Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"M’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy
leve ak solèy kouche".
LEKTI
LIV PWOFÈT ZAKARI 8.1-8
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt lame yo rive, li di: "Men pawòl Granmèt lame yo:
«Mwen jalou pou Siyon ak yon gran jalouzi, mwen jalou pou li ak yon gran kòlè».
Men pawòl Granmèt lame yo: «M’ap tounen nan Siyon, m’ap abite nan mitan
Jerizalèm, y’ap rele Jerizalèm vil laverite a, ak mòn Granmèt lame yo mòn ki
sen an».
Men pawòl Granmèt lame yo: «Gran papa ak grann ap abite nan laplas
Jerizalèm ankò, ak mesye ki gen baton nan men yo, poutèt anpil laj yo. Laplas
lavil la ap plen ak ti moun ak jèn fi k’ap jwe nan laplas li yo».
Men pawòl Granmèt lame yo: «Si bagay sa a parèt difisil nan je rès pèp
sa a nan jou sa yo, èske l’ap difisil nan je pa m’?», deklarasyon Granmèt lame
yo.
Men pawòl Granmèt lame yo: «Men m’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy
leve ak nan peyi solèy kouche, m’ap mennen yo, y’ap abite nan mitan Jerizalèm,
y’ap pèp mwen, m’ap Bondye yo nan laverite ak nan jistis».
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 101, 16-18. 19-21. 29 e 22-23 (r.: 17)
R/ Granmèt la bati
Siyon, li parèt nan bèlte l’.
Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte
bèlte ou la;
Paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp y’ap kreye a, l’ap
fè lwanj Granmèt la.
Paske li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè
a, antan l’ nan syèl la; pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit
lanmò yo.R.
Pitit sèvitè ou yo ap abite, ras yo ap asire devan fas ou, pou yo anonse
non Granmèt la nan Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm; lè pèp yo ap rasanble
pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi Granmèt la.R.
LEVANJIL
"Sila a ki pi piti nan pami nou tout la,
se li menm ki pi gran".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 46-50
Lè sa a:
Disip yo t’ap fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran.
Jezi menm wè kalkil kè yo, li pran yon ti moun, li fè l’ kanpe bò kote
l’, li di yo: «Tout moun ki resevwa ti pitit sa a o non m’, se mwen menm li
resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, li resevwa sila a ki voye m’ nan.
Reyèlman vre, sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran».
Jan menm pran lapawòl, li di: "Mèt, nou te wè yon moun ki t’ap
chase demon yo o non ou, nou te anpeche l’, paske li pa t’ap suiv avèk nou».
Jezi menm di l’: "Pa anpeche l’; paske moun ki pa kont nou, se pou
nou li ye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, pandan Jezi sou wout la ap monte Jerizalèm,
«disip yo t’ap fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran» (Lik 9,46). Chak jou, nan
medya yo ak nan konvèsasyon nou, gen anpil kòmantè sou enpòtans moun: kòmantè
sou lòt yo, kòmantè sou nou tou. Se yon lojik moun ki pwovoke yon dezi siksè,
pou yo kapab rekonèt nou, apresye nou, remèsye nou; men tou se yon lojik ki
montre kijan nou boulvèse pa anndan, kidonk nou pa gen lapè.
Repons Jezi bay refleksyon ak komantè disip yo, sa
fè nou sonje fason ansyen pwofèt yo te konn aji. Premyèman jès yo, answit pawòl
yo. Jezi «pran yon ti moun, li fè l’ kanpe bò kote l’» (Lik 9, 47). Epi li ba yo lansèyman « sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se li
menm ki pi gran»(Lik 9,48).
Nan tan n’ap viv la, gen anpil konkirans pou pouvwa ak richès materyèl. Paske nan lojik mond lan, yon moun ki gen anpil byen materyèl, anpil
lajan, se yon moun ki reyisi. Poutan se pa vre. Nou konnen pafwa gen anpil moun
ki gen lajan, oubyen ki okipe gwo pòs nan sosyete a, men yo kapab tonbe nan yon
segond. Yo ka tonbe nan koripsyon ki fè yo pèdi vale yo ak diyite yo, konsa tou
yo ka tonbe anba yon malady, tankou kansè. Epi kisa richès ak pouvwa sèvi aprè?
Frè ak sè m’ yo, an nou pran ekzanp sou Jezi, li
menm ki gran, li fè li piti pou li kapab sèvi. An nou pa kite foli lajan ak
pouvwa fè nou you ap dechire lòt, okontrè an nou itilize sa Bondye mete a
dispozisyon nou pou nou kapab konstwi yon mond ki pi bèl, yon mond fratènèl,
yon mond kote solèy lanmou an kapab klere, pou tout moun ka viv ak kè kontan ak
kè poze.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou bouke diskite
pou gwo plas nan sosyete a, men sa pa itil nou anyen. Tanpri, aprann nou fè nou
tou piti, pou nou youn ka sèvi lòt, antan n’ap pran ekzanp sou Jezi Gran Frè
nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Si mwen okipe yon gwo pòs
jodi a, se pa paske mwen pi bon, se yon posiblite Bondye ban mwen pou mwen
kapab sèvi moun ki pi piti pase mwen. M’ap chanje fason mwen gade lòt, m’ap trete yo pi byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario