Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Koulye a nou delivre anba peche a, nou vin tounen sèvitè
Bondye”.
NAN LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 6,19-23
Frè m’ yo:
M’ap pale
langaj lèzòm poutèt feblès chè nou. Menm jan nou te ofri manb nou yo nan sèvis
sa ki pa pwòp, ki pa kòrèk la, pou mal la, konsa tou koulye a, ofri manb nou yo
nan sèvis jistis la pou nou vin sen.
Lè nou te nan
sèvis peche a, nou te lib parapò a jistis la. Epi ki rezilta nou te jwenn lè sa
a, nan bagay yo k’ap fè nou wont la? Sèke finisman bagay sa yo, se lanmò a.
Koulye a menm nou lib parapò a
peche a, nou vin tounen sèvitè Bondye, nou gen fwi nou nan sa k’ fè nou vin sen
an, finisman an se lavi tout tan an. Epi travay peche a se lanmò; men favè Bondye
a, se lavi tout tan an nan Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se
chans pou moun ki mèt konfyans li nan Granmèt la.
Se chans pou moun, ki pa al
suiv konsèy mechan yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan reyinyon
moun k’ap derespekte Bondye yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki
plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy li p’ap tonbe, tout
sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa
pou mechan yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap vòltije. Sèke
Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin bay lapè men separasyon”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 12, 49-53
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
“Mwen vin voye
dife sou tè a, epi ki sa m’ vle si se pa pou l’ boule. Mwen gen yon batèm pou m’
resevwa, epi se pa ti kras anvi mwen anvi pou l’ reyalize.
Èske nou konprann se lapè mwen
vin bay sou tè a? Non, mwen di nou, men se divizyon. Sèke senk moun nan yon sèl
kay, y’ap divize: twa kont de, epi de kont twa: papa kont pitit, epi pitit kont
papa l’; manman kont pitit fi a, pitit fi a kont manman l’; bèlmè kont bèlfi, epi
bèlfi kont bèlmè.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Mesaj sen Lik ofri nou jodi a
kapab ebranle nenpòt ki moun k’ap li Labib san li pa mande Bondye voye Lespri
bon konprann li a pou klere refleksyon li. Prensip moun k’ap swiv Jezi yo, se
pa yon koze ki fasil, li mande anpil ekzijans ak anpil sakrifis. Jodi a nou wè
Jezi k’ap pale sou yon ton revolisyonè. Li pale nou de dife! Kisa dife a reprezante nan
kontèks sa a? Anpil fwa, lè moun ap fè manifestasyon pou reklame yon dwa ke yo
genyen, nou konn wè yo boule kawoutyou, pou merete barikad; kidonk anwo pa
desann, anba pa monte, tout bagay bloke! Èske se nan sans sa nou dwe konpran dife
Jezi a? Non. Jezi poze nou yon kesyon: èske nou konprann se lapè mwen vin bay
sou tè a? E li ba nou repons lan: non, mwen di nou; men se divizyon. Piga nou
pran mo “divizyon” an nan sans lèzòm men nan yon sans ki trè diferan. Se menm
jan an tou nou sonje Jezi te di nou, li pote pou nou lapè men se pa tankou lapè
mond sa a. Se nan menm sans sa a li kontinye ap pale nou jodi a. Divizyon y’ap
pale nou an, se pa pou moun ki gen Jezi kòm sovè yo deja; men pou tout moun k’ap
mache nan fòs fènwa, li pral divize yo, pou yo ka vin pitit limyè a. An
reyalite yon moun ki nan koripsyon, yon moun k’ap toupizi lòt moun, li bezwen
yon chanjman radikal. Mesaj Jezi a jodi a, se pou li, paske moun sila a bezwen
yon chanjman nan panse li ak nan fason l’ap aji. Dife Sovè a pote sou tè a, se
dife limyè, jistis, mizerikòd. Renmen Bondye a manifeste nan Jezi ki te tounen
moun e ki te pase kèk jou avèk nou. Frè m’ ak sè m’ yo, ann kite kè nou
disponib e dispoze pou n’ resevwa dife chanjman Jezi a nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Jezi Gran Frè
nou, tanpri boukannen nou ak dife w’ la, pou nou kapab gen kè nou pwòp, konsa n’a
fè plis pwogrè sou wout sentete a.
PWOPOZISYON: Jodi a, an pran
konsyans de eta nou pou nou kapab fè yon konvèsyon, pou nou ka rekonsilye ak
Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario