Koulè Blan
JAN KI SEN, Apot, Evanjelis
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Sa nou wè a ak sa nou tande a, nou anonse nou li”
KÒMANSMAN PREMYE
LÈT APOT JAN KI SEN 1, 1-4
Nou menm mwen
renmen anpil la:
Sa k’ te nan kòmansman an, sa nou te tande a, sa nou te wè ak je nou yo,
sa nou te konsidere a, sa men nou te touche a nan pawòl lavi a; Lavi a
manifeste, nou wè, nou sèvi temwen, nou anonse nou lavi tout tan an, ki te kot
Papa a epi ki parèt devan nou an. Sa nou wè a, nou tande a, nou anonse l’ ba
nou, pou nou kapab gen patisipasyon avèk nou, pou patisipasyon nou avèk Papa a
avèk Pitit li a, Jezikri. Nou ekri nou bagay sa yo pou nou gen kè kontan, pou
kè kontan nou an plen nèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6. 11-12
R/ Fete
nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’, jistis ak jijman se platfòm twòn li.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè
a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè glwa l’.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la, ak kè kontan pou kè ki dwat yo,
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo,
fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Lòt disip sa a kouri devan pi vit pase Pyè, li rive
an premye bò kavo a”
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 2-8
Premye jou semèn
nan, Mari Madlèn kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmn an,
li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoze li”.
Pyè sòti, ni lòt
disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou le de ansanm, lòt disip sa
a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè
bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive
tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak mouchwa ki te
sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò lòt disip sa a antre, li menm ki te
vin an premye bò kavo a, li wè, li kwè.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye moso Labib la
Apot Jan ke n’ap fete jodi a vin di nou ke Jezi Pitit Bondye a te deja ekziste
anvan tout bagay. Se “Lavi tout tan, ki te kot Papa a epi ki parèt devan
nou an”. Avèk Jezi Bondye vin vizite nou. Li fè l’ tounen moun pou l’ kapab vin
viv nan mitan nou. Li vini tou pou l’ te ka montre n’ chemen kote Papa a ye a.
Avèk Jezi, Bondye vin fè yon lòt Alyans avèk pèp li a. Se poutèt sa moun ki
tande pawòl li a ap gen lavi ki p’ap janm fini an, paske Bondye n’ap sèvi a se
Bondye lavi li ye; se li menm ki sous lavi a. Men malerezman lèzòm pa resevwa
l’; yo pa rekonèt se Pitit Bondye li ye’ se poutèt sa yo klouwe l’ sou yon kwa.
Men Bondye
Granmèt ki gen tout pouvwa fè l’ leve byen vivan pami mò yo.
Se Bòn nouvèl
sa a nou jwenn nan Levanjil la ki envite nou viv fèt Nwèl la, ki vle di Jezi
Pitit Bondye a vin viv nan mitan nou. Se menn Jezi sa a ke nou pral touye sou
kwa a men Bondye ap fè l’ leve byen vivan. Se konsa Levanjil la di nou ke Mari
Madlèn al jwenn Apot Pyè ak Jan (disip Jezi pi renmen an), li di yo ke gen moun
ki gen lè volè kò Jezi kote li te antere a, paske li pa jwenn li. Apot yo kouri
al nan kav la, Pyè antre an premye epi Jan suiv li; se konsa jan Mari madlèn te
di a, yo rive nan kavo a, yo pa jwenn kò Jezi. Se lè sa a disip Jezi pi renmen
an vin sonje tout pawòl Jezi te di yo anvan li te mouri. Se lè sa a li di Pyè
ke Granmèt pa nan kav la, li leve byen vivan, li pa nan mitan mò yo, li monte
l’al jwenn Papa a jan li te di nou an. Se Bòn Nouvèl sa a li voye n’ al bay
tout patizan yo. Menm jan ak Apot Pyè ak Jan ke n’ap fete jodi a, Bondye voye
nou pote Bòn Nouvèl sa toupatou pou nou kapab envite tout moun prepare kè yo
pou yo reseswa Jezi Pitit Bondye k’ap vin viv nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki louvri sekrè
Pawòl ou a ba nou pa lentèmedyè apot Jan ki sen, tanpri, sa li menm li te vide
nan zòrèy nou si tèlman byen an, fè nou sezi l’ avèk fòmasyon entelijans ki gen
kapasite. Tanpri ede n’
bati ansanm yon sosyete kote lanmou ak lajistis kapab triyonfe. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan m’ap
prepare mwen pou mwen akeyi Pitit Bondye a k’ap vin nan kè mwen chak jou epi ki
gen pou vini kòm Jij pou jije tè a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario