a. Se poutèt sa moun ki tande pawòl li a ap gen lavi ki p’ap janm fini an, paske Bondye n’ap sèvi a se Bondye lavi li ye; se li menm ki sous lavi a. Men malerezman lèzòm pa resevwa l’; yo pa rekonèt se Pitit Bondye li ye’ se poutèt sa yo klouwe l’ sou yon kwa. Men Bondye Granmèt ki gen tout pouvwa fè l’ leve byen vivan pami mò yo.
Se Bòn nouvèl sa a nou jwenn nan Levanjil la ki envite nou viv fèt Nwèl la, ki vle di Jezi Pitit Bondye a vin viv nan mitan nou. Se menn Jezi sa a ke nou pral touye sou kwa a men Bondye ap fè l’ leve byen vivan. Se konsa Levanjil la di nou ke Mari Madlèn al jwenn Apot Pyè ak Jan (disip Jezi pi renmen an), li di yo ke gen moun ki gen lè volè kò Jezi kote li te antere a, paske li pa jwenn li. Apot yo kouri al nan kav la, Pyè antre an premye epi Jan suiv li; se konsa jan Mari madlèn te di a, yo rive nan kavo a, yo pa jwenn kò Jezi. Se lè sa a disip Jezi pi renmen an vin sonje tout pawòl Jezi te di yo anvan li te mouri. Se lè sa a li di Pyè ke Granmèt pa nan kav la, li leve byen vivan, li pa nan mitan mò yo, li monte l’al jwenn Papa a jan li te di nou an. Se Bòn Nouvèl sa a li voye n’ al bay tout patizan yo. Menm jan ak Apot Pyè ak Jan ke n’ap fete jodi a, Bondye voye nou pote Bòn Nouvèl sa toupatou pou nou kapab envite tout moun prepare kè yo pou yo reseswa Jezi Pitit Bondye k’ap vin viv nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki louvri sekrè Pawòl ou a ba nou pa lentèmedyè apot Jan ki sen, tanpri, sa li menm li te vide nan zòrèy nou si tèlman byen an, fè nou sezi l’ avèk fòmasyon entelijans ki gen kapasite. Tanpri ede n’ bati ansanm yon sosyete kote lanmou ak lajistis kapab triyonfe. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan m’ap prepare mwen pou mwen akeyi Pitit Bondye a k’ap vin nan kè mwen chak jou epi ki gen pou vini kòm Jij pou jije tè a?