Páginas

JEDI 10

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Se mwen menm sila a ki delivre ou la, Sen Izrayèl la".
LEKTU LIV PWOFÈT IZAYI 41,13-20
Mwen menm Granmèt Bondye ou la ki pran ou nan men, ki di ou: "Pa pè, mwen pote ou sekou". Pa pè, Jakòb ou ki yon ti vè, nou menm ki te mouri nan Izrayèl la; se mwen menm ki pote ou sekou, deklarasyon Granmèt la ki delivre ou la, Sen Izrayèl la.
Mwen mete ou tankou yon fouch tou nèf k’ap kraze pay, ki gen dan l’ byen sere; w’ap kraze mòn yo, w’ap fè yo tounen farin, ni bit tè yo w’ap fè yo vin tounen tankou pousyè, w’ap vante yo, van an ap bwote yo, toubiyon an ap gaye yo; kanta ou menm menm w’ap danse nan Granmèt la, nan Sen Izrayèl la kè ou ap kontan.
Malere yo ak pòv yo ap chèche dlo, men yo pa jwenn; lang yo seche ak swaf. Mwen menm Granmèt la m’ap koute yo, Bondye Izrayèl la mwen p’ap lage yo.
M’ap louvri larivyè sou mòn yo ki pa gen pye bwa yo, nan mitan savann yo m’ap louvri sous; m’ap fè dezè a vin tounen letan dlo, tè ki pa gen wout la m’ap fè l’ vin tounen larivyè dlo.
Nan savann nan, m’ap mete pye sèd, akasya, mit ak pye oliv; nan dezè a m’ap mete pye siprè, pye bwapen, pye melèz ansanm, pou yo gade, pou yo konnen, pou yo sonje, pou yo konprann yo tout, se men Granmèt la ki fè sa, se Sen Izrayèl la ki te kreye l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 1 e 9. 10-11. 12-13ab
R/Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib,
li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’, wa mwen,
m’ap fè konpliman pou non ou
pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la bon pou tout moun,
kè l’ sansib pou tout sa l’ fèR.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo;
sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte rèy ou an,
y’ap anonse pouvwa ou.R.
pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo,
ak bèlte grandè rèy ou an.
Rèy ou an, se rèy tout tan,
Kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
"Pa gen moun ki pi gran pase Jan Batis ki te leve".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 11-15
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"An verite mwen di nou, nan pami moun ki fèt sot nan fi yo, pa genyen ki leve ki pi gran pase Jan Batis; epoutan sila a ki pi piti nan rèy syèl yo, pi gran pase l’. Depi jou Jan Batis yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif ki sezi l’. Tout pwofèt yo ak lalwa a jous Jan yo te fè deklarasyon pwofèt, epi si nou vle aksepte, se li menm menm Eli sa a ki te gen pou l’ vini an. Moun ki gen zòrèy pou l’ koute se pou l’ koute".
REFLEKSYON: « Rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif ki sezi l’».
Jodi a, Levanjil la pale nou de Jan Batis, Sila ki t’ap anonse vini Mesi a, sa vle di sila a ki t’ap prepare chemen Granmèt la. L’ap akonpaye nou depi jodi a pou rive jou k’ap sèz, dènye jou nan premye pati Tan Lavan an.
Jan se yon nèg ki dyanm, li konnen kijan bagay yo difisil pou nou, li konsyan ke nou dwe lite pou nou vin pi bon, e pou nou rive kòrèk nèt, e se pou sa menm Jezi pale konsa: « Depi jou Jan Batis yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif ki sezi l’.» (Mt 11,12). Moun ki vyolan, se sou pwòp tèt yo yo fè vyolans. Èske mwen mete mwen nan kondisyon mwen pou mwen fè tèt mwen kwè ke Granmèt la renmen mwen? Èske mwen sakrifye mwen pou mwen fè mwen tou piti? Èske mwen fè jefò pou mwen konsyan epi viv tankou pitit Papa a?
Sen Terèz fè referans ak pawòl Jezi sa yo ki kapab di nou kichòy e ki kapab ede nou nan konvèsasyon pèsonèl nou ak Jezi: «Se ou menm menm Povrete! Premye sakrifis mwen, m’ap rete ansanm ak ou jiskaske mwen mouri…». E mwen menm, poukisa mwen toujou ap plenyen lè mwen santi mwen manke yon bagay ke m’ konsidere ki nesesè? Si omwen mwen te ka wè tout aspè ki nan lavi mwen klè menm jan ak Doktè a!
Ak yon langaj ki petèt pa fin klè pou nou, Jezi ap di nou jodi a tou: «Pwofèt Eli dwe vini, se li menm menm Eli sa a [Jan Batis]. Moun ki gen zòrèy pou l’ koute se pou l’ koute» (Mt 11, 14-15). Kisa li vle di nou? Se vle li vle montre nou ke Jan Batis se te sila ki te pran devan li a, sila a ki te byen akonpli misyon Eli a, selon kwayans tan moun yo te genyen nan epòk la, yo te kwè ke Eli te gen pou retounen avan Mesi a.
LAPRIYÈ: Reveye kè nou, Granmèt, pou nou pare wout Sèl Pitit ou a, pou lè l’ rive, nou merite sèvi w’ avèk kè nou pwòp. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Di Bondye mèsi pou bèl pwomès li yo ak pou fidelite li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario