Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
"Li rete a
Wòm, l’ap preche rèy Bondye a".
NAN TRAVAY APOT YO 28, 16-20.
30-31
Lè nou rive a Wòm, yo pèmèt Pòl rete pou kont li avèk sòlda
a ki t’ap veye l’ la. Aprè twazyèm jou a, li rele chèf Juif yo. Lè yo rasanble,
li di yo: "Frè m’ yo, mwen pa t’ fè anyen kont pèp la oubyen abitid zansèt
yo, Juif yo mare m’, yo renmèt mwen nan men Women yo. Lè Women yo poze m’
kesyon, yo te vle lage m’, paske yo pa t’ jwenn okenn kòz lanmò nan mwen.
Men Juif yo anpeche yo, mwen blije rele Seza, se pa paske
mwen gen kichòy pou m’ akize nasyon m’ nan. Se pousa mwen mande wè nou pou m’
pale ak nou; se poutèt esperans Izrayèl la mwen mare ak chenn sa yo".
Li rete dezan antye nan lakay li a; li te konn resevwa
tout moun ki te konn vin kote l’; li t’ap preche rèy Bondye a, li t’ap aprann
yo sa k’ konsène Granmèt Jezikri avèk asirans, san anpèchman.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 10 (Vulg.), 5. 6 e 8
R/
Moun ki kòrèk yo ap ouè fas ou, Granmèt.
Granmèt
la nan kay sakre l’ la ki sen an, Granmèt la gen fotèy li nan syèl la. Je l’ap
gade sou pòv la, pòpyè l’ap poze pitit moun yo kesyon.R.
Granmèt la ap poze moun ki kòrèk la
ak mechan an kesyon, moun ki renmen peche a, li rayi nanm li. Sèke Granmèt la
kòrèk, li renmen jistis, moun ki dwat yo ap wè fas li.R.
LEVANJIL
"Se disip sa a ki ekri bagay sa
yo, temwayaj li a vre".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 21, 20-25
Lè sa a:
Pyè vire, li wè disip sa a Jezi te
renmen an ki t’ap suiv; li menm ki te poze sou lestonmak li nan soupe a, epi ki
te di: "Granmèt, kilès k’ap trayi w’ la"? Konsa kon Pyè wè l’, li di
Jezi: "Granmèt, sila a menm sa k’ap rive l’"? Jezi di l’: "Si m’ vle li rete
joustan mwen vini, sa sa fè ou? Ou menm, suiv mwen". Bwi sa a kouri nan
pami frè yo: disip sa a p’ap mouri. Epoutan Jezi pa t’ di: "Li p’ap
mouri", men: "Si m’ vle li rete joustan mwen vini, sa sa fè ou? Se
disip sa a ki sèvi temwen sou bagay sa yo, epi ki ekri yo; nou konnen temwayaj
li a vre. Gen anpil lòt bagay Jezi fè; si yo ta ekri yo chak, mwen pa kwè tè a
ta kapab pran liv yo ta ekri yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a lekti yo ap envite
nou reflechi sou kijan n’ap mache sou
wout Jezi te trase pou nou. Levanjil la montre nou yon Pyè ki montre li pi
enkyete, ou pi byen toujou, okipe, a sa ki pa gen pou wè avèk li; li plis enkyete
sou sa ki pral pase avèk lòt disip la, “Jan”, ke li menm menm. An menm tan tou,
liv travay apot yo ap montre nou yon Pòl k’ap preche Rèy Bondye a san
anpèchman.Pa fwa, nou ekzajere n’ap panse twòp sou kijan frè nou yo ap viv
lafwa yo, san ke nou pa eseye evalye oubyen fè bilan sou pwòp tèt pa nou.
Pwovèb la di «sa w’ genyen, se li menm ou bay».
Le Jezi rele nou pou swiv li li pwopoze nou yon pwojè: Rèy Bondye a.
Kounye a, gason tankou fanm, ki kote nou kapab jwenn avèk Bondye Papa? Nou chak
dwe fè yon refleksyon pèsonèl, pou nou wè ki kote nou ye sou chemen Kris la,
nan ki pwen nou ye. Nou pa kapab ap chèche pwojte imaj, pou nou ap kritike,
plenyen sou sitiyasyon lòt yo, men se pou nou gade nou nan pwòp miwa pa nou pou
nou kapab fè chanjman ki nesesè nan lavi nou, chanjman k’ap pèmèt nou antre nan
pwojè renmen ak lavi Bondye a.
Jezi envite nou pou nou
pran li kòm echantiyon, kòm modèl pou nou kapab bay lavi nou fòm: L’ap rele nou
chak jou pou nou soulaje doulè moun k’ap soufri yo, pran defans pou yon lavi
miyò, kanpe pou defann lajistis, pou
pote lapè pou tout moun kapab viv avèk kè kontan. Men travay la anpil, sa mande
pou nou fè solidarite, kole zepòl.Travay la anpil, men manke travayè. Se yon
travay ki mande nou atansyon ak kreyativite.Bondye deja bay sa ki nesesè pou
travay la. Sa ki rete pou fèt, se pou chak moun mete don li, talan oubyen
karism li nan travay Granmèt la; se konsa n’ap rive fè mèvèy menm nou wè se
plizyè koulè ansanm ki fè mèvèy lakansyèl la.
Se chak jou Jezi ap envite
nou swiv li pou nou kapab pote bon kalite fwi menm jan ak li; l’ap di chak moun
pèsonèlman: “Ou menm swiv mwen”. Chak moun lib pou viv lafwa li nan fason li
kwè ki plis makonnen ak talan li. Bondye pa rele nou tout pou menm sèvis la.
Jodi a, ann poze tèt nou kesyon nan limyè lekti yo: tout chemen yo egzamine
deja? Èske gen nouvo defi nan predikasyon
an? Nou kapab jwenn nouvo chemen, vizyon epi motivasyon? An nou reflechi jodi a
sou pwòp cheminman pa nou ak Jezi.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri fè mwen viv nan fidelite ak nan renmen pou ou menm ak
lòt yo. Fè mwen tounen yon vrè patizan pou ou, sa vle di yon moun ki kapab ofri yon temwayaj avèk fòs Levanjil la
ak verite Legliz la.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap
bliye tèt mwen pou mwen kapab panse ak sila yo k’ap soufri, pou mwen fè
solidarite avèk yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario