Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Lespri
Granmèt la ap poze sou li".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
11, 1-10
Jou sa a:
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese, epi yon flè ap monte sot
nan rasin li, lespri Granmèt la ap poze sou li: lespri sajès ak entelijans,
lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri krent Granmèt la ap plen
l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan je, li p’ap pran
pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy; men l’ap jije pòv yo nan jistis, l’ap
pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap frape tè a ak bagèt
bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis ap sèvi senti tay
li, lafwa ap sèvi zam pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap kouche kot kabrit; bèf
ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap kondui yo; bèf ak ous ap
manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap manje pay tankou bèf. Ti bebe
ki nan tete ap jwe sou twou koulèv mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a ap
lonje men l’. Yo p’ap fè mechanste, yo p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen
an, paske tè a plen ak syans Granmèt la, tankou dlo yo ki kouvri lanmè a.
Jou sa a rasin Jese a, ki kanpe kòm siy pèp yo, nasyon yo
ap chèche l’, kote l’ ye a l’ap nan bèlte.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2, 7-8, 12-13, 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’avèk lapè an
kantite pou tout tan
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman. R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan
lalin nan disparèt.
L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan bout fas tè yo. R.
L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan bout fas tè yo. R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa
gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nanm pòv yo. R.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nanm pòv yo. R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan solèy la se pou
non li dire. Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li.Se pou tout nasyon
yo fè lwanj li. R.
LEVANJIL
"Jezi
tresayi nan Lespri Sen an".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 21-24
Lè sa a:
Jezi tresayi nan Lespri Sen an, li di: "Mwen fè
konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun
sajès yo ak moun entelijans yo, epi ou devwale yo bay sa ki tou piti yo. Wi,
Papa, paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa
konnen ki sa Pitit la ye, sinon Papa a; epi ki sa Papa a ye, sinon Pitit la ak
moun Pitit la vle devwale sa".
Li vire kot disip li yo, li di: "Se chans pou je yo
ki wè sa nou wè a. Mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa nou wè yo, men
yo pa t’ wè yo; yo te vle tande sa n’ap tande yo, yo pa t’ tande yo".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, premye lekti a nou li nan chapit 11 Liv Izayi a, se yon pwofesi ki te anonse
Jezi te gen pou vini. Tèks la pale nou tou sou kèk karakteristik Mesi a, Sovè
a, Liberatè a: « Lespri Granmèt la ap poze sou li: lespri sajès ak entelijans,
lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri krent Granmèt la ap plen
l’» (Iz 11,2). Pwofèt la pale nou de Mesi a tankou yon jij ki kòrèk, li p’ap
gade sou aparans ni li pa nan patipri : « Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan
je, li p’ap pran pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy; men l’ap jije pòv yo nan
jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a» (Iz 11,4-5).
Jodi a nou li yon pasaj nan chapit 10 Levanjil Lik la. Granmèt la te voye 72 nan disip li yo nan
kèk zòn kote li te gen pou li te ale. Yo retounen ak kè kontan. Lè Jezi tande
bilan travay yo te fè, Li [Jezi] tresayi ak kè kontan nan Lespri Sen an e li
di: «Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a» (Lik 10,21).
Gratitid oubyen rekonesans se youn nan vizaj imilite a. Moun
ki awogan kwè li pa dwe pèsonn anyen. Pou yon moun di mèsi, fòk li dekouvri
kijan li piti, sa vle di li pa plis ke sila a l’ap di mèsi a. «Mèsi», se yon
nan premye mo yo aprann timoun yo. «Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt syèl la
ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo,
epi ou devwale yo bay sa ki tou piti yo» (Lik 10,21).
Lè Pap
Benwa XVI t’ap pale sou konpòtman yon moun dwe genyen lè l’ap lapriyè li te di
ke sa dwe fè «nou rekonèt prezans Bondye, Kreyatè ak Mèt Linivè a. Se yon
rekonesans ki plen ak gratitid, ki sòti nan pwofondè kè nou e ki ranpli sa nou
ye a toutantye, paske se sèlman lè n’ap adore Bondye, lè nou renmen li plis ke
tout bagay, nou rive reyalize nou tout bon vre».
Yon nanm ki delika, li santi bezwen pou
eksprime rekonesans li. Se sèl bagay ke lèzòm kapab fè pou bay Bondye repons lè
yo resevwa favè li. «Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li?» (1 Kor 4,7). Sen
Leon le Gran di nou, se poutèt sa «nou dwe di Bondye Papa a mèsi, nan non Pitit
li a, nan Lespri Sen an; pou jan li renmen ou ak anpil mizerikòd, pou jan li
gen pitye pou nou, lè nou te mouri akòz peche a, li te fè nou reviv nan Kris la
pou nou te kapab tounen yon lòt kreyati nan li».
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa pou Jezi Pitit ou a ou ba
nou, pou sove nou anba esklavaj peche a.
PWOPOZISYON: M’ap chèche
viv nan imilite ak senplisite, paske Bondye pa pran plezi ak moun k’ap fè
grandizè. Pandan Lavan sa a, m’ap rekonèt kijan se akoz peche mwen Jezi te vin
sou tè a pou li te ka sove mwen. M’ap sèvi li menm sèl paske se nan li mwen gen
lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario