Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Èske volonte m’ se lanmò moun
ki pa kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’
viv"?
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa Granmèt Bondye a di:
"Si moun ki pa kòrèk la fè penitans
sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li
fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’ te fè pa kòrèk yo, yo p’ap
sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv. Èske volonte m’ se lanmò moun
ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a, èske se pa pou l’ chanje sot nan
chemen l’ yo, pou l’ viv?
Sèlman
si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè
tout kalite peche moun ki pa kòrèk la konn fè yo, èske l’ap viv? Tout jistis li
yo li te reyalize yo, yo p’ap sonje yo; se nan revòlt li fè a, ak nan peche li
fè a, se nan yo l’ap mouri.
Epi
n’ap di: "Chemen Granmèt la pa dwat". Koute non, kay Izrayèl: Èske se
chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito chemen pa nou yo ki move?
Sèke
si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri
nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk li fè yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la
vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap
fè nam li jwenn lavi; sèke antan l’ ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè
ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 4c-6.
7-8 (r.: 3)
R/Si
ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan
bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou
panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt,
Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte
ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la.
Plis
pase yon santinèl k’ap espere devan-jou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske
kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre
Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
"Al kòmanse rekonsilye ak frè ou
la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
MATYE 5, 20-26
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Si
jistis nou pa depase pa pwofesè yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl
yo.
Nou
te tande yo te di ansyen yo: «Pa touye»; paske moun ki touye, li merite jijman.
Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di
frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan
dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan
lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado ou
la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè ou la anvan; aprè sa w’a
vini, w’a ofri kado ou la.
Mete ou dakò avèk lènmi ou nan byen
vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi ou nan pa renmèt ou nan men jij la,
pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite mwen
di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, Granmèt la k’ap pale de sa k’ap pase nan kè nou an, li ankouraje nou
konvèti. Kòmandman an di «Pa touye» (Mt 5, 21); men Jezi ap fè nou sonje gen
plizyè fason nou ka touye lòt yo. Nou ka detwi lavi lòt yo lè nou pa kontwole
kòlè nou kont yo oubyen si nou joure yo (cf. Mt 5, 22).
Granmèt la rele nou pou nou
tounen moun serye, moun ki konsekan: «kite kado ou la la menm
devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè ou la anvan» (Mt 5,24). Lafwa nou
selebre nan litiji a, li dwe reflete nan lavi n’ap viv chak jou e li dwe afekte
fason n’ap viv. Se pou sa Jezi mande nou rekonsilye ak lènmi nou yo. Premye pa
nou fè sou chemen rekonsilyasyon an, se lè nou priye pou lènmi nou yo, tankou
Jezi te mande sa. E si sa ta parèt difisil pou nou, li ta bon pou nou panse ak
imaj Jezi ki mouri sou lakwa a pou tout moun ki rayi nou yo. Si nou te santi
lòt yo te vrèman blese nou, an nou priye Granmèt la pou li geri maleng nou an
epi pou nou jwenn gras pou nou padone.
Tankou Pap Benwa XVI te ekri: « Nou pa kapab kominike ak
Granmèt la, si nou pa kominike antre nou. Si nou vle parèt devan li, nou dwe
bouje tou pou youn ka al rankontre lòt. Se pou sa nou dwe aprann gwo leson
padon an: nou pa dwe kite santiman vanjans wonje nanm nou, men se pou nou ouvri
kè nou ak jenewozite pou koute lòt la, ouvri kè nou pou konprann lòt yo nan
feblès epi akeyi ekskiz yo ak yon kè mizerikòd.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ konprann
limit mwen ak feblès mwen pou mwen ka aprann padone tout bon vre.
PWOPOZISYON:
Si ou gen yon lènmi, chèche
rekonsilye ak li, pou w’ manifeste mizerikòd Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario