Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Moun
Niniv yo chanje konduit sot nan move chemen yo".
NAN
LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Rive
pawòl Granmèt la di Jonas: "Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la
mwen te pale w’ la ladan l’".
Jonas
leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv se yon gran vil ki te mande twa
jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan yon
jounen; li rele byen fò, li di: "Aprè karant jou, Niniv ap detwi".
Moun
Niniv yo kwè nan Bondye, yo preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an
jous pi piti a. Pawòl la rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li
wete rad li, li abiye ak yon sak, li chita nan sann. Li fè deklarasyon, li pale
nan Niniv, nan bouch wa a ak chèf li yo, li di:
"Ni
moun ni bèt, ni bèf, ni mouton p’ap goute anyen, p’ap manje zèb, p’ap bwè dlo;
y’ap kouvri ak sak, ni moun ni bèt, y’ap rele kot Granmèt la avèk fòs, se pou
chak moun kite move chemen l’ ak peche l’, ki nan men l’. Kilès ki konnen si
Bondye p’ap chanje, si l’ p’ap padonnen, si l’ p’ap tounen sot nan chalè kòlè
l’ la, pou nou pa peri"?
Bondye
wè aksyon yo, kijan yo chanje sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè
malè li te di li t’ap fè a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4.
12-13. 18-19.
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa
meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè
sansib ou; daprè jan w’ sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot
nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye,
refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen w’
nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis,
sakrifis antye, si m’ ofri l’ li p’ap fè ou plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon
lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye, ou p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
''Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt
siy pase siy Jonas la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 11, 29-32
Lè sa a:
Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi
kòmanse di: " Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy,
men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Sèke menm jan Jonas te sèvi
moun Niniv yo kòm siy nan, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon
sa a.
Larèn peyi ki nan Sid la ap leve jou
jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li vin sot
nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epoutan gen plis pase Salomon isit
la.
Moun
Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’,
paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit
la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON : Nan
Levanjil jodi a, Jezi envite moun ki t'ap koute l' yo konvèti epi fè jèn. Li ba yo
ekzanp vil payèn Niniv la, ki te konvèti aprè ke te yo te fin koute mesaj
pwofèt Jonas la.
Istwa Jonas la rakonte n'
kijan Bondye te voye l' al preche, lakay lènmi an, payen nan vil Niniv yo.
Jonas, nan egoyis li, te refize ale e li te pran lòt direksyon. Bondye, nan kè
sansib li pou moun Niniv yo, te chwazi fè li ale avèk èd yon gwo pwason, pou li
preche moun yo vrè chemen lavi a.
Jodi a se pa Jonas, men se
Legliz la Bondye mande pou fè travay li a. Tèks jodi a yo fè nou konprann ke
Legliz la toujou an misyon. Bondye bay li misyon pou li ale kote sila yo ki
poko konvèti yo. Nan tèks la nou ka wè kijan langaj pwofèt la vyolan, nan sans
ke li mande nou pou nou konvèti, fè penitans, wayòm Bondye a tou pre... genyen
ijans!... nan yon mwa se kapab twò ta! E nou wè tou san ke pèp Niniv la pa t’
pran tan yo te konvèti e yo te kòmanse fè jèn. Chak moun te repanti, yo te
chanje move konduit yo te genyen. Mwen
rete kwè ke Bondye vle fè nou menm envitasyon sa a jounen jodi a tou. Li vle ke
nou chak chanje atitid, chanje mantalite, chanje vizyon nou de lavi a.
Sa pèp Niniv la, malgre predikasyon anpil pwofèt ak gran
prèt, pa te janm fè – konvèti tout bon – tout moun ansanm rive fe l’ pandan yon
jou gras a mesaj yon sèl grenn pwofèt ki pase nan tout vil la.
Sa a se mesaj ke Bondye vle ban nou jodi a, li posib pou
nou chanje malgre kondisyon lavi nou, yon sèl jou pa twò piti si nou vle kite
mesaj li a travèse tout kè nou.
Lè Bondye te wè kijan moun yo
te aji, le te renonse ak chatiman ke li te sere pou yo a. Bondye pa pran plezi
nan fè pitit li yo soufri. Li
toujou swete ke nou viv nan renmen ak lapè.
Tout tèks nou li Jodi a, yo vle fè nou wè yon sèl bagay:
Moun Niniv yo pral kapab viv byen; konvèsyon yo a pral fè yo viv nan kè kontan
ak lajwa, se yon vi ki pa gen parèy. Menm jan ak moun Niniv yo, Bondye envite
nou chanje aksyon mal nou yo an byen pou nou ka rive viv an pè.
LAPRIYÈ : Granmèt, pandan tan karèm sa a, ban ou fòs pou lite kont tout fòs
lanmò. Ede nou reziste ak tantasyon mond lan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Lapriyè pou lite kont satan. Ede yon moun ki bezwen
konkou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario