Páginas

MÈKREDI 16

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Syèl yo, fè lawouze tonbe sot anwo a!"
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI  45, 6b-8. 18. 21b-26
"Mwen menm Granmèt la, pa gen lòt; mwen menm ki fòme limyè a epi ki kreye fènwa yo, ki fè lapè epi ki kreye malè; se mwen menm Granmèt la ki fè tout bagay sa yo.
Syèl yo, fè lawouze tonbe sot anwo a, se pou nyaj yo fè Sa a ki kòrèk la tonbe tankou lapli! Se pou tè a louvri, pou l’ jèmen Sovè nou an, se pou jistis la leve ansanm ! Mwen menm Granmèt la mwen kreye l’".
Paske men sa Granmèt la di, li menm ki kreye syèl yo, li menm Bondye ki fòme tè a, epi ki fè l’, li menm ki fikse l’; se pa pou granmesi li te kreye l’, se pou yo te kapab abite l’ li te fòme l’: "Se mwen menm Granmèt la, pa gen dòt.
Èske se pa mwen menm Granmèt la, pa gen dòt Bondye an deyò m’? Bondye ki kòrèk, ki sove moun, pa gen sa andeyò m’. Tounen vin jwenn mwen, epi n’a sove, nou tout limit tè a, paske se mwen menm Bondye, pa gen dòt.
Se sou pwòp tèt mwen mwen fè sèman; nan bouch mwen se pawòl jistis k’ap sòti, li p’ap tounen; paske devan m’ tout jenou ap plwaye, tout lang ap fè sèman. Se pou l’ di, se nan Granmèt la jistis mwen ak kòmandman m’ ye; kote l’ y’ap vini, y’ap wont, tout moun ki te rayi l’ yo. Nan Granmèt la tout ras Izrayèl ap jwenn jistis ak lwanj".
SÒM REPONS 84, 9ab-10. 11-12. 13-14 (r.: Iz 45, 8)
R/ Syèl yo, fè lawouze desann sot anwo a, se pou nyaj yo fè Sa a ki kòrèk la tonbe tankou lapli.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman sove li sove a tou pre moun ki krenn li yo, pou glwa a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
"Anonse Jan sa nou tande ak sa nou wè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN  7, 19 -23
Lè sa a:
Jan rele de nan disip li yo, li voye yo kot Jezi, li di: "Èske se ou menm sa a ki te gen pou ou vini an, oubyen èske se yon lòt pou nou tann?" Lè mesye yo rive kote l’, yo di: "Jan Batis voye nou kote ou, li di: «Èske se ou menm sa a ki te gen pou ou vini an, oubyen èske se yon lòt pou nou tann?».
Menm lè sa a li geri anpil moun sot nan maladi ak enfimite, ak move lespri, li fè anpil moun avèg vin wè klè. Li pran lapawòl, li di yo:
"Ale anonse Jan, sa nou te tande ak sa nou te wè: paske avèg yo wè, bwate yo mache, lepre yo geri, soud yo tande, mò yo leve, pòv yo jwenn bon nouvèl la; ala kontantman pou moun ki pa skandalize akoz mwen".
REFLEKSYON : Avèk prezans Jezi, tout pwoblèm yo rezoud. Jan te sispèk Jezi te vini, men li te gen yon ti dout. Se pou sa li voye de nan disip li yo kot Jezi pou mande li : «Èske se ou menm sa a ki te gen pou ou vini an, oubyen èske se yon lòt pou nou tann?».
Jezi te vle Jan ak disip li yo konprann se li menm ki Mesi, se pa sitou atravè pawòl li, men atravè aksyon li. Se pou sa repons li voye bay Jan Batis la se : «Ale anonse Jan, sa nou te tande ak sa nou te wè: paske avèg yo wè, bwate yo mache, lepre yo geri, soud yo tande, mò yo leve, pòv yo jwenn bon nouvèl la ; ala kontantman pou moun ki pa skandalize akoz mwen».
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, alokazyon gran fèt nou gen pou nou fete pou Pitit ou a, fè nou jwenn remèd pou lavi sa a n’ap viv koulye a, epi fè nou favè rekonpans tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Jezi, ou menm ki deja prezan nan mitan nou, tanpri rete avèk nou. Ba nou kè poze.

No hay comentarios:

Publicar un comentario