Koulè Blan
DIMANCH ANNDAN SÉMÈN NESANS
GRANMÈT LA,
FANMI JEZI, MARI AK JOZÈF KI
SEN AN
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki respekte Granmèt la, li gen
konsiderasyon pou paran l’ yo”
NAN LIV SIRASID 3,3-7. 14-17a
Bondye fè papa a jwenn konsiderasyon nan pitit yo, li asire jijman
manman an sou pitit yo. Moun ki renmen Bondye, l’ap jwenn padon pou peche yo,
l’ap kenbe kò l’ lwen yo, nan lapriyè chak jou l’ap jwenn sa l’ap mande a. Epi,
tankou moun k’ap ranmase richès, se konsa moun ki gen konsiderasyon pou manman
l’; moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap jwenn kontantman nan pitit yo,
jou lapriyè l’, l’ap jwenn sa l’ mande a. Moun ki gen konsiderasyon pou papa
l’, l’ap viv lontan; moun ki obeyi papa a, l’ap rafrechi kè manman an. Pitit
mwen, sipòte vyeyès papa ou, pa fè l’ lapenn nan lavi l’; epi si lespri l’
febli, padonnen l’, pa meprize l’ nan fòs ou a; yo p’ap bliye charite ou fè
papa a; nan plas peche manman an se byen y’ap renmèt ou, y’ap bati l’ pou ou nan
jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3.
4-5
Se chans pou moun ki
respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se chans pou tout moun ki
respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, sa
ap bon pou ou.R.
Madanm ou tankou pye
rezen ki byen donnen sou miray lakay ou;
pitit ou yo tankou jèn ti
pye oliv toutotou tab ou a.R.
Men
se konsa moun nan beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Granmèt la ap beni ou
sot nan Siyon,
W’ap wè byen Jerizalèm
yo toulejou lavi ou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Lavi fanmi an nan
Granmèt la”
NAN LÈT APOT PÒL KI
SEN POU KOLOSYEN YO 3,12-21
Frè m’ yo:
Tankou moun Bondye chwazi, ki sen, moun li renmen,
abiye nou ak zantray kè sansib, bon jan, santiman ki fè nou rabese tèt nou,
senplisite, pasyans, antan nou youn sipòte lòt, antan nou youn padonnen lòt; si
youn gen yon ti kont pou l’ regle ak lòt la: tankou Granmèt la te padonnen nou,
se konsa pou nou fè nou menm tou, epi anlè tout bagay, se pou nou gen charite
sa a ki chenn nan, k’ap fè nou fin bon nèt la, se pou kè poze Jezikri danse nan
kè nou, se pousa menm yo te rele nou nan yon sèl kò, epi di Bondye mèsi.
Se pou pawòl Jezikri a abite nan nou an kantite, nan
tout kalite bon konprann, se pou youn bay lòt lansèyman, pou youn bay lòt
avètisman avèk sòm, chante sakre, kantik Lespri a, se pou nou chante pou Bondye
nan kè nou nan favè a; tout sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon, se pou nou
fè yo tout o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa
lentèmedyè l’.
Medam yo, se pou nou obeyi Mari nou, jan sa dwe fèt,
nan Granmèt la. Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, pa fè move jan avèk yo.
Ti moun yo, se pou nou obeyi paran yo nan tout bagay; se sa ki fè Granmèt la
plezi. Papa yo, pa ekssite pitit nou yo, pou nou pa dekouraje yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan
Lejip”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2,
13-15. 19-23
Lè
Maj yo tounen, men Mesaje Granmèt la parèt nan rèv devan Jozèf, li di: “Leve,
pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Lejip; rete laba-a joustan m’a di
ou: sèke Ewòd a pral chèche pitit la pou l’ touye li”. Li leve,
li pran pitit la ak manman l’ nan nuit la, li pati nan Lejip. Li te rete laba-a
joustan Ewòd mouri, pou sa.Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab
reyalize: “Mwen rele pitit mwen an sot Lejip”.
Lè Ewòd fin mouri, men Mesaje Granmèt la parèt nan
rèv devan Jozèf nan Lejip la, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, al nan
peyi Izrayèl la, sèke yo mouri, sila yo ki t’ap chèche lavi pitit la. Li leve,
li pran pitit la ak manman l’, li rive nan peyi Izrayèl.
Lè l’
tande se Akealous ki t’ap kòmande nan Lajide nan plas Ewòd papa l’, li pè al
la; li jwenn avètisman nan rèv, li pati nan rejyon Galile yo. Lè l’ rive, li
abite nan yon vil yo rele Nazarèt, pou sa Bondye te di pa lentèmedyè Pwofèt yo
te kapab reyalize: “Y’ap rele l’ Nazareyen”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Aprè nou fin fete bèl fèt nwèl la, kote nou
te resevwa Jezi nan kè nou, Legliz la ap prezante nou bèl fanmi Nazarèt la, ki
se fanmi Jezi, Mari, ak Jozèf.
Lavi fanmi, se sa ki pwen santral litiji jodi
a. Nan premye moso labib la, liv Eklezyas la ofri nou yon seri konsèy sou kòman
pitit dwe renmen epi respekte manman ak papa yo. Nan tradisyon peyi jwif la,
respekte ak renmen paran parèt tankou yon devwa relijye nan je Bondye. Nan sòm
128 la, nou wè kòman moun ki gen krentif pou Bondye resevwa anpil benediksyon.
Nan dezyèm moso labib la, Sen Pòl ap fè moun
Kolòs yo sonje tout bon santiman Bondye depoze nan yo, konsa youn dwe padone lòt,
youn dwe renmen lòt.
An menm tan an tou, l’ap ekzòte chak manb nan
fanmi yo, kòman pou youn konpòte li pa rapò ak lòt la; madanm pa rapò avèk mari
mari ak madanm, pitit avèk paran epi paran avèk pitit yo.
Pi devan nan levanjil la, nou wè kòman fanmi
Nazarèt la reprezante yon modèl pou nou, nou wè kòman yo te met tèt yo ansanm
pou yo te rezoud tout pwoblèm, tout difikilte ki te prezante nan fanmi an,
tankou sa nou li nan levanjil la jodi a. Jozèf pa t’ di Mari, se ou ki manman,
m’ pa konn afè w’, se ou ki pou kouri ak pitit ou ni Mari pa t’ di Jozèf :
se ou ki gason, degaje w’ pou kont ou. Sitiyasyon an
te konsène yo tou lè de, malè a te pandye sou tèt yo toulède, donk yo te mete
ansanm pou yo defann fanmi yo.
Se a travè fanmi sa Pitit Bondye a te tounen
moun pou l’ te ka sove nou. Nan fanmi sa a, Jezi te jwenn tout bon edikasyon ki
fè li te grandi ak anpil sajès.
Donk mesye yo, nou dwe pran egzanp sou Jozèf,
kòman li te pran responsabilite l’ pa rapò ak fanmi sa a. Medam yo, nou dwe
pran ekzanp sou Mari ki pa t’ fè bak devan pwoblèm, devan soufrans ke fanmi an
t’ap andire, men ki te mare ren l’ pou l’ te fè fas ak tout difikilte.
Timoun yo dwe pran ekzanp sou Jezi nan fason
yo dwe viv ak paran yo, nan obeyisans ak nan renmen. Si nou pran fanmi Jezi,
Mari ak Jozèf la kòm modèl nou n’a rive gen yon vrè fanmi ki bati sou renmen ak
respè youn pou lòt.
LAPRIYÈ :
Granmèt Jezi, ou menm ki te ba nou bèl fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl
pou nou te swiv, fè fanmi nou yo mete ekzanp sa a an pratik, fè nou toujou
dispoze pou nou aprann ede lòt nan fanmi nou yo ; konsa n’a rive tounen
yon modèl pou lò fanmi k’ap viv bò kote nou. Amèn
PWOPOZISYON : Pwofite Fèt Sent fanmi an pou nou evalye pwòp fanmi nou antan
nou chita ak tout manb yo epi tande opinyon yo chak, pou nou kapab fini ak tout
ti enkonpreyansyon, divizyon, zizani.
No hay comentarios:
Publicar un comentario