Koulè ble
(ou blan)
IMAKILE KONSEPSYON
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap poze
rayisans ant ras ou ak ras madanm nan”
NAN LIV LAJENÈZ 3, 9-15. 20
Lè Adan fin manje nan pye bwa a,
Granmèt Bondye rele l’, li di l’: “Kote ou?”
Adan di: “Mwen te tande vwa ou
nan paradi a, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen kache kò m’”.
Bondye di: “Ebyen kilès ki te
montre ou ou te nikò, sinon paske ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd
pou ou pa t’ manje ladan l’ nan?”
Adan di: “Se madanm nan ou te
ban mwen kòm asosye a, se li menm ki ban m’ nan pye bwa a, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di madanm nan:
“Pouki ou fè sa?”
Li reponn: “Se sèpan an ki
twonpe m’, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di sèpan an:
“Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan tout vivan ak tout bèt ki sou tè a: sou
vant ou w’ap mache, epi se tè w’ap manje pandan tout tan lavi ou. M’ap mete
rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras li; li menm l’ap kraze
tèt ou, ou menm w’ap met pyèj nan talon l’”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 97, 1. 2-3ab. 3c-4
R/ Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la,
paske li fè mèvèy.
Glwa sove a parèt gras a men dwat li, ak
bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè
konnen sove l’ la, devan fas nasyon yo li devwale jistis li.
Li sonje mizerikòd li ak verite l’ pou
kay Izrayèl.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse,
chante.R.
DEZYÈM
MOSO LABIB
“Bondye te chwazi nou nan
Jezikri anvan tè a te fèt”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO
1, 3-6. 11-12
Konpliman pou Bondye, Papa Granmèt nou
Jezikri, li menm ki beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl la nan
Jezikri; se konsa li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt, pou nou te kapab
sen, san tach devan fas li nan renmen an; li menm ki te destine nou davans pou
nou te vin tounen pitit adoptif pa lentèmedyè Jezikri pou li menm, daprè
desizyon volonte l’, pou lwanj glwa gras li, gras li sa a li fè nou jwenn nan
Pitit li a li renmen an.
Se nan li menm menm yo te rele nou kòm
eritye, nou menm yo te mete apa depi davans, selon desizyon l’ k’ap kondui tout
bagay selon plan volonte li a, pou nou vin sèvi lwanj bèlte li, nou menm ki
t’ap espere davans nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sali, ou menm ki plen gras,
Granmèt la avèk ou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil
Galile, yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse ak yon mesye, yo rele
Jozèf, nan ras David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di: “Sali, ou
menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”.
Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl
zanj la, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: “Pa pè, Mari; ou jwenn
gras kot Bondye: men w’ap ansent w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi.
L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn
David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan ras Jakòb la pou tout tan, peyi wa l’ la
p’ap janm fini”.
Mari menm di zanj la: “Kijan sa ap fèt,
paske lèzòm mwen pa konnen?”
Zanj la reponn, li di l’: “Se Lespri Sen
an k’ap vin desann nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa,
sa a k’ap fèt sot nan ou a, sen an, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Gade Elizabèt,
kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason pandan l’ tou vye a; mwa sa a
se sizyèm nan, pou sa a yo rele pa ka fè pitit la; sèke pa gen anyen ki enposib
kot Bondye”.
Mari menm di: “Men sèvant Granmèt la; se
pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Epi zanj la kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a n’ap fete Imakile Konsepsyon Lavyèj
Mari (Sa vle di n’ap sonje manman Sovè nou Jezikri, ke Bondye te prezève de
peche a, sila ke Granmèt la te mete apa depi syèk tan yo pou li te sèvi kanal
pou sous gras li yo te kapab koule rive jwenn limanite). Se yon opòtinite pou
nou reflechi sou lavi manman Jezi, ki se manman nou tou; yon manman ki toujou
kanpe la pou l’ akonpaye tout pitit li yo, pou li pote yo sekou nan tout danje.
Se sa ki fè nou rele li «Manman
Pèpetyèl Sekou».
Nan premye lekti a, nou wè jan Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, yo
te kite Satan pran tèt yo epitou yo manje fwi pye bwa Granmèt la te pase yo lòd
pou yo pa t’ manje ladan li a. Nan tèks sa, nou wè se Èv ki te tonbe an premye
nan pyèj satan epi li fè Adan tonbe tou. Men Lavyèj Mari
vin tounen fanm modèl Bondye te vle fè ak Èv la; Mari se yon ekzanp total nan
obeyi lòd Granmèt la, e nan akeyi volonte l’ nan lavi l’.
Sa k’ pi enpòtan nan fèt sa, se pa
sèlman paske Lavyèj te fèt san peche; men se paske okenn mak peche pa t’ tache
sou li, paske li te kontinye nan eta sentete sa pandan tout lavi l’ sou tè a.
Li te rekonèt Bondye te chwazi l’, epi
li te viv selon volonte Granmèt la. Se poutèt sa lè Anj Grabriyèl te anonse li
pral anfante Jezi, li aksepte ak tout kè l’, paske li te toujou prè pou l’ fè
volonte Granmèt la malgre tout enkonvenyan (malgre li te pran angajman ak
Jozèf, li te konprann ke angajman ak Bondye pi konsekan pou li). Mari se yon
gwo ekzanp lafwa ak imilite.
Anpil fwa nou pito reyalize pwojè pa nou
yo olye nou kite pwojè Bondye reyalize nan lavi nou. Menm jan ak Lavyèj, nou
dwe toujou pare pou nou fè sa Bondye vle; se konsa tout kretyen dwe viv, paske
depi nan batèm nou, Granmèt la te chwazi nou kòm pitit li renmen anpil. Se pou
sa li pwòpte nou pou wete salte peche orijinèl la nan nou. Men anpil fwa nou
vire do bay Papa nou e nou pèdi gras nou te resevwa nan batèm nan.
Jodi a, an nou fè pawòl anj Gabriyèl
tounen pawòl pa nou pou nou salye Mari, antan n’ap rekonèt enpòtans li kòm «pon»,
kòm «kanal» ki fè nou jwenn liberasyon Granmèt la nan Jezikri.
LAPRIYÈ:Bondye, ou te vle pare yon kay alawotè Pitit
ou a. Se pousa ou fòme Mari san tach; Li Vyèj, li Sen. Ou prezève l’ pou okenn
peche pa touche l’, gras a lanmò Pitit ou a ou te prevwa a. L’ap priye pou nou.
Tanpri, pwòpte nou; fè nou gras, pou nou rive vin jwenn ou. Pa kite nou tonbe
nan pyèj tantasyon bèl bagay mond la ap ofri nou ki pou anpeche nou fè volonte
ou. Amèn.
PWOPOZISYON:Salye
Lavyèj Mari nan jounen jodi a avèk menm pawòl zanj Gabriyèl la, pwofite jounen
an pou ou fè yon dizèn chaplè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario