Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Nou chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, n’ap espere Pitit li a
li fè leve vivan an”.
KÒMANSMAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 1, 1-5. 8b-10
Pòl ak Silven
ak Timote, pou Legliz Tesalonisyen yo nan Bondye Papa a ak Granmèt Jezikri.
Favè pou nou ak lapè.
N’ap di Bondye
mèsi tout tan pou nou tout, antan n’ap sonje nou nan lapriyè nou san rete; n’ap
sonje travay lafwa nou, lapenn nou, charite nou, epi jan nou ret fèm nan espwa
Granmèt nou Jezikri devan Bondye Papa nou.
Nou konnen,
frè nou yo Bondye renmen an, kijan li chwazi nou: Evanjil nou an pa t’ rive kote
nou nan pawòl sèlman, men nan pouvwa ak nan Lespri Sen, ak nan anpil reyalizasyon
ki kòrèk nèt, jan nou konnen kijan nou te konpòte nou kote nou poutèt nou.
Lafwa nou an,
ki veritab lafwa nan Bondye a, li vanse devan tout kote, atèl pwen nou pa bezwen
di anyen ankò; se yo menm menm k’ap anonse sou nou kijan nou te rive lakay nou epi
kijan nou menm menm nou te chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou
nou sèvi Bondye ki vivan an, ki vre a, pou nou tann Pitit li a k’ap sot nan syèl
la, li menm li te fè leve vivan sot nan pami mò yo: Jezi, ki delivre nou anba
kòlè k’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 149,
1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz
sen yo. Se pou Izrayèl kontan nan sila a
ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo a.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak
gita se pou yo chante pou li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap
fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou
kabann yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
“Madichon pou
nou, chèf avèg”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23,
13 22
Lè sa a: Jezi pale, li di:
“Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
nou fèmen rèy syèl yo devan moun yo! Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre
yo, nou pa kite yo antre.
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap
manje kay vèv yo, pandan n’ap fè lapriyè ki long; se pousa n’ap jwenn kondanasyon
ki pi rèd!
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap
fè tout tou lanmè a ak savann nan pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’,
nou fè l’ vin tounen pitit lanfè a de fwa plis pase nou!
Madichon pou nou, chèf avèg, k’ap di: “Moun ki fè sèman
sou kay sakre a, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen
dèt”. Enbesil, avèg! Ki sa ki pi gran: lò a oubyen kay sakre a ki fè lò a vin
sen an?
“Epi moun ki
fè sèman sou lotèl la, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou kado a ki sou li a,
li gen dèt”. Avèg! Kisa k’ pi gran: kado a oubyen lotèl la ki fè kado a vin sen
an?
Moun ki fè
sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou tout sa k’ sou li. Moun ki fè
sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou sila a ki abite nan li a. Moun
ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou sila a ki chita
sou li-a".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Kominote Tesalonisyen an, se yon ekzamp pou nou suiv jan
apot Pòl fè nou konprann nan premye lekti a. Yo se yon ekzanp paske yo te ouvri
pòt kè yo pou Levanjil Granmèt la te kapab rezonnen ladan yo, pou li te kapab
fè eko, e yo te kite li non sèlman transfòme yo, men tou yo te pote li bay lòt
yo ki te swaf yon mesaj ankourajman, delivrans ak esperans. Yo te kite pawòl la
tounen aksyon nan lavi yo. Se atitid sa nou tout kretyen, nou ta dwe pran: viv
pawòl Granmèt la nan tout sa n’ap fè, nan tout sa n’ap di, nan tout sa n’ap
panse, konsa n’a vin tounen you modèl pou tout lòt frè n’ ak sè n’ yo, sitou
pou manb nan kominote kretyen yo kote n’ap viv ak pataje lafwa n’.
Youn nan desizyon kominote Tesalonik la te pran, se te abandone chemen zidòl,
pou yo te kapab suiv Bondye laverite a.
Youn nan tandans nou kòm moun, se toujou vle chache mete konfyans nou nan lòt
bagay, san nou pa bay Bondye premye plas nan lavi nou; nou fè nenpòt bagay
tounen zidòl nan lavi nou, pafwa se yon moun, lòt fwa se lajan oubyen richès ak
byen materyèl nou genyen; pafwa sa k’ pi mal la, se kwè nan fetich oubyen nan bòkò.
Lè nou fè sa, atitid nou vle di ke Bondye pa gen tout pouvwa, an menm tan nou
dezobeyi lòd li tou; paske li di nou se nan li menm pou nou mete tout espwa nou
ak tout konfyans nou.
Nan Levanji la nou wè jan Jezikri ap repwoche atitid Farizyen ak pwofesè
yo, ki t’ap viv nan ipokrizi, Granmèt la pa aksepte mòd vi sa a, li renmen moun ki sensè, moun ki p’ap
viv ak de fas, ki pa di yon pawòl ak bouch li epoutan nan kè se yon lòt. Moun
ki p’ap viv ak yon pye anndan Legliz la epou tan lòt la deyò. Moun ki p’ap pran
pòz y’ap sèvi Bondye ak tout kè l’, men kou l’ gen yon ti pwoblèm li kouri al anba
tonèl yon bòkò pou l’ l’al chache solisyon. Moun ki montre yo renmen Bondye
epoutan yon pa renmen frè ak sè yo k’ap viv nan menm kay ak yo. Moun konsa p’ap
eritye wayòm Granmèt la.
LAPRIYÈ:Granmèt ban mwen yon kè ki sensè, pou mwen kapab sèvi ou
ak tout kè mwen. Libere mwen anba tout fòs ipokrizi ki antrave relasyon mwen ak
ou e ki pa pèmèt mwen viv an amoni ak frè m’ yo jan ou vle a. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap pran yon ti moman nan jounen jodi a pou ekzamine lavi mwen ak relasyon mwen ak Bondye epi avèk
frè m’ yo tou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario