Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Petèt m’a kite ekzanp, si paraza mwen jwenn yon lanmò ki respektab pou lalwa
yo”.
NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 6, 18-33
Jou sa yo:
Eleaza te youn nan pi gran skrib yo;
se te yon moun ki te gen anpil laj, ki te gen bèl aparans. Yo louvri bouch li,
yo fòse l’ manje vyann kochon. Men li menm, li pi pito yon lanmò ki plen glwa
pase yon lavi ki merite yo rayi l’: li pran devan pou l’ al pase mati ak tout
fòs volonte l’. Li te wè kijan li dwe mache, li sipòte avèk pasyans, li te pran
desizyon pou l’ pa aksepte sa ki pa dakò ak lalwa a, si se sa li ta dwe fè pou
sove lavi l’.
Moun yo menm ki te kanpe a, yo te tresayi
ak yon move santiman pitye poutèt yo te zanmi l’ depi lontan; yo pran l’ apa,
yo t’ap sipliye l’ pou l’ fè yo pote vyann li gen dwa manje, pou l’ te fè kòmsi
li t’ap manje nan vyann sakrifis yo jan wa-a te pase lòd la. Pou jès sa-a li ta
fè-a ta kapab delivre l’ sot nan lanmò a, epi poutèt zanmi yo te zanmi l’ depi
lontan, se pousa yo te aji ak bon kè pou li. Men li menm li kòmanse reflechi
sou gran kondisyon laj li ak vyeyès li, avèk sou cheve blanch ki te ba l’
konsiderasyon natirèl, epi sou bon konduit li te genyen depi l’ te tou piti;
daprè règleman lalwa ki sen an, lalwa Bondye fè a, li reponn toutsuit, li di li
vle pou yo voye l’ byen vit anba tè-a.
Li deklare: “Sa pa kadre avèk laj nou
pou nou nan fè sanblan; pou anpil nan jèn jan yo konprann Eleaza a-katrevendizan
travèse nan mòd lavi etranje yo, epi yo menm poutèt sanblan mwen fè-a epi
poutèt yon ti kras tan lavi k’ap peri a, yo ta twonpe, epi konsa mwen ta resevwa
tach sa a avèk lawont sa a pou vyeyès mwen. Reyèlman, menm si mwen chape sot
nan men move tretman lèzòm nan tan koulye-a, men mwen p’ap chape sot nan men Sila
a ki gen tout pouvwa-a, ni antan m’ vivan ni antan m’ mouri. Se pousa antan mwen
kite lavi a avèk kouraj, mwen montre mwen respekte vyeyès la; epi petèt m’ap
kite yon ekzanp pou jèn jan yo, si mwen aksepte yon lanmò ki respektab avèk
tout kè m’, tout kouraj mwen pou lalwa yo ki enpòtan anpil yo, ki sen anpil yo”.
Kon l’ fin di sa, menm lè a, yo
kondui l’ al pase mati. Moun yo menm ki t’ap kondui l’ yo, epi ki te byen dou
yon ti moman anvan, yo vin chanje, yo vin nan kòlè poutèt pawòl yo li di a, yo
te konprann se avèk awogans li te di yo.
Men, pandan l’ap sibi kout fwèt, l’ap
plenn, li di: “Granmèt, ou menm ki gen syans ki sen an, ou byen konnen malgre mwen
ta kapab fè yo delivre m’ sot nan lanmò, m’ap sipòte doulè ki rèd nan kò mwen; epi
nan nanm mwen tou m’ap sipòte yo ak tout kè m’ poutèt krent mwen gen pou ou”.
Se konsa li kite lavi a, antan l’ kite
souvni lanmò kòm ekzanp kouraj ak fòs pa sèlman pou jèn jan yo, men pou tout
moun.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 3, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt la resevwa-m’
Granmèt, se pa ti kras anpil yo
anpil sa yo k’ap fè m’ pase tray la.
Yo anpil ki leve kont mwen, yo
anpil k’ap di nanm mwen:
“Pa gen sove pou li nan Bondye”. R.
Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon,
glwa m’, w’ap leve tèt mwen. Ak vwa m’ m’ap rele kot Granmèt la, li koute m’
antan l’ sou mòn li ki sen an.R.
Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon
somèy, mwen leve, paske Granmèt la resevwa m’. Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’.
Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R.
LEVANJIL
“Pitit moun nan vini pou l’ chèche,
pou l’ sove sa k’ te peri a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 1-10
Lè
sa a:
Jezi
antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Men yon mesye yo rele
Zache, ki te chèf kolektè yo, ki te rich. Li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye;
li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’,
paske li te gen pou l’ pase la.
Lè
Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: “Zache, fè vit, desann,
paske jodi a se nan kay ou mwen gen pou m’ rete”. Li fè vit, li desann, li resevwa
l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di: se kay yon
pechè l’al manje.
Zache
menm kanpe, li di Granmèt la: “Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo;
epi si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis”.
Jezi
menm di l’: “Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit
Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Li pa jann twò ta pou ou
pran desizyon pou ou suiv Jezi. Nou wè ekzanp sa nan lavi Zache. Malgre li te
yon moun ki te kon fè pèp la anpil abi avèk kontribisyon li te konn touche nan
men yo a, li ouvri pòt kè li bay Bondye lè Jezi tal visite l’ lakay li. Se
konsa li konvèti nan yon modèl pou nou jodi a, men jan avèk Elyaza ki te aksepte
lanmò anvan li te dezobeyi lòd Granmèt la. Gen anpil refleksyon nou dwe fè avèk
lavi de (2) gwo nèg sa yo. Zache, nan moman li rankontre avèk Jezi, li pran yon
desizyon pou li chanje lavi l’ radikalman; an menm tan li repare zak malonèt li
te kon fè yo nan volè, nan fè fo resi ak fakti nan biwo kontribisyon an.Lè yon
moun rankontre ak Jezi, li vin tounen yon lòt moun, santiman li vin chanje, kè
li li vin chanje. Lè yon moun rankontre ak Jezi, li pa posib pou li kontinye ap
viv nan peche ak fè sa k’ pa sa, tout lavi li vin chanje.Li se yon moun nouvo,
yon kreyati tou nèf. Kalite nouvote sa pouse li renmen Bondye ak tout kè li epi
li renmen pwochen li tou san kondisyon. Se sa k’ fè li kapab pratike jistis; li ka viv nan solidarite, ak nan pataj.
Elyaza, li menm, li te konn Bondye depi li te timoun, li te toujou vle sèvi l’
ak tout ke l’ pou fè volonte li. Li te konnen trè byen ekzijans lafwa li avèk pwomès
li te genyen avèk Bondye. Malgre li te konnen sa k’ pral rive l’ si li dezobeyi
lòd wa a, li te aksepte mouri pou lafwa l’, li kenbe fèm jiska lanmò l’. Li te
konprann tou li te dwe tounen yon ekzanp pou generasyon ki te pi jèn yo. Lavi
nou kòm kretyen mande nou pou nou konnen kisa Bondye ap tann de nou menm epi
tou pou nou rete fidèl ak li; menm jan tou, nou dwe bay temwayaj nan fason n’ap
viv, paske aksyon nou yo pi elokan pase pawòl nou yo.
LAPRIYÈ: Jezi, ou menm
ki te vini pou ou sove tout moun, tanpri ban m’ lagras pou m’ kapab suiv ou ak
tout kè m’, konsa m’a sèvi ou temwen tout bon.
PWOPOZISYON:Nan jounen jodi a m’ap chache yon moman pou mwen
temwanye lafwa m’ atravè yon jès renmen oubyen yon jès solidarite ak yon moun
ki nesesite sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario