Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo t’ap pale ak Grèk yo tou, yo
t’ap anonse yo Granmèt Jezi”.
NAN TRAVAY APOT YO 11, 19-26
Jou
sa yo:
Sa
yo ki te gaye akoz tray la, ki te rive sou Etyèn nan, yo travèse jous Fenesi,
Chip ak Antyòch, san yo pa deklare pawòl la bay pèsòn, sof Juif yo sèlman.
Kèkzen nan yo te moun Chip ak Sirèn, konsa lè yo rive Antyòch, yo te pale ak
Grèk yo tou, yo te anonse yo Granmèt Jezi. Men Granmèt la te avèk yo, anpil
kantite moun ki kwè vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy Legliz
la ki Jerizalèm nan, osijè bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’
rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan
bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen
ak Lespri Sen ak lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la. Banabe pati al Tas,
pou l’ chèche Sòl; lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch. Yo rete pandan tout
ane a la nan Legliz la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen pou premye
fwa yo rele disip Antyòch yo kretyen”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 86, 1-3. 4-5. 6-7
R/ Fè
lwanj Granmèt la, tout nasyon yo.
Fondasyon
l’ yo sou mòn yo ki sen yo; Granmèt la renmen pòt Siyon yo pase tout tant Jakòb
yo. Y’ap di bèl bagay sou ou, vil Bondye a.R.
M’ap sonje Raab ak Babilòn pami sa
yo ki konnen m’ yo; men Filisti ak Ti avèk Etyopi, sa yo fèt isit la. Osijè
Siyon, y’ap di: “Sa a ak sa a fèt ladan l’, Sila a ki anwo nèt la rann li fèm”.R.
Granmèt
la ekri nan liv pèp yo: “Sa yo fèt isit la”. Y’ap chante
tankou moun k’ap kondui gwoup dans: “Tout sous mwen yo nan ou”.R.
LEVANJIL
“Mwen menm
ak Papa a nou fè yon sèl”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 10, 22-30
Se
te fèt konsekrasyon Tanp la Jerizalèm, se te tan frèt. Jezi t’ap
mache nan Tanp la, nan pòtay Salomon an. Juif yo antoure l’, yo t’ap di l’:
“jouskilè w’ap kenbe souf nou kout? Si ou se Kris la, di nou sa klè”. Jezi reponn yo: “Mwen pale
ak nou, nou pa kwè. Travay yo mwen fè o non Papa m’ nan, se yo menm ki sèvi m’
temwen. Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati bann mouton m’
yo. Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen
konnen yo, yo suiv mwen, mwen ba yo lavi tout tan an, yo p’ap peri tout tan,
pèsòn p’ap wete yo sot nan men m’. Papa m’ daprè sa l’ ban mwen, li pi gran
pase tout moun, pèsòn pa kapab wete anyen sot nan men Papa m. Mwen menm ak Papa
nou fè yon sèl.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, nou wè Jezi k’ap fè yon ti ale-vini nan Tanp la, nan pòtay
Salomon an (Jan 10, 23). Alò, Juif di
li: « Si ou se Kris la, di nou sa klè!»,
e Jezi reponn yo: « Mwen pale ak nou, nou pa kwè» (Jan 10,24-25).
Se sèl lafwa ki ka fè yon moun
rekonèt Jezikri kòm Pitit Bondye. Nan lane 2000, pandan li te rankontre jèn yo
nan Tor Vègata, Jan Pòl II te pale de «laboratwa lafwa». Gen plizyè repons pou
kesyon sa: Kisa moun yo di osijè mwen?» (Lik 9,18). Men Jezi pase sou plan
pèsonèl: «Pou nou menm, kilès mwen ye?
».
Pou nou reponn kesyon sa a kòm sa
dwa, se Papa a ki pou revele nou repons la. Pou nou reponn tankou Pyè te reponn
– «Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an»
(Matye 16,16) – se sèlman ak konkou lagras Bondye.
Menm si Bondye vle tout moun kwè
pou yo ka sove, se sèl moun ki gen kè yo senp ki kapab akeyi kado sa. «Moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen
bon konprann» (Pwovèb 11,2). Lòm gen bon konprann
tout bon vre lè li aprann fè Bondye konfyans.
Pou li fè yon kòmantè sou pasaj sa
a, Sen Toma d’Aken di: « Mwen kapab wè
granmesi limyè solèy la, men si mwen fèmen je mwen, mwen p’ap wè; se pa fòt
solèy la, men se fòt pa mwen».
Jezi di Juif yo, si yo pa kwè,
omwen se pou yo kwè nan zèv li yo, paske se travay l’ap fè yo ki sèvi li
temwen, se yo menm ki montre pouvwa Bondye:
«Travay yo mwen fè o non
Papa m’ nan, se yo menm ki sèvi m’ temwen». (Jan 10, 25)
Jezi byen konnen mouton li yo e yo
koute vwa li. Lafwa pouse nou frekante Jezi nan lapriyè. Kisa lapriyè a ye menm,
si se pa frekantasyon Jezi, ki renmen nou e k’ap mennen nou kote Papa a? Rezilta ak rekonpans entimite nou gen avèk
Jezi nan lavi sa a, se lavi etènèl la, lavi ki p’ap janm fini a, tankou nou te
li sa nan Levanjil la.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè nou
solidè youn ak lòt pou nou kapab tounen yon twoupo ki fè ou plezi. Pa kite nou
abandone pak la pou nou tounen mouton ki egare. Pwoteje nou anba menas lènmi
an, ki toujou ap wode pou li kapab manje nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Chèche viv nan kominyon ak Bondye tout bon vre; viv
nan lapè, nan solidarite ak sila yo ki antoure mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario