Koulè Wouj
MATYE KI
SEN, Apot e Evangelis
Fèt.
PREMYE MOSO LABIB
“Li bay kèk moun gras pou yo apot, dòt menm
pou yo evanjelis”.
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 1-7. 11-13
Frè m’ yo:
Mwen priye nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou nou mache korèk
daprè direksyon vwa ki rele nou an, antan nou rete nan pòv ti kondisyon moun
nou an, antan nou tou dou, antan nou pran pasyans pou nou youn sipòte lòt nan
charite a; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la nan chenn lapè
a: yon sèl kò ak yon sèl lespri, menm jan yo rele nou nan yon sèl esperans ki
nan bout chemen kote yo rele nou an; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl
batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay
epi ki nan nou tout.
Chak moun nan nou jwenn kado gras la daprè sa Jezikri mezire pou li a.
Se li menm ki bay kèk moun gras pou yo apot, kèk lòt menm se pwofèt, dòt ankò
se sa k’ evanjelis, dòt yo menm se gadyen ak savan sakre: konsa sen yo kapab
vin kòrèk nèt nan travay sèvis la, antan kò Jezikri a ap bati, joustan nou tout
nou rive fè yon sèl nan lafwa a ak nan konesans Pitit Bondye a, pou nou tout
ansanm nou vin sèl moun sa a ki kòrèk nèt la, nan mezi dènye devlopman Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3.4-5
R/ Sou tout tè a yo
tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse
l’. Jou ap deklare pawòl bay
jou, nuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa
yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Suiv mwen. Li leve, li suiv li”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 9-13
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pase, li wè yon mesye ki te chita
nan biwo kontribisyon an, yo te rele l’ Matyte; li di l’: “Suiv mwen”. Li leve,
li suiv li.
Rive antan li sou tab nan kay la, anpil kolèktè ak pechè te vini, yo te
sou tab avèk Jezi ak disip li yo.
Lè farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: “Pouki sa mèt nou an ap manje
avèk prepoze yo ak pechè yo?”
Jezi menm ki tande sa, li di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè,
men se sa ki malad. Al aprann sa sa vle di: “Se mizerikòd mwen vle, se pa
sakrifis”; sèke mwen pa vini pou m’ rele moun ki kòrèk yo, men se pechè yo mwen
vin rele”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jezi te chwazi douz moun nan mitan tout disip li yo pou yo te mache pi
pre li, epi pou yo te kontinye misyon li a aprè l’ te monte nan syèl la. Douz
moun sa yo, se yo menm nou rele apòt yo. Epi nan gwoup douz apòt yo, gen kat
nèg ki te pran desizyon chita ekri istwa lavi Jezi ak patizan li yo, pou mesaj
la te ka rive pi lwen. Yo chak te rakonte istwa a jan yo te wè l’, ak jan yo te
konnen kominote yo te pral kapab konprann li pi byen.
Kat liv sa yo, se yo menm nou rele Levanjil yo, nan Bib la. Pati sa nan
Bib la ekri nan lang grèk, epi mo “levanjil” la sòti nan yon mo nan lang grèk
(euaggelion), ki vle di « Bòn Nouvèl ».
Kòm se nan kat liv sa yo nou jwenn tout sa k’ gen pou wè ak lavi Jezi,
epi Jezi li menm se Bòn Nouvèl li ye ak Bòn Nouvèl li pote pou nou, se sa k’ fè
yo bay kat liv sa yo non sa. Epi mo « Bib » la li menm, sòti nan yon mo grèk
(biblia) ki vle di « plizyè liv » (yon grenn liv, nan lang grèk, se « biblion
»).
Vrèman vre, Bib la se yon biblyotèk li ye. Nou jwenn plizyè liv ladan
li, tankou liv Ekzòd la ak tout liv pwofèt yo nan pati nou rele Ansyen Kontra
a, ak liv Levanjil yo ak tout lèt Sen Pòl te ekri yo, nan pati nou rele Nouvo
Kontra a. Ansyen Kontra a gen pou wè ak
tout sa k’ te vini avan Jezikri, sitou ak alyans Bondye te fè ansanm ak pèp
Izrayèl la. Nouvo Kontra a gen pou wè ak jan Jezi te renouvle alyans sa yon jan
ki louvri pou tout moun nèt kapab antre ladan.
Jodi a, se fèt Sen Matye. Sa vle di n’ap sonje youn nan nèg ki te ekri
istwa lavi Jezi, sa fè 2,000 an. Gras a li menm, Levanjil la gaye nan lemonn
antye, epi nou ka konnen kiyès Jezi ye. Ala chans pou Matye, zanmi Jezi !
LAPRIYÈ: Bondye, poutèt mizerikòd ou ki san parèy, ou te
aksepte chwazi Matye ki sen kòm Apot, sot nan ran pibliken, tanpri, fè nou
favè, pou nou jwenn sekou nan ekzanp li ak priyè l’, pou nou suiv ou, pou nou
merite kole kò nou solid kote ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Ki sa pou m’ lage jodi a, pou m’ kapab swiv Jezi
pi byen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario