Páginas

DIMANCH 6

Koulè Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH LAVAN, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Bondye ap montre bèlte l’ nan ou".
NAN LIV PWOFÈT BARIK  5, 1-9
Jerizalèm, wete wòb dèy la ak tray la ki sou ou a, abiye w’ ak bèl rad ak konsiderasyon bèlte toutan an ki sot nan Bondye pou ou. Bondye ap abiye w’ avèk rad jistis la, l’ap mete kouwòn konsiderasyon toutan an sou tèt ou; Bondye ap montre bèlte l’ nan ou, bay tout kreyati ki anba syèl la. Men ki non Bondye ap ba ou pou tout tan: "Lapè jistis la ak konsiderasyon relijyon an".
Leve Jerizalèm, gade nan syèl la, voye je ou nan direksyon solèy leve a, w’ap wè pitit ou yo ki rasanble sot nan direksyon solèy leve jous nan direksyon solèy kouche, sou lòd sila a ki sen an, y’ap fè kè yo kontan nan souvni Bondye. Yo te pati kite ou, a pye, lènmi yo t’ap kondui yo, men Granmèt la ap mennen yo, y’ap pote yo ba ou nan konsiderasyon tankou pitit wa; Bondye te deside pou yo rabese tout mòn ki wo, ti mòn ki la toutan, pou yo konble bafon yo, pou tè a egalize, pou Izrayèl kapab mache byen vit nan konsiderasyon Bondye.
Rak bwa yo ap fè lonbraj pou Izrayèl kapab mache byen vit nan konsiderasyon Bondye. Bondye ap mennen Izrayèl avèk kè kontan nan limyè bèlte l’avèk kè sansib, avèk jistis ki sòti nan li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 125, l-2ab. 2cd-3, 4-5. 6
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou gen kè kontan
Lè Granmèt la fè prizonye Siyon yo tounen, nou te tankou nan rèv.Lè sa a bouch nou te plen kè kontan, lang nou te plen chante fèt. R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: "Granmèt la fè mèvèy pou yo".Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou gen kè kontan. R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen tankou ravin nan Sid yo.
Moun ki simen nan dlo je, yo rekòlte ak kè kontan. R.
Yo ta prale antan y’ap kriye, pandan yo t’ap pote semans pou yo simen an; yo tounen ak kè kontan antan y’ap pote zepi yo. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Se pou nou sensè, san nou pa kase pye, pou jou Jezikri a".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO  1, 4-6. 8-11
Frè m’ yo:
Se tout tan nan tout lapriyè m’, m’ap lapriyè pou nou tout ak kè kontan, poutèt nou te patisipe nan Levanjil Jezikri a depi premye jou a jous koulye a; mwen gen konfyans, sila a ki te kòmanse bon travay la nan nou an, l’ap fè l’ rive nan dènye pwen l’ pou jou Jezikri a.
Bondye sèvi m’ temwen, kijan mwen renmen nou tout nan zantray Jezikri. Mwen lapriyè pou charite nou an debòde toutan pi plis nan syans ak tout kalite bon sans, pou nou sonde sa k’ pi konsekan, pou nou kapab sensè, san nou pa kase pye pou jou Jezikri a, antan nou plen ak fwi jistis la, pa pouvwa Jezikri, pou bèlte ak lwanj Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Tout chè ap wè delivrans Bondye a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 3, 1- 6
Sou kenzyèm ane rèy Tibè Seza, Pons Pilat t’ap kòmande Lajide, Ewòd menm te chèf nan Lagalile, Filip, frè l’ la, te chèf rejyon Itire ak Trakonitid, Lizanyas te chèf Abilèn, pandan Án ak Kayif te prèt an chèf la, pawòl Granmèt la rive sou Jan, pitit Zakari, nan savann nan.
Li vin nan tout rejyon Jouden an, l’ap preche yon batèm penitans, pou peche yo efase, daprè sa k’ ekri nan liv prèch pwofèt Izayi a:
"Vwa sila a k’ap rele nan savann nan: Pare wout Granmèt la; egalize santye l’ yo. Tout bafon dwe konble, tout mòn ak ti wotè dwe rabese, chemen kwochi dwe vin dwat, wout falèz dwe vin tounen tè plat, tout chè ap wè delivrans Bondye a".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bon­dye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo,  nou rive nan dezyèm dimanch Tan Lavan an, kote tout kretyen batize yo kontinye ap mache nan gran selebrasyon jou fèt nesans Granmèt nou an, Sovè nou Jezikri. Lekti nou li jodi a kontinye ap envite n’ kase tèt tounen vin jwenn Granmèt la. Pyès moun pa gen dwa vante tèt yo pou yo di yo pa gen anyen ki merite chanje nan lavi yo. Se chak jou Pawòl Bondye a ap denonse nou, pou l’ retire n’ nan tout chemen manti pou n’ viv nan laverite, pou l’ retire n’ nan tout endiferans pou n’ viv nan solidarite, pou l’ retire n’ nan tout kondisyon enjis pou n’ kite kè n’ reponn ak sa Bondye ap tann nan men nou chak nan relasyon nou youn ak lòt.
Lekti pwofèt Barik la montre n’ kè sansib Bondye vivan an pou nou menm malgre peche n’ yo. Sa dwe fè n’ sonje se gras Bondye a k’ap gide nou, se pa jefò nou yo, menm si yo nesesè pou n’ vanse nan chemen ki korèk, ki dwat.
Lèt Sen Pòl ekri bay moun Filip yo vle ankouraje yo toujou kontinye mache nan sa ki dwat. Se yon envitasyon pou nou menm tou ki batize, pou nou toujou fikse je n’ sou Jezikri, sila a ki te viv nèt nan sèvis lòt yo. Se yon envitasyon pou nou swiv bon jan ekzanp li te trase pou nou pandan nou vle mete tout sa n’ ye, tout sa n’ genyen nan sèvis lòt yo.
Jan Batis t’ap preche nan dezè a, prepare yon plas pou Granmèt la, fè wout yo vin plat. Tout sa pou montre n’ chemen konvèsyon an se yon bagay ki kapital. Legliz la kontinye ap preche Pawòl Bondye a yon fason pou tout kretyen sou latè chita lavi yo sou prensip Levanjil la. Tout bri lagè, tout vyolans, enjistis, mank respè pou lavi,  viv nan egoyis ; tout bagay sa yo, se siy gen anpil travay ki rete toujou devan nou. Se siy gen anpil bagay ki merite chanje nan sosyete a, nan kè yo.
Frè m’ ak sè m’ yo, ann louvri n’ pi plis toujou ak Pawòl Bondye a, ann kite Lespri Granmèt la transfòme nou pou lavi n’ tounen tout bon vre yon bon zouti nan men Lespri Bondye a k’ap travay pou pote delivrans pou tout moun, nan bon jan temwanyaj lavi n’ap bay ki chita sou renmen an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple, vin ede n’ louvri kè n’ chak jou pou n’ dekouvri sa k’anpeche n’ tounen yon zouti nan men w’ pou chanje sosyete sa, pou w’ pote delivrans bay moun yo jan ou menm ou vle a. Amèn

PWOPOZISYONJodi a m’ap gade sa k’ merite chanjman nan lavi m’ jan Granmèt la mande m’ nan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario