Páginas

DIMANCH 26

Koulè blan
KATRIYÈM DIMANCH PAK, ANE- B
PREMYE LEKTI
«Pa gen sove nan pèsòn lòt moun»
LEKTI TRAVAY APOT YO 4, 8-12
Jou sa yo:
Pyè plen ak Espri Sen an, li di: "Chèf pèp la ak ansyen yo, koute. Si jodi a y’ap jije nou pou yon byenfè ki reyalize pou mesye enfim nan, si nou bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout pèp Izrayèl la, se o non Granmèt nou Jezikri moun Nazarèt la, sa a nou te kloure sou kwa a, li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sa a kanpe devan nou li geri.
Li menm menm se wòch la, nou menm bòs mason yo nou te rejte a, ki vin tounen tèt kwen an; pa gen sove nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non anba syèl la yo bay lèzòm, ki pèmèt nou sove".
SÒM REPONS 117. 1 e 8-9. 21-23. 26 e 28cd e 29
R/ Wòch la bòs mason yo rejte a, li vin tounen tèt kwen an.
Fè lwanj pou Granmèt la, paske li bon, paske kè l’ sansib pou tout tan.
Li bon pou nou kache nan Granmèt la, pase pou nou met konfyans nan moun.
Li bon pou nou kache nan Granmèt la pase pou nou met konfyans nan chèf.R.

M’ap fè lwanj ou, paske ou koute m’, ou tounen delivrans pou mwen.
Wòch la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an;
Se nan Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.

Konpliman pou sa a k’ap vini o non Granmèt la. N’ap fè konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la. Se Bondye m’ ou ye, m’ap fè lwanj ou, Bondye m’, m’ap leve ou anlè, fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, paske se pou tout tan kè sansib li ye.R.
DEZYÈM LEKTI
"N’ap wè Bondye jan l’ ye"
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3,1-2
Nou menm mwen renmen anpil la:
Gade ki kalite renmen Papa a ba nou, joustan yo rele nou pitit Bondye epi se sa menm nou ye. Se pou sa tè a pa konnen nou, paske nou konnen l’. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a nou se pitit Bondye, sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen lè l’ap parèt, n’ap sanble avèk li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a.
LEVANJIL
"Bon gadyen an bay lavi l’ pou mouton l’ yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 10, 11-18
Lè sa a: Jezi di:
Mwen se bon gadyen an. Bon gadyen an bay lavi l’ pou mouton l’ yo. Men anplwaye a ak sa a ki pa gadyen an, sa mouton yo pa pou li a, lè l’ wè lou a ap vini, li kite mouton yo, li sove kò l’, lou a menm devore mouton yo, li gaye yo. Men anplwaye a menm sove konsa a, se paske se anplwaye li ye epi li pa okipe mouton yo.
Mwen menm mwen se Bon Gadyen an, mwen konnen sa k’ pou mwen yo, sa k’ pou mwen yo konnen m’ tou. Jan Papa m’ konnen m’ epi mwen konnen Papa m’, epi mwen bay lavi m’ pou mouton m’ yo. Mwen gen dòt mouton, ki pa nan pak sa a, yo menm tou mwen gen pou m’ mennen yo, y’ap koute vwa m’, ap vin gen yon sèl pak ak yon sèl gadyen".
REFLEKSYON: Nou rive jodi a nan katriyѐm dimanch Pak ki se an menm tan, fѐt Jezi ‘‘Bon Gadyen’’ an.
Lѐ nou gade lekti yo pwopoze nou pou jodi a, nou wѐ imaj bon gadyen an reflete nan yo chak. Lѐ nou gade yon imaj Jezi bon gadyen, nou wѐ yon jѐn gadyen avѐk yon ti mouton fatige, blese sou zepl li. Pou nou rive konprann imaj sa a, fk nou retire nan tѐt nou tout lt imaj nou te genyen de yon gadyen mouton ki te yon nѐg ki gen fs, ki gen anpil kouraj pou l’ pwoteje mouton yo pou volѐ ak zannimo sovaj pa devore yo.
Lѐ nan nwit rive, li dwe mete tout mouton yo nan patiraj lt gadyen, konsa, gadyen ki pa nan sѐvis jou swa sa a kapab rive repoze. Nan demen maten, chak gadyen rejwenn mouton yo atravѐ yon apѐl ke yo chak fѐ.
Avѐk Jezi, mouton yo vin gen plis libѐte; yo kapab ale oubyen vini san pwoblѐm. Avѐk li, nou jwenn bon patiraj, bon frechѐ epi kѐ kontan. Tout moun ki koute vwa l’, li montre yo chemen pou yo swiv. Menm si pafwa nou konprann nou ka fѐ tout bagay pou kont nou, n’ap toujou bezwen pou yo gide nou, pou nou rive nan kѐ kontan ki p’ap janm fini an. Nou chak nou bezwen yon gid pou kondwi nou nan bon direksyon. Lavi a twὸ konplike pou nou travѐse l’ pou kont nou.Granmѐt la ofri nou direksyon ak pwoteksyon pou nou kapab travѐse difikilte lavi a epi evite tout sa ki kapab detwi nou. Avѐk Jezi bὸ kote nou k’ap veye sou nou, bato lavi nou mѐt tounen an won, li p’ap janm koule. Se sa nou li nan sὸm 23 a: «Si m’ap travѐse ravin lanmὸ a, mwen pa pѐ okenn mal paske ou avѐ m’, ou gide m’, ou rasire m’».
Nan lavi sa a, nou kapab bloke avѐk yon maladi, yon konplѐks, yon pwoblѐm familyal, mezantant avѐk kѐk zanmi, nou kapab antrave anba dwὸg, anba alkὸl, nou tout nou kapab rive fѐ fas ak yon pwoblѐm ki sanble pa gen solisyon, konsa nou chѐche swiv lὸt gid e pafwa anpil nan yo prezante tankou sovѐ Bondye voye, men Jezi di nou atansyon paske tout moun k’ap fѐ bѐl pwomѐs, tout se volѐ, se bandi epi li fasil pou yo fѐ nou tonbe nan erѐ, paske lѐ konsa se pwὸp enterѐ yo y’ap chѐche.
Mesaj Levanjil jodi a byen klѐ, Jezi ki se Bon Gadyen an, li menm menm pwopoze tѐt li tankou gid, tankou pwotektѐ, lѐ li di nou: «Mwen se bon gadyen an, mwen konnen vwa mouton m’ yo e mouton m’ yo konnen vwa m’, sa k’ koute m’, m’ap mennen l’ nan bon patiraj».
An nou swiv bon gadyen an li menm k’ap kondwi nou nan bon wout, li menm ki kapab panse kѐ nou, kὸ nou lѐ nou blese avѐk tout kalite difikilte lavi a olye n’ap kouri dѐyѐ moun k’ap lage nou nan pѐdisyon.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, nan gwo jou fѐt Jezi Bon Gadyen an, fѐ nou pa kouri dѐyѐ gadyen ki kapab kouri kite nou lѐ lou avѐk lyon vle devore nou; men fѐ nou chѐche swiv Jezi k’ap gide nou, k’ap veye sou nou, k’ap defann nou nan tout moman difisil nan lavi nou. Amѐn!

PWOPOZISYON: Swiv Jezi sѐlman, li menm ki se bon gadyen an, epi ede lὸt moun ki pa konnen l’ yo swiv li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario