Koulè Blan
OGSTEN KI SEN,
Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
“Lannuit ak
lajounen n’ap travay pou nou preche levanjil la ba nou”.
PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 2, 9-13
Nou sonje, frè m’ yo, kijan nou travay, nou fatige kò
nou: lannuit ak lajounen, nou t’ap travay, pou nou pa peze sou nou, pandan nou
t’ap preche nou levanjil Bondye a. Nou temwen ansanm ak Bondye, kijan konduit
nou te sen, kòrèk, san repwòch kote nou, nou menm ki kwè a; nou konnen kijan
nou te ye ak chak moun nan nou, tankou yon papa ak pitit li yo, antan n’ap
lapriyè nou, n’ap konsole nou, pou nou mache kòrèk pou Bondye ki rele nou nan rèy
li a ak nan bèlte l’ la.
Se pousa nou menm nou di Bondye mèsi san rete, paske,
lè nou resevwa pawòl Bondye a nou te tande nan bouch nou an, nou pa resevwa l’
tankou yon pawòl moun, men tankou sa li ye a vre, tankou pawòl Bondye a, li menm
ki aji nan nou menm ki kwè yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 138, 7-8. 9-10. ll-12a
R/ Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’.
Ki kote pou m’
ale lwen lespri ou, ki kote pou m’ sove kò m’ lwen fas ou?
Si m’ monte nan syèl, ou la; si m’ desann anba tè, ou prezan.R.
Si m’ pran zèl devan jou m’al abite nan fon lanmè, menm
la men ou ap kondui m’, men dwat ou ap kenbe m’.R.
Si m’ di: “Petèt fènwa yo ap fèmen m’, lannuit la ap
sèl klète alantou m’”.
Menm fènwa yo pa fè nwa devan ou, lannuit la ap klere
tankou lajounen.R.
LEVANJIL
“Nou se pitit
sila yo ki te touye pwofèt yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23,27-
32
Lè sa a: Jezi pale, li di:
“Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
nou sanble avèk kavo blanchi, deyò yo parèt byen bèl pou lèzòm, anndan an menm
plen ak zo mò avèk tout kalite bagay pouri! Se konsa nou menm tou, deyò nou
parèt kòrèk vre pou lèzòm men anndan an menm nou plen ipokrizi ak mechanste.
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm
k’ap bati kavo pwofèt yo, k’ap dekore tonbo moun kòrèk yo, epi n’ap di: “Si nou
te nan epòk zansèt nou yo, nou pa t’ap konplis yo nan san pwofèt yo!” Se pousa
se nou menm menm ki sèvi pwòp tèt nou temwen, nou se pitit sila yo ki te touye
pwofèt yo. Ebyen nou menm, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pòl, nan lèt
li voye bay kretyen Tesalonik yo, montre nou kòman li enpòtan pou nou travay
pou wayòm Bondye a. Nou wè kòman li di kretyen yo si yo sonje lavi yo t’ap
mennen an, travay ke yo te konn ap fè yo, pou anonse levanjil Bondye ki vivan. Nou
menm kretyen jodi a, sa dwe motive nou travay, antan nou prale nan tout kwen
pou nou rankontre sa ki pi fèb yo, pi frajil nan sosyete a, pou nou anonse
levanjil la, fè sa nou kapab pou nou mennen lòt yo ki nan fènwa nan limyè. Nou
menm k’ap lite jodi a pou wayòm syèl la, esperans nou pa isit la, rekonpans nou
se nan men Bondye li ye. Bondye pa mechan pou l’ manje kouraj nou, li pa mechan
pou l’ bliye bagay ke nou fè pou li. Anpil fwa nan lavi nou, nou konn rann moun
sèvis men, kèk fwa, menm moun sa konn vle tounen kont nou, li bliye tout sa nou
te konn fè pou li. Li enpòtan pou nou fè Granmèt la konfyans paske li p’ap fè
nou anyen ki mal, tout sa nou fè n’ap jwenn rekonpans lan. Se pou sa nou dwe
travay pou Bondye ak tout kè nou, ak tout fòs nou e ak tout nanm nou.
Nou wè tou
nan levanjil Matye a, repwòch Jezi t’ap fè Skrib ak Farizyen yo, poutèt yo se
kav blanchi, deyò yo pwòp men anndan yo sal. Nou menm, jodi a, nou dwe swiv
konsèy Jezi yo pou nou pa menm jan avèk Skrib, Farizyen sa yo. Nan mond jodi a,
nan Legliz jounen jodi a, gen anpil moun ki se kav blanchi, k’ap fè tout sa ki
mal, ki nan tout vye bagay, ki tout kote, epi k’ap pran pòz yo se bon kretyen. Gen anpil moun ki wè tout sa yon lòt
fè ki mal, men yo pa janm pran tan pou yo gade lavi pa yo sa yo ap fè ki pa bon
devan zye Bondye. Nan levanjil sa, nou jwenn envitasyon, pou nou viv jan Jezi
mande, fè tout sa ki byen, mennen yon lavi ki dwat pou nou pa kav blanchi, pou
nou pa fo kretyen k’ap fè sa ki mal, ki nan tout move zafè; nou dwe evite
tounen antikris.
Si nou se kretyen ki pa bon, k’ap maske lòt moun yo,
nan denyè jou yo Bondye ap mete nou deyò kòm chen nan wayòm syèl la.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki fè nou sa nou ye
jounen jodi a, fè nou toujou rete vrè patizan Jezikri nan sèvis wayòm ou an. Fè
nou toujou rete fidèl nan tout sa n’ap fè, pou nou pa ap maske lòt yo, pou nan
dènye jou ou kabap rele nou bon e fidèl sèvitè. Ou menm ki vivan e ki wa pou
tout tan gen tan. Amèn.
PWOPOZISYON: Se pou nou al tout kote fè disip pou
Bondye, travay pou Wayom syèl la. Se pou nou toujou rete bon patizan Jezi Fidèl
nan travay nou, mennen yon vi ki pwop pou nou kapab rive fè lot yo gen gou pou
zafè Bondye e fè disip toupatou sou latè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario