Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen pa kapab pote pèp sa a pou kont mwen”.
NAN LIV NONB 11, 4b-15
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo di: “Kilès k’ap
ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason nou te konn ap manje gratis nan Lejip;
nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak melon yo, pwawo yo ak zonyon yo ak lay
yo. Gòj nou vin sèk, nou pa wè anyen nan je nou pase lamán”.
Lamán nan te tankou yon ti grenn
lanni, koulè jòn. Pèp la te konn gaye, yo te konn ranmase l’, yo te konn kraze l’
nan moulen, oubyen yo te konn pile l’ nan pilon, yo te konn kuit li nan mamit,
yo te konn fè kasav avèk li; li te gen gou pen ki kuit nan luil. Lè lawouze te
konn desann lannuit nan kote joupa yo te konn drese yo, lamán nan tou te konn desann.
Konsa Moyiz tande pèp la k’ap kriye,
nan chak fanmiy, chak moun nan papòt joupa l’. Kòlè Granmèt la chofe anpil.
Moyiz tou te konsidere bagay la kòm ensipòtab, li di Granmèt la:
“Pouki sa w’ap fè sèvitè w’ la pase
mati a? Poukisa mwen pa jwenn favè devan ou? Pouki sa ou mete chaj tout pèp sa a
sou mwen an? Èske se mwen menm ki te ansent tout foul sa a, oubyen ki te ba l’
nesans, pou ou fè di m’: “Pote yo nan vant ou, tankou yon nouris konn pote yon
ti pitit, epi pote yo nan peyi a, sa m’ te fè zansèt yo sèman pou li a?” Kote m’ap
jwenn vyann pou m’ bay tout foul sa a? Y’ap kriye kont mwen, y’ap di: “Ban nou
vyann pou nou manje”. Mwen pa kapab pote tout pèp sa a pou kont mwen, paske li
lou anpil. Otreman si se yon lòt fason ou kalkile sa, mwen lapriyè ou pou ou
touye m’, fè m’ jwenn favè nan je ou, pou m’ pa sibi tout kalite gran malè sa
yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 80, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Fete pou Bondye, li menm ki pote nou sekou.
Pèp mwen an
pa koute vwa m’, Izrayèl pa fè atansyon sou mwen. Mwen lage yo daprè kè yo ki rèd la, y’ap
mache nan lide yo.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl
te mache nan wout mwen yo, yon ti moman mwen ta kraze lènmi l’ yo, mwen ta lonje
men m’ sou sila yo k’ap fè l’ pase tray yo.R.
Lènmi Granmèt yo ta flate l’, sò yo
ta regle pou tout tan; mwen ta fè yo manje
nan ble ki gra, mwen ta pase swaf yo nan myèl ki sot nan wòch.R.
LEVANJIL
“Li gade nan
syèl la, li beni pen yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14,
13-21
Lè sa a:
Lè Jezi tande
lanmò Jan-Batis, li pati sot la nan batiman, l’al yon kote nan savann ki pou
kont li; lè foul yo tande sa, yo suiv li a pye sot nan lavil yo. Lè l’ soti, li
wè yon pakèt foul; li pran pitye pou yo, li geri malad yo.
Lè aswè rive,
disip li yo pwoche kote l’, yo di: “Kote a se yon savann, lè a deja ta; ranvwaye
foul yo, pou y’al nan bouk yo, pou yo achte manje”. Jezi menm di yo: “Yo pa bezwen ale;
ba yo manje nou menm”.
Yo reponn li: “Nou pa gen anyen isit
la sof senk pen ak de pwason”. Li di yo: “Pote yo ban mwen isit la”. Li pase
foul la lòd pou l’ kouche sou zèb la, li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve
je l’ nan syèl la, li beni pen yo, li kase yo, li bay disip yo, disip yo menm
bay foul yo. Tout moun manje, vant plen. Yo ranmase rès yo, douz panye plen
moso. Kantite moun yo menm ki te manje yo, se te senk mil gason, san konte fi
ak ti moun.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Anpil fwa,
anpil moun konn fè movesan sou Bondye epi yo modi tèt yo. Se sa ki te rive pèp
Izrayèl la, ki te manifeste enkyetid li bay Moyiz ki t’ap akonpaye li pou li te
kapab wete yo anba jouk esklav la nan peyi Lejip.
Sa konn rive pandan nou sou wout ak
Granmèt la, nou fè fas ak yon difikilte kèlkonk epi nou dekouraje, nou santi
nou pa byen asire oubyen nou santi pa gen anyen ki chanje. Nou konn rive tounen
nan vye woutin nou yo, kote nou santi nou pi alèz, paske nou gen tandans atache
ak bagay k’ap pase yo; nou konn bliye pouvwa Granmèt la, epi nou bliye si se li
menm ki fè tout bagay, li gen pouvwa sou tout bagay. Kote feblès nou
ye, se la puisans Bondye pi fò. Ebyen nan premye lekti a, nou wè pèp la te pran
babye, li te fache sou Moyiz, e li te kòmanse fè li repwòch ak pawòl sa yo: Kilès
k’ap ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason nou te konn ap manje gratis
nan Lejip; nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak melon yo, pwawo yo ak zonyon
yo ak lay yo. Gòj nou vin sèk, nou pa wè anyen nan je nou pase lamán”.
Pèp la t’ap viv nan yon angwas
akoz li pa t’ rive satisfè ak lamán nan Bondye te ba yo pou yo te kapab manje
sou wout la ki te long anpil la; pou yo te soti Lejip rive Kanaan distans la te
long anpil. Nou kapab imajine ki kalite solèy yo t’ap sipòte, ki swaf yo te
genyen, epi ki enèji sa te mande pou yo te rive travè dezè a. Yo te santi ti
lamán nan pa t’ kapab fè anyen pou yo e yo te kòmanse rele anmwe! Moyiz te
santi li te antrave ak pèp la paske li t’ap plenyen nan pye li tankou timoun ki
bezwen manman li ba li tete; Moyiz te rele Bondye pou pote li sekou. Moyiz se
yon bon medyatè, yon gwo lidè ki te ranpli wòl li trè byen.
Bondye pa manke fè entèvansyon nan
lavi pitit li yo: se sa n’ap dekouvri nan chapit katòz Levanjil Matye a jodi a.
“… li wè yon pakèt foul; li pran pitye pou yo, li geri malad yo.” Kidonk, youn
nan bagay pou nou aprann jodi a, sèke Bondye se yon Bondye kè sansib, yon
Bondye mizerikòd, yon Bondye konpasyon, yon Bondye ki pran pitye sou mizè nou. Anpil
fwa, menm jan ak foul moun yo, nou konn fè deplasman pou nou ale chèche
liberasyon; nou konn ale nan jèn, nan priyè karismatik, nou chèche mizerikòd
Bondye a tout kote nou konnen nou kapab rive jwenn li. E Bondye pa janm refize
nou sa nou mande li ak lafwa.
Konsa tou, mizerikòd ak kè sansib
Bondye a konn manifeste pou nou tou yon fason nou pa t’ men atann. Gen moman
nan lavi ou, ou konn santi kè ou kontan anpil, ou konn santi ou plen ak lagras
Bondye. Lè sa a, ou konn anvi chante menm jan ak Salmis la: “Fete pou Bondye,
li menm ki pote nou sekou.”
Bondye vizite nou atravè Pitit li
a, Jezikri e li vini pou kase tout vye chenn lamizè ki antrave nou, ki fè nou
pa kapab devlope, nou pa kapab grandi kòm pitit li. Ak dife puisans li, li
disparèt tout maladi, li miltipliye ti nou genyen e li fè nou viv nan abondans.
Sa nou te kwè ki te twò piti pou nou viv la, Granmèt la fè li vin anpil e li
voye nou al pataje li ak lòt, li voye nou pran swen sila yo ki fèb yo e ki
konte sou konpasyon li ak mizerikòd li.Granmèt la laj, li bay san mezi. Konsa,
tankou disip misyonè nou gen pou nou al jwenn lòt yo epi pote renmen ak kè
sanbib Bondye a ba yo.
LAPRIYÈ:
Granmèt, ou se Alfa ak Omega, ou se kòmansman ak finisman tout bagay. Tanpri,
nan limit feblès nou yo, ede nou kwè ou toujou la pou pote nou sekou. Ede nou
kwè tout bon vre ke renmen ak konpasyon w’ lan pi fò pase limitasyon nou yo. Pa
pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn
PWOPOZISYON:
Si ou kwè nan konpasyon ak mizerikòd
Bondye, reyalize yon jès mizerikòd ak konpasyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario