Koulè Blan
6èm JOU ANNDAN
SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
PREMYE MOSO
LABIB
“Moun ki fè
volonte Bondye, li dire tout tan”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 12-17
Mwen ekri nou, ti pitit mwen yo, paske peche nou yo
padonnen poutèt non l’. Mwen ekri nou, papa yo, paske nou konnen sa a ki la
depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou ranpòte laviktwa
sou move a. Mwen ekri nou, timoun yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou,
jèn jan yo, paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou ranpòte
laviktwa sou move a.
Pa renmen tè a, ni bagay ki sou tè a. Si yon moun renmen
tè a, charite Papa a pa nan li. Sèke tout bagay ki sou tè a se move atirans chè
a, avèk move atirans je yo, avèk logèy lavi a ; sa pa vin sot nan Papa a,
men se nan tè a li sòti. Tè a ap pase, ni move atirans li a ; men moun ki
fè volonte Bondye a l’ap dire tout tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95,
7-8a. 8b-9. 10
R/ Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo, pote bay Granmèt la
glwa ak pouvwa,
pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Pote sakrifis, antre nan lakou l’ yo, adore Granmèt la
nan bèlte l’ ki sen an.
Tranble devan fas li, tout tè a.R.
Di nan nasyon yo : «Granmèt la roua». L’ap drese fas
tè a pou l’ pa souke ;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
“Li t’ap pale
osijè l’ak tout moun yo ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 36-40
Lè sa a :
Te gen Án, madanm ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl la, nan
ras Asè a ; li te granmoun anpil, li te viv avèk mari l’ pandan sèt ane
depi li te vyèj. Li te ret vèv jous nan katreven-katran, li pa t’ kite Tanp la,
li t’ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè lannuit ak lajounen. Nan menm lè sa a,
li vin rive tou, l’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap pale osijè l’avèk tout moun ki
t’ap tann redanmsyon Izrayèl la. Lè yo fin regle tout bagay daprè lalwa Granmèt
la, yo tounen nan Galile, nan vil yo a Nazarèt.
Kanta pitit la menm li t’ap devlope, li t’ap gen plis
fòs, li te plen ak sajès, gras Bondye a te nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, tout pèp Bondye a te kontan selebre gwo
kokenn mèvèy Nesans Granmèt nou an, Sila a Bondye Papa a voye sou latè, nan
mitan nou pou vin pote limyè Bòn Nouvèl Wayòm li an. Se menm rezon sa a ki fè
Apot Jan ki sen, nan lèt li a, kite bon jan ekzòtasyon sa yo pou moun ki akeyi
Pawòl Bondye a, ki se Jezi menm ki te pran chè nan vant Mari ki Vyèj la. Tout
moun san eksepsyon, kit li gran, kit li jèn, kit li piti, depi l’ viv daprè
Sajès Pawòl Bondye, l’ap mache viktwa sou viktwa. Apot la fè yo sonje sa, paske
yo se sila yo ki pote laviktwa sou peche ak sou lanmò a, gras a san Kris la ki
te koule a. Deja Batèm nan te fè nou tounen pitit Limyè a, li dwe kontinye fè
nou klere sou fas tè a nan aksyon ak nan pawòl nou yo. Apot la ap fè nou sonje
tou kòman se koze pa Bondye a pou nou chache regle nan lavi nou.Nou dwe gade
nan direksyon pwomès Bondye fè nou an jistan nou rive patisipe avèk Jezi nan
bèlte li a bò kote Papa li. Se pou sa nou dwe viv daprè Pawòl Bondye a, pou nou
vrèman pote yon chanjman radikal nan fason n’ap viv sou tè a. Nou fèt pou n’
viv valè levanjil la avèk anpil lafwa, avèk anpil renmen, avèk anpil lesperans
ak pèseverans.
Nan levanjil la yo pale
n’ de Án, madanm pwofèt la ki te konsakre tout lavi l’ nèt nan sèvis Bondye
Vivan an nan tanp lan. Se yon bèl ekzanp pou nou lè n’ wè menm nan laj avanse
li genyen an li te toujou ap pale de Sila a Bondye te gen pou l’ voye pou
delivre pèp li a. N’ap sonje se li k’ te anonse Mari manman Jezi nan tanp lan
kote Jezi Pitit li a ap tounen yon pèsonjaj enpòtan nan Izrayèl, kote li ta
pral yon siy inite ak divizyon, men Mari li menm ta pral santi zantray ap
dechire tèlman l’ap soufri. Sa nou dwe konprann, sèke kèlkeswa laj nou genyen
nou kapab akeyi Pawòl Bondye a, nou kapab viv reyalite lafwa nou an depi n’
rive nan laj larezon jiskaske n’ vin granmoun. Nou kapab konprann Granmèt la pa
janm bouke travay nan nou epi li toujou ap pouse nou pou n’ pote bay tout moun
ki poko rankontre ak Jezi bèl mesaj Wayòm li an, yon mesaj renmen, delivrans,
lavi, padon an, jistis, tèt ansanm, kè poze a, kè kontan an.Se yon mesaj ki bay
anpil lespwa.
Vini Jezi a vin pote
anpil chanjman nan yon sosyete kote moun yo ap viv tankou yon bann mouton san
gadyen. Vini Jezi a fè limanite vin nouvo, kote li rasanble nou nan yon sèl kò
ki ini nan fè sa Bondye vle ; kò sa a, se kò Jezi a menm, paske lè nou fè
sa li mande n’ nan, li fè yon sèl avèk nou epi li konekte nou avèk Papa li.
Moun ki koute li, se Papa a li koute ; moun ki meprize li, se Papa a li
meprize. Se pou tout kretyen sou latè aprann kite rankont yo ak Jezi transfòme
yo epi mete nan yo bon jan motivasyon pou yo viv epi temwanye Bòn Nouvèl Wayòm
nan sou fas tè a. Se pou Lespri Bondye a nou resevwa nan batèm nou an aprann
nou dekouvri kòman, yon fason oubyen yon lòt, nou tout se moun Jezikri rele pou
nou temwanye non li epi pou nou vin tounen moun ki devwe nan sèvis lòt yo ak
nan pwopaje bèl mesaj kè kontan an, kè poze a ak renmen an toupatou.
LAPRIYÈ : Fè nou favè, tanpri, Bondye ki gen tout
pouvwa, pou nouvo nesans Sèl Pitit ou a nan chè a delivre nou, nou menm ansyen
esklavaj la te kenbe anba jouk peche a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : An nou montre Sovè a nan mitan nou, antan n’ap
evite di move pawòl pou ofanse lòt yo epi poze aksyon ki pote lavi pou sila yo
ki pi fèb nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario