Páginas

SAMDI 3

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Nan ane jibile a, tout moun dwe reprann posesyon yo”.
NAN LIV LEVITIK 25, 1. 8-17
Granmèt la pale ak Moyiz nan mòn Sinayi a, li di:
“W’ap konte sèt semèn ane, sa vle di sèt fwa sèt, ki fè ansanm karant-nèf ane; w’a sonnen twonpèt sou setyèm mwa a, dizyèm jou mwa a, tan Padon an, sou tout tè nou an. W’a fè wè kijan senkantyèm ane a sen, w’a deklare delivrans pou tout moun ki abite tè w’ la; se jibile a sa. Chak moun ap tounen nan posesyon l’, chak moun ap tounen nan premye fanmiy li, paske se jibile a, senkantyèm ane a. Pa simen, pa rekòlte fwi ki donnen pou kont yo nan jaden, pa ranmase premye fwi rezen yo, poutèt jibile a sen; men w’a manje ofi a mezi sa k’ genyen nan jaden.
Nan ane jibile a, tout moun ap tounen nan posesyon yo. Lè w’ap vann yon bagay bay moun ki nan peyi avèk ou, oubyen lè w’ap achte nan men l’, pa fè frè w’ la lapenn; men se daprè kantite ane jibile a w’a achte nan men l’, epi se daprè valè fwi yo l’a vann ou. Plis gen ane ki rete anvan lòt jibile a, plis pri a ap vin pi gran; mwens w’a konte tan, se mwens y’a achte chè: se tan fwi yo l’ap vann ou.
Pa fè moun menm fanmiy avèk ou yo lapenn, men se pou chak moun respekte Bondye l’, paske mwen se Granmèt Bondye nou”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 7-8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou, Bondye nou an; Se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
LEVANJIL
“Ewòd voye koupe tèt Jan, disip li yo vini, yo pote nouvèl bay Jezi”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14, 1-12
Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a, tande repitasyon Jezi, li di sèvitè l’ yo: “Sila a, se Jan-Batis; li leve vivan sot nan pami mò yo, se pousa l’ap fè mirak sa yo”.
Sèke Ewòd te arete Jan, li te mete l’ nan chenn, li te mete l’ nan prizon poutèt Ewodyad, madanm frè l’ la. Jan te di l’: “Ou pa gen dwa pran l’ pou ou”. Li te vle touye l’, li te pè pèp la, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
Jou nesans Ewòd la, pitit fi Ewodyad la te danse nan mitan yo, sa te fè Ewòd plezi. Li te fè sèman poutèt sa, li te pwomèt li li t’ap ba l’ nenpòt ki sa l’ ta mande l’. Li menm menm, li pran konsèy nan men manman l’. Li di: “Ban m’ tèt Jan-Batis koulye a menm nan yon plat”. Wa a kontrarye; men poutèt sèman an ak poutèt sila yo ki te sou tab avèk li yo, li pase lòd pou yo bay li; li voye koupe tèt Jan nan prizon an. Yo pote tèt li sou yon plat, yo bay ti fi a, li menm li pote l’ bay manman l’.Disip li yo pwoche, yo pran kò l’, yo antere l’; yo vin anonse Jezi sa.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jan Batis, se dènye pwofèt ke Bondye te rele avan Jezi te vini sou tè a. Jan Batis, se yon pon ki soude de gwo epizòd nan istwa delivrans limanite. Mwen vle pale de Ansyen Testaman ak Nouvo Testaman, oubyen sa yo rele Ansyen Kontra ak Nouvo Kontra. Ki sa ki diferansye de gran epizòd sa yo? Eske tèks pawòl Bondye nou li pou jodi a ta kapab ede nou wè kalite diferans ki genyen ant Ansyen ak Nouvo Kontra a?
Nan Ansyen Kontra, nou plis jwenn yon seri pwomès, pwomès ke Bondye fè pèp li a. Nou jwenn tou anpil pwofèt, kidonk anpil pwofesi. E dènye pwofèt la se Jan Batis, sila a ki te vin pare chemen an, sila ki te vin fè dènye preparasyon pou akeyi Jezi a. Nan yon fason oubyen yon lòt, tout pwofèt yo te kontribiye nan preparasyon vini Granmèt la, men dènye travay la, se Jan Batis ki te fè li antan li t’ap mande moun yo pou yo prepare kè yo, pou yo fè penitans epi li te batize yo nan larivyè Jouden an.
Nan premye moso Labib la, yo pale nou de jibile; se yon mo ki vle di kè kontan, fèt kote moun ap danse. Se yon moman kote moun ap viv nan jistis, kote p’ap gen abi, kote tout egoyis ap kaba, kote p’ap gen moun ki nan lapenn. Pandan plizyè syèk pwofèt yo t’ap anonse jibile sa a. Dènye pwofèt ki t’ap anonse li a, se Jan Batis, sila ki te viktim anba men wa Ewòd la. Ewòd fè yon abi otorite. Li komèt yon asasina.Se yon gwo zak malonèt, plis toujou paske li te fè sa non sèlman pou li montre pouvwa li, men tou li te fè sa pou li te fè plezi yon grenn moun, ki pitit fi Ewodyad, bèlsè li a, paske ti fi a te danse yon dans ki te fè wa a plezi nan jou li t’ap fete anivèsè li.
Frè mwen, sè mwen, misyon nou se pa yon bagay ki fasil non. Nou gen pou nou fè fas ak anpil defi, anpil difikilte. Pafwa nou kapab viktim akoz fantezi yon lòt moun, yo kapab joure nou, pase nou nan betiz, voye wòch sou nou…men bagay sa yo pa dwe ebranle nou, paske menm Jezi te sibi yo tou e li te venk yo. Nou wè kijan Ewòd manje Jan Batis: malgre li te respekte Jan Batis, malgre li te konn pran konsèy nan men li, malgre li te rekonèt li kòm yon nèg onèt, yon nèg ki respektab, li te fè touye li kan menm. Jan Batis mouri mati, e yo sakrifye li menm jan yo touye yon poul. Nan moman kote pwomès Bondye yo te kòmanse reyalize, nan moman jibile a, kote Jezi ap opere anpil mirak tankou geri malad, louvri je avèg yo, louvri zòrèy soudè yo, fè kokobe yo mache, se nan menm moman sa a yo asasinen Jan Batis. Se pou rezon sa lè yo t’ap pale de nonm ki t’ap fè mirak la, Ewòd te panse se Jan Batis ki te resisite. Nan sosyete n’ap viv la, se pa tout moun k’ap vle tande n’ap denonse move konpòtman ki genyen nan sosyete a; menm jan ak Jan Batis nou kapab rive viktim. Men se pou nou kenbe fèm paske viktwa nou an pa lwen.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri souple pran pitye pou nou pou chak fwa nou te yon Ewòd pou frè ak sè nou yo. Ede nou tounen yon Jan Batis ki pa pè denonse move zak k’ap fèt nan sosyete nou an epi ede nou pran mezi pou yo pa kontinye fèt. Malgre menas ak difikilte nou kapab rankontre, ede nou reyalize misyon pwofetik nou kòmsadwa.
 
PWOPOZISYON: Tankou Jan Batis, chèche idanfye move zak ki k’ap fèt lakay ou oubyen nan katye ou pou kapab denonse li, menm si gen moun k’ap leve kont ou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario