Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Ou gen
pou ou sèvi temwen a Wòm tou".
NAN
TRAVAY APOT YO 22, 30; 23, 6-11
Jou
sa yo:
Lyetnan
an te vle konnen pi byen poukisa Juif yo te akize Pòl la, li lage l’, li pase
lòd pou fè prèt yo rasanble ak tout tribinal la; li kondui Pòl, li mete l’
kanpe nan mitan yo.
Pòl
menm te konnen gen yon pati se te sadiseyen, lòt la se te farizyen, li rele
byen fò nan tribinal la: "Frè m’ yo, mwen se farizyen, pitit farizyen; se
pou esperans ak leve vivan mò yo y’ap jije m’".
Kon
l’ di sa, vin gen divizyon nan pami farizyen yo ak sadiseyen yo; foul la defèt.
Sadiseyen yo di pa gen leve vivan, ni mesaje, ni lespri; farizyen yo menm kwè
nan tou lede. Vin gen yon gran rèl, gen kèk farizyen ki leve, yo diskite, yo
di: "Nou pa jwenn anyen ki mal nan mesye sa a; si se yon lespri ki te pale
avèk li a, oubyen yon mesaje"?
Kòm
diskisyon an t’ap vin pi gran, lyetnan an te pè pou yo pa t’ chire Pòl, li pase
sòlda yo lòd pou yo desann, pou yo pran l’ sot nan mitan yo, pou yo kondui l’
nan prizon an.
Nan
nuit ki suiv la, Granmèt la kanpe kote l’, li di: "Pran kouraj; menm jan
ou sèvi m’ temwen Jerizalèm nan, se konsa tou w’ap sèvi m’ temwen a Wòm".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10.
11
R/
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève
m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou
ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine
mwen”.R.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’
leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen toutan, paske li adwat mwen, mwen
p’ap tranble.R.
Se
pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse; menm chè m’ poze nan
esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a, ou p’ap kite sen w’ nan wè
dekonpozisyon.R.
W’ap
fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou
jous pou toutan.R.
LEVANJIL
"Se pou yo fè yon sèl
nèt"!
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN
17,
20-26
Lè
sa a: Jezi leve je l’ nan syèl la, li lapriyè, li di:
"Papa
ki sen, se pa pou yo menm sèlman mwen lapriyè, men pou sila yo tou k’ap kwè nan
mwen gras a pawòl yo a, pou tout moun fè yon sèl, tankou ou menm, Papa, ou nan
mwen, epi mwen nan ou, pou yo menm tou yo fè yon sèl nan nou, pou tè a kwè se
ou menm ki voye m’.
Mwen
menm bèlte a ou te ban mwen an, mwen ba yo l’, pou yo fè yon sèl tankou nou
menm nou fè yon sèl la. Mwen menm nan yo, epi ou menm nan mwen, pou yo fè yon
sèl nèt, pou tè a rekonèt se ou menm ki voye m’, epi mwen renmen yo, tankou ou
renmen m’.
Papa,
sila yo ou te ban mwen an, mwen vle pou kote m’ ye a se la yo ye tou avè m’,
pou yo wè bèlte m’ nan, sa ou te ban mwen an; paske ou renmen m’ depi anvan tè
a fèt.
Papa
ki kòrèk, tè a pa t’ rekonèt ou; mwen menm mwen konnen ou, epi sila yo rekonèt
se ou menm ki voye m’. Mwen fè yo konnen non ou, m’ap fè yo konnen l’ ankò, pou
renmen ou renmen m’ nan, li kapab nan yo, ni mwen menm nan yo".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a vrèman enteresan,
paske li montre nou kòman lapriyè se yon bagay ki enpòtan anpil nan lavi yon
kretyen. Li prezante nou Jezi k’ap lapriyè. Si Jezi, ki se pitit Bondye ka pran
tan pou li lapriyè, se paske li konnen li enpòtan pou lavi yon kretyen. Nou
menm tou, de tanzantan, li bon pou nou pran ti tan espesyal sa a, osinon toutan
nan lavi chèche genyen atitid yon moun k’ap lapriyè. Viv tankou moun k’ap
lapriyè toutan pa vle di sèlman w’ap resite fòmil ou te aprann nan ti katechis
oubyen vèsè ki nan Labib la, men li kapab tou yon dispozisyon kote ou santi
prezans Bondye abite nan ou. Nan lapriyè Jezi a genyen anpil bèl bagay ki atire
atansyon nou e nou kwè ki enpòtan anpil nan lavi nou tankou kretyen. Nap
konsidere de nan yo:
Jezi mande pou moun k’ap gen pou
tande pawòl apot li yo gen pou pataje ak yo rive kwè nan li. Nou konstate li
jous konye a: genyen moun ki pa kwè nan pawòl Bondye a. Sa envite nou kontinye
fè menm lapriyè sa a, pou tout moun rive kwè nan Jezikri.
Jezi mande tou pou disip li yo viv
nan tèt ansanm, menm jan li menm ak Papa li ansanm ak Lespri a fè youn. Viv nan
tèt ansanm se yon gran defi pou nou menm jounen jodi a. Mwen kwè Jezi kontinye
ap lapriyè pou nou menm, pou nou sispan viv nan chirepit, men pou nou rive byen
konprann youn lòt, antann nou dekwa pou nou ka bay pi bon temwanyaj Bòn Nouvèl
la.
LAPRIYÈ: Granmèt fè m’ lagras pou m’ viv nan tèt ansanm ak frè ak sè m’ yo,
nou menm ki se disip ou, dekwa pou plis moun ka rive kwè nan ou. Amèn!
PWOPOZISYON: Pandan jounen an m’ap fè plis jefò pou m’ pi pozitif nan
apwòch m’ap fè ak nan pataj m’ap gen pou m’ fè ak frè m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario