Páginas

JEDI 27

Koulè Blan
MONIK KI SEN (Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se pou Granmèt la fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt la".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO          3, 7-13
Nan mitan tout kè sere ak tray nou, nou jwenn konsolasyon nan nou, frè m’ yo, poutèt lafwa nou an; koulye a nou kapab viv, paske nou menm nou kenbe fèm nan Granmèt la. Ki mèsi nou kapab renmèt Bondye pou nou pou tout kè kontan sa a n’ap jwi a poutèt nou devan Bondye nou an, antan n’ap lapriyè lannuit ak lajounen an kantite, pou nou kapab wè fas nou, pou nou konplete sa k’ manke nan lafwa nou?
Bondye Papa nou, ak Granmèt nou Jezikri, se pou l’ dirije chemen nou jous lakay nou. Nou menm menm se pou Granmèt la fè nou devlope, se pou l’ fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt la ak pou tout moun, menm jan nou genyen l’ pou nou an; konsa se pou l’ kenbe kè nou fèm san repwòch nan sa ki sen an devan Bondye Papa nou, pou jou Granmèt nou Jezikri ap vini ansanm ak tout sen l’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 3-4. 12-13. 14 e 17 (r.: 14)
R/ Plen nou, Granmèt, ak kè sansib ou a, pou nou fete.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè; ou di: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou se tankou jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou mete kè nou nan chemen sajès la.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran pitye pou sèvitè ou yo.R.
Plen nou depi granmaten ak kè sansib ou a, n’a fete, n’a gen kè kontan tout jou nou yo.
Se pou bèlte Granmèt Bondye nou an sou nou, garanti travay men nou an sou nou, travay men nou, garanti l’.R.
LEVANJIL
"Ret pare".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 24, 42-51
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Veye, paske nou pa konnen kilè Granmèt nou an gen pou l’ vini. Aprann sa, si pèd-fanmi na te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, li pa t’ap kite yo kase kay li a. Konsa nou menm tou se pou nou pare, paske nou pa konnen kilè Pitit moun nan gen pou l’ vini.
Kilès sèvitè ki fidèl, ki gen sajès, daprè nou, pou mèt li enstale 1’ sou fanmi li, pou l’ bay moun yo manje nan tan yo? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt li rive, li jwenn li ap fè sa. Amèn mwen di nou, se sou tout byen l’ yo l’ap enstale l’.
Men si move sèvitè sa a di nan kè l’: 'Mèt mwen pran tan pou l’ vini', epi li kòmanse ap frape lòt sèvitè l’ yo, l’ap manje, l’ap bwè avèk moun sou yo: mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere, ak lè li pa konnen; l’ap jete l’ deyò, l’ap mete pòsyon l’avèk ipokrit yo: kote sa a se rèl ak manje dan k’ap genyen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pafwa nou poze tѐt nou kesyon oubyen nou poze lὸt moun ki pi gran pase nou kesyon sou desandans nou ; sa vle di, nan ki ras nou sòti, kilѐs ki te gran grann ak gran papa nou. Jezi li menm tou te fѐt nan yon fanmi, sa vle di, li te genyen yon desandans e se sa sen Matye prezante nou nan Levanjil jodi a. Jezi, non sѐlman li se Bondye men li se moun tou, paske menm jan avѐk nou li te manje, li te travay, li te pale sof peche li pa t’ konn fè.
Nan sans sa a, levanjil jodi a ap ede nou konprann dimansyon moun  nan Jezi paske li te gen yon desadans menm jan avèk nou. Matye prezante nou Jezi tankou Mesi a, sila a pwofѐt yo t’ap anonse depi lontan an e ke tout pѐp t’ap ret tann nan. Li prezante li depi Abraham jiska David paske daprè sa pwofѐt Izayi te anonse se nan ras sa a Mesi a te gen pou l’ sòti.
Nan premye moso Labib la, nan premye lѐt Pὸl ekri moun Tesalonik yo, li felisite yo pou jan Timote te bay bon temwanyaj sou yo, kὸman lafwa yo te genyen te pѐmѐt Pὸl ak Timote te jwenn rekonfὸ nan travay yo t’ap fѐ a. Pὸl te fѐ yo konnen tou kὸman l’ te kontan poutѐt yo te kenbe fѐm nan Bondye. Li te lapriyѐ Bondye pou yo pou l’ te kapab konsѐve yo nan lafwa epi pou youn toujou renmen lὸt. Nou menm tou, an nou mete an pratik tout ansѐyman nou resevwa nan men monsenyѐ, pѐ ak tout lὸt moun k’ap ede nou fѐ lafwa nou grandi ; konsa, menm jan ak pѐp Tesalonik la, n’a kenbe fѐm nan lafwa e youn va rive renmen lὸt. Konsa moun ki plase pou gide nou yo va santi yo jwenn rekonfὸ nan mitan nou menm jan ak Pὸl ak Timote.
LAPRIYE : Bondye Papa, tanpri, ban nou limyѐ pou nou rive rekonѐt Jezi tankou vrè Mesi a epi ede nou mete an pratik tout ansѐyman k’ap ede nou jwenn limyѐ pou lavi nou. Amѐn.

PWOPOZISYON:Apati jodi a, mwen vle bay plis enpὸtans ak tout ansѐyman m’ap resevwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario