Páginas

VANDREDI 18

Koulè Wouj
VANDREDI SEN
SEREMONI SOUFRANS GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
«Li blese poutèt peche nou yo».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 52, 13-53, 12
Men sèvitè m’ nan ap gen konprann, y’ap leve l’ anlè, y’ap leve l’ byen wo, l’ap anlè nèt. Menm jan anpil moun te sezi osijè ou, konsa figi l’ap san bèlte nan pami lèzòm, ni fòm li nan pami pitit moun yo. L’ap fè anpil nasyon kriye, sou li wa yo ap fèmen bouch yo, paske se bagay yo pa t’ rakonte y’ap wè osijè l’, se sa yo pa t’ tande y’ap gade. Kilès ki kwè sa nou tande a? Bra Granmèt la bay ki moun li devwale?
L’ap leve tankou yon ti kreyòl, tankou rasin ki sot nan tè sèk. Li pa gen aparans ni bèlte, nou te wè l’, li pa t’ gen fòm figi, nou te anvi l’; li te meprize, se dènye nan moun yo, moun soufrans, ki konn maladi, fas li te kòm kache, li te meprize, se pousa nou pa t’ menm gen konsiderasyon pou li.
Reyèlman vre se maladi nou li menm li t’ap pote, se soufrans nou li menm li t’ap pote, nou menm nou te konprann li te tankou yon moun maladi lalèp, yon moun Bondye frape, Bondye rabese. Li menm menm li blese pou peche nou, li frape poutèt krim nou yo, koreksyon lapè nou an sou li, se gras a kote l’ blese yo nou geri.
Nou tout nou te pèdi chemen tankou mouton, chak moun te devye nan chemen pa l’. Granmèt la mete fot nou tout nan li. Li ofri tèt li, paske li vle, li pa louvri bouch, tankou mouton devan moun k’ap koupe lenn li, li ret an silans, li pa louvri bouch li.
Yo fè l’ pase tray, yo kondane l’, yo touye l’. Ki moun k’ap rakonte ras li? paske yo wete l’ sot sou tè vivan yo; poutèt krim pèp mwen an nwen te frape l’. Y’ap ba l’ mechan pou lantèman l’, ak rich pou lanmò l’, malgre li pa t’ fè peche, pa t’ gen manti nan bouch li.
Granmèt la te vle kraze l’ nan maladi. Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon desandans k’ap viv lontan, volonte Granmèt la ap dirije nan men l’. Poutèt nam li te soufri, l’ap wè, l’ap konble. Nan syans li, sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk, l’ap pote peche yo li menm menm.
Se pousa m’ap ba l’anpil moun pou pòsyon pa l’, l’ap separe byen anpil moun ki gen pouvwa, poutèt li te bay lavi l’ nan lanmò, yo te konsidere l’ nan ran kriminèl, epoutan li t’ap pote peche anpil moun yo, li t’ap lapriyè pou sa k’ fè peche yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 30, 2 e 6. 12-13. 15-16. 17 e 25
R/ Papa, nan men ou mwen renmèt lespri m’.
Nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan;
nan jistis ou delivre m’.Nan men ou mwen renmèt lespri m’;
ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Devan tout lènmi m’ yo mwen vin tounen dezonè, ni pou vwazen mwen yo menm, sezisman pou zanmi m’ yo: sa k’ te konn wè m’ deyò, yo sove pou mwen.
Yo bliye m’ nan kè, tankou yon moun mouri; mwen tankou yon veso ki pèdi.R.
Men mwen menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen di: «Se Bondye m’ ou ye, nan men ou destine m’ ye».
Delivre m’ sot nan men lènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou, sove m’ nan kè sansib ou.Aji avèk kouraj, rafèmi kè nou, nou tout ki espere nan Granmèt la.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li aprann obeyisans, li vin tounen kòz delivrans pou tout moun ki obeyi li».
LEKTI LÈT EBRE YO 4, 14-16; 5, 7-9
Kòm nou gen yon gran prèt an chèf, ki antre nan syèl yo, Jezi Pitit Bondye, se pou nou kenbe deklarasyon lafwa a. Sèke nou pa gen yon prèt an chèf ki pa kapab soufri feblès nou avèk nou, yo eseye l’ nan tout bagay menm jan avèk nou, sof peche a. Konsa se pou nou pwoche avèk konfyans kot fotèy bèlte a, pou nou jwenn kè sansib, pou nou jwenn favè nan sekou, nan bezwen.
Nan jou Jezikri t’ap viv nan chè a, li ofri lapriyè avèk plent, avèk gwo rèl, ak dlo nan je l’, kot sila a ki kapab sove l’ sot nan lanmò, li koute l’ poutèt respè l’. Men, malgre se Pitit Bondye li te ye a, li aprann obeyisans, nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan dènye pwen pou l’ te rive a, li vin tounen kòz delivrans tout tan an pou tout moun ki obeyi l’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       

LEVANJIL  
«Yo arete Jezi, yo mare l’».
SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ JAN KI SEN 18, 1-19, 42
Lè sa a:
Jezi sòti avèk disip li yo lòt bò ravin Sedwon an, kote te gen yon jaden, li antre ladan l’, ni disip li yo tou Jida te konn kote a, li menm ki t’ap bay li a; paske Jezi te konn vin la souvan avèk disip li yo.
Konsa, Jida pran twoup la ak sèvitè gran prèt yo ak farizyen yo, li rive la avèk fannal ak flanbo ak zam. Jezi menm, kòm li te konnen tout sa k’ t’a prale rive l’ li pwoche, li di yo: «Ki moun n’ap chèche»?
Yo reponn li: «Jezi moun Nazarèt la».
Jezi di yo: «Se mwen menm». Jida te kanpe la tou ansanm avèk yo li menm ki t’ap renmèt li a. Lè Jezi di yo «Se mwen menm» nan, yo rekile dèyè, yo tonbe atè.
Li poze yo kesyon ankò: «Ki moun n’ap chèche»?
Yo menm yo di: «Jezi moun Nazarèt la».
Jezi reponn: «Mwen te di nou se mwen menm; konsa si se mwen menm n’ap chèche, kite sila yo pati». Se pou pawòl la te kapab reyalize, sa l’ te di a: «Sila yo ou te ban mwen an, mwen pa pèdi youn nan yo».
Simon Pyè menm te gen yon epe, li rale l’, li frape sèvitè gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li. Yo te rele non sèvitè a Malkous.
Jezi menm di Pyè: «Mete epe ou la nan fouwo a: Kalis la Papa a ban mwen an, èske mwen p’ap bwè li»?
«Yo kondui Jezi kot Án dabò».
Twoup la ak kòmandan an ak sèvitè Juif yo arete Jezi, yo mare l’, yo kondui l’ kot Án anvan; se te bòpè Kayif, ki te gran prèt ane sa a. Se Kayif sa a menm ki te bay Juif yo konsèy, ki te di «pito se yon sèl moun ki mouri pou pèp la».
Simon Pyè t’ap suiv Jezi ak lòt disip la. Disip sa a, gran prèt la te konnen l’, li antre avèk Jezi nan lakou gran prèt la. Pyè menm te kanpe nan baryè a sou pa deyò. Lòt disip la sòti, li menm gran prèt la te konnen an, li pale ak fi ki t’ap veye baryè a, li fè Pyè antre. Sèvant la ki t’ap veye baryè a di Pyè: «Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip mesye sa a?
Li menm li di: «Mwen pa ladan l’». Sèvitè yo ak gad yo te kanpe bò brèz dife a, paske te fè frèt, yo t’ap chofe kò yo. Pyè te kanpe avèk yo tou, li t’ap chofe kò l’.
Prèt an chèf la poze Jezi kesyon sou disip li yo ak sou ansèyman l’. Jezi reponn li: «Mwen menm se aklè mwen te pale pou tout moun; mwen menm se tout tan mwen te bay lansèyman nan sinagòg la ak nan Tanp la, kote tout Juif yo vin rasanble a, an kachèt mwen pa di anyen. Pouki sa w’ap poze m’ kesyon an? Entèwoje yo, yo menm ki te koute sa m’ te di yo; men yo menm yo konnen sa m’ te di mwen menm».
Kon l’ di sa, youn nan sèvitè yo ki te kanpe la a bay Jezi yon souflèt, li di: «Se konsa ou reponn gran prèt la»?
Jezi reponn li: «Si m’ mal pale, bay prèv ki sa k’ mal la; men si m’ byen pale, pouki sa ou frape m’ nan?
Án voye l’ tou mare bay Kayif gran prèt.
«Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo? Mwen pa ladan l’». Simon Pyè te kanpe, li t’ap chofe kò l’, yo di l’: «Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo?» Li menm li nye li di: «Mwen pa ladan l’».
Youn nan sèvitè prèt an chèf yo, fanmi sa Pyè te koupe sòrèy li a, li di l’: «Èske mwen menm menm mwen pa t’ wè ou nan jaden an avèk li»? Pyè menm nye ankò, epi menm lè a kòk la chante.
«Peyi-wa m’ nan pa sot sou tè sa a»
Yo kondui Jezi sot kay Kayif al nan palè a. Se te granmaten.Yo menm yo pa antre nan palè a, pou yo pa sal, pou yo kapab manje Pak la. Pilat sòti deyò kote yo, li di: «Ki akizasyon nou pote kont mesye sa a»? Yo pran lapawòl yo di l: «Si se pa yon malfetè sila a te ye, nou pa ta ba ou li».
Pilat di yo: «Pran l’ nou menm, jije l’ daprè lalwa nou an».
Juif yo di l’: «Nou pa gen dwa touye pèsòn». Se pou pawòl Jezi a te kapab reyalize, sa l’ te di pou l’ montre ki kalite lanmò li te gen pou l’ te mouri a.
Konsa Pilat antre ankò nan palè a, li rele Jezi, li di l’: «Èske ou se wa Juif yo»?
Jezi reponn: «Èske se ak pwòp fòs ou ou di sa, oubyen se dòt moun ki te di ou sa sou mwen»?
Pilat reponn: «Èske m’ se Juif mwen menm? Nasyon ou nan ak gran prèt yo renmèt ou ban mwen: ki sa ou fè»?
Jezi reponn: «Peyi-wa m’ nan pa sot sou tè sa a.Si peyi-wa m’ nan te sot sou tè sa a, sètènman sèvitè m’ yo ta batay pou yo pa bay mwen nan men Juif yo; koulye a peyi-wa m’ nan pa isit la»?
Pilat di l’: «Èske se wa ou ye»?
Jezi reponn: «Ou di l’: se wa mwen ye. Mwen menm se pou sa mwen fèt, se pou sa mwen vini sou tè a, pou m’ sèvi laverite a temwen: tout moun ki disip laverite a, yo koute vwa m’».
Pilat di l’: «Sa k’ laverite a»?
Kon l’ fin di sa, li sòti ankò kot Juif yo, li di yo: «Mwen menm mwen pa jwenn okenn kòz nan li. Se yon abitid pou nou, pou m’ lage yon moun ba nou pou Pak la; èske nou vle pou m’ lage wa Juif yo ba nou»?
Yo leve vwa yo ankò yo tout, yo di: «Pa sila a, men Barabas». Barabas la se te yon asasen.
«Sali, wa Juif yo»
Lè sa a atò, Pilat pran Jezi, li fè bat li. Sòlda yo trese yon kouwòn ak pikan, yo mete sou tèt li, yo vlope l’ ak yon manto wouj.Yo vin devan l’, yo t’ap di: «Sali, wa Juif yo»; epi yo t’ap ba l’ souflèt.
Pilat sòti ankò, li di: «Mwen mennen l’ deyò ba nou, pou nou konnen mwen pa jwenn okenn kòz nan li». Jezi sòti, antan l’ pote kouwòn pikan an ak rad wouj la.
Li di yo: «Men moun nan».
Lè gran prèt yo ak sèvitè yo wè l’, yo rele byen fò, yo di: «Kloure l’ sou kwa, kloure l’ sou kwa».
Pilat di yo: «Pran l’ nou menm kloure l’ sou kwa; mwen menm mwen pa jwenn kòz nan li».
Juif yo reponn li: «Nou menm nou gen yon lalwa, daprè lalwa a, se pou l’ mouri, paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye».
Lè Pilat tande pawòl sa a, li vin pi pè ankò. Li antre nan palè a ankò, li di Jezi: «Kote ou sòti»? Jezi menm pa reponn li anyen. Pilat di l’: «Ou pa pale avèk mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa kloure ou sou kwa, epi mwen gen pouvwa lage ou»?
Jezi reponn: «Ou pa ta gen okenn pouvwa kont mwen, si yo pa t’ ba ou sa sot anwo. Se pousa sila a ki renmèt mwen nan men ou nan, li fè yon pi gran peche».
«Wete l’, wete l’ kloure l’ sou kwa».
Depi lè sa a, Pilat t’ap chèche lage l’. Juif yo menm t’ap rele byen fò, yo t’ap di: «Si ou lage moun sa a, ou pa zanmi Seza, paske tout moun ki deklare l’ wa, li kont Seza». Pilat menm, lè l’ tande sa yo, li kondui Jezi deyò li fè l’ chita sou fotèy tribinal la, kote yo rele Litostwotòs la, nan langaj ebre se Gabata. Se te preparasyon Pak la, li te midi.
Li di Juif yo: «Men wa nou an».
Yo menm yo pouse rèl byen fò: «Wete l’, wete l’, kloure l’ sou kwa».
Pilat di yo: «Wa nou an pou m’ ta kloure sou kwa»?
Prèt an chèf yo reponn: «Nou pa gen dòt wa pase Seza». Lè sa a atò, li renmèt li nan men yo pou yo kloure l’ sou kwa.
«Yo kloure l’ sou kwa, epi de lòt avèk li».
Yo pran Jezi, yo sòti avèk li. Li pote kwa a li menm menm, 1’ale kote yo rele kalvè a, nan langaj ebre se Gòlgota, se la yo kloure l’ sou kwa; avèk li te gen de lòt, youn yon bò, lòt la lòt bò a, Jezi menm nan mitan. Pilat te ekri rezon kondanasyon an, li te poze l’ sou kwa a. Men sa k’ te ekri. «Jezi Nazarèt, wa Juif yo». Fraz sa a, anpil Juif te li l’, paske kote yo te kloure Jezi sou kwa a te tou pre lavil la, epi yo te ekri l’ nan langaj ebre, grèk ak laten.
Gran prèt Juif yo t’ap di Pilat: «Pa ekri wa Juif yo, men sila a di: «Mwen se wa juif yo».  Pilat reponn: «Sa m’ fin ekri, li ekri».
«Yo separe rad li».
Sòlda yo menm lè yo fin kloure l’ sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pòsyon, yon pòsyon pou chak sòlda, epi rad long nan. Rad long sa a te fèt san kouti, li te file alamen nèt, depi anwo jous anba. Youn di lòt: Nou p’ap chire l’, men n’ap tire l’ osò pou nou wè ki moun k’ap jwenn li». Se pou pawòl labib la te kapab reyalize, sa k’ di: «Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò». Sòlda yo, se sa yo fè.
«Men pitit ou. - Men manman ou».
Tou kole kwa Jezi a, manman l’ te kanpe, ni sè manman l’ nan, Mari Kleofas, ak Mari Madlèn. Lè Jezi wè manman l’ ak disip li te renmen an ki kanpe, li di manman l’: «Madanm, men pitit ou»; aprè sa, li di disip la: «Men manman ou». Depi lè sa a, disip la resevwa l’ lakay li.
«Tout bagay fin reyalize»
Aprè sa, Jezi konnen tout bagay fin reyalize, pou sa l’ ekri a te kapab reyalize, li di «Mwen swaf». Te gen yon veso plen vinèg ki te depoze la; yo menm yo pran yon eponj plen vinèg, yo mete nan pwent yon branch izòp, yo pwoche l’ bò bouch li. Lè Jezi pran vinèg la, li di: «Tout bagay fini». Li bese tèt li, li renmèt lespri a.
(Isit la, yo fè jenifleksyon, yo poze yon ti moman)
Juif yo menm, kòm se te preparasyon Pak la, pou kò yo pa rete sou kwa a jou saba a, (sèke se te gran jou saba jou sa a), yo mande Pilat pou yo kraze janm yo, pou yo wete yo. Sòlda yo vini, yo kraze janm premye a ak lòt la ki te kloure a avèk li a. Men lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kraze janm li, men youn nan sòlda yo louvri kòt li ak pik li a, menm lè a dlo ak san sòti.
«Yo mare kò Jezi ak bann twal avèk losyon».
Aprè bagay sa yo, Jozèf moun Arimati a, mande Pilat pou l’ wete kò Jezi, se disip Jezi li te ye, men an kachèt paske li te pè Juif yo. Pilat ba l’ pèmisyon. Li rive, li pran kò Jezi.
Nikodèm rive tou, li menm ki te vin kot Jezi nannuit premye fwa a, li pote yon melanj lami ak alwès, apeprè san liv. Yo pran kò Jezi, yo mare l’ ak bann twal avèk losyon yo, jan Juif yo abitye antere mò yo. Te gen yon jaden kote yo te kloure Jezi sou kwa a; nan jaden sa a te gen yon kavo tou nèf, kote yo pa t’ ko met pèsòn, se la yo mete Jezi akòz preparasyon Pak Juif yo, paske kavo a te tou pre. Se la yo te mete Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap sonje jan Jezi te mouri pou nou, jan l’ mouri pou sove nou, pou ba nou lavi. Men, ki sa sa vle di ?  Pou ki lamò yon moun se lavi pou nou ? Pafwa, nou di se dèt pa nou Jezi te peye ak lavi li. Li mouri nan plas nou. Men lè nou di sa, se kòm si Bondye te yon Bondye vyolan, ki bezwen wè yon moun mouri pou li ka satisfè. Se pa Bondye sa a Jezi montre nou nan Levanjil la.  Okontrè, Bondye se yon Bondye ki konn padone peche nou akòz renmen li renmen nou. Si l’ padone nou, se pa achte nou ka achte padon sa a, menm avèk san yon moun. Pito nou konprann lamò Jezi nan yon lòt sans. Lè l’ mouri pou nou, antan ke Bondye, l’ap montre nou jis ki bò l’ap bay tèt li pou nou. Tèlman li renmen nou, li dakò bay lavi li pou nou. Antan ke moun, l’ap fè Bondye konfyans nèt, menm lè li pa konprann sa k’ap rive li, men l’ap obeyi volonte Granmèt la.Se konsa Jezi sove nou lè l’ mouri pou nou. Li montre nou Granmèt la konnen tout soufrans ak tout mizè nou, li la ansanm avèk nou, nan moman pi difisil yo, menm nan lamò.Epi tou l’ap ba nou ekzanp pou nou pran kouraj nan moman difisil yo. Men vrè sans Vandredi Sen an, se nan Dimanch Pak nou kapab jwenn li. Se lè Jezi leve byen vivan apre l’ te mouri, nou ka fin konprann sans lamò li a pi byen. Lè Jezi mouri, li kraze lamò, paske li montre nou lanmou pi fò pase lamò. Li montre nou nou pa bezwen pè anyen, depi n’ap viv nan renmen li a.
LAPRIYÈ : Mèsi Jezi, paske sa ou te fè pou nou, pa gen pri, se pwòp tèt ou ou bay pou nou. Tanpri, louvri kè mwen, pou m’ kapab resevwa renmen w’ lan. Louvri lespri mwen, pou m’ kapab konprann vrè sans kado ou fè nou an. Louvri bouch mwen, pou m’ ka anonse bòn nouvèl la. Louvri men m’, pou m’ ka al jwenn moun ki bezwen konnen ke ou pa abandone yo.  Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap pase jounen an an silans ak nan lapriyè.  M’ap sonje sa Jezi te fè pou mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario