Páginas

JEDI 21

NOTREDAM ALTAGRAS,
Pwotektris pèp dominiken
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
"Men tifi ki vyèj la ap vin ansent"
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7,10-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di: "Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la".
Akaz di : "Mwen p’ap mande, mwen p’ap eseye Granmèt la".
Izayi di : "Koute non, kay David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: LIK 1, 46-55
R/ Li fè mèvèy pou mwen, sila-a ki gen pouvwa-a".
"Nam mwen ap fè lwanj Granmèt la, lespri-m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade jan sèvant li a pòv.
Reyèlman vre men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen gen chans, paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a, non l’ sen.R
Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo.
Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.
Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.R
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan".
Mari rete avèk Elizabèt twa mwa konsa, aprè sa, li tounen lakay liR
DEZYÈM LEKTI
"Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO  4, 4-7
Frè m’ yo :
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou l’ te kapab delivre nou, nou menm ki te anba lalwa a, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele: "Aba. Papa". Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras a Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Men w’ap pote yon pitit nan vant, w’a fè yon ti gason".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1,26-38
Lè sa a:
Bondye voye mesaje Gabriyèl nan yon vil Lagalile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèej la se te Mari.
Mesaje a antre kote l’, li di: "Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi". Lè l’ tande sa, li trouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a.
Mesaje a di l’: "Pa pè, Mari; ou jwenn favè kot Bondye: men w’ap ansent, e w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ fotèy David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini".
Mari di Mesaje a: "Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans gason"?
Mesaje a reponn li di l’: "Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sila a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sila a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sila a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot Bondye".
Mari di: "Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a". Mesaje a pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Notredam Altagras oubyen Vyèj Altagras, se youn nan non Lavyèj Mari. Se avèk non sa yo rekonèt li kòm «manman pwotektris ak espirityèl pèp dominiken an».
Kòm patwòn, yo fete fèt li chak ane nan dat 21 janvye, tankou jodi a. Jou sa tèlman enpòtan, yo sèlman konsakre li pou lapriyè. Konsa, jou sa a pa gen travay, se jou tout fidèl ki gen devosyon ak manman Mari ale nan bazilik ki dedye ak manman sa a nan zòn kote yo rele Igwey, nan pwovens Altagrasya, nan Repiblik Dominikèn. Konsa tou, genyen anpil peleren Ayisyen ki konn deplase sòti Ayiti pou yo kapab al mande konkou lapriyè Manman Mari, yon fason espesyal nan jou sa, puiske li se manman tout moun.  Se yon siy ki montre tou kijan pèp Ayisyen ak pèp dominiken dwe viv tankou bon jan vwazen epi tankou frè.
Gen anpil moun ki pale sou orijin Notredam Altagras ak sou kòman li te rive nan Repiblik Dominikèn, ak rezon ki fè yo venere li nan peyi a. Devosyon yo gen pou li a te kòmanse depi nan tan kolonizasyon, lè Kristòf Kolon te debake ak espayòl yo nan Amerik la.
Selon sa kèk istoryen ak pè Legliz Katolik la mansyone, depi nan dat 12 me 1502 yo te fonde yon pawas kote yo rele Savaleyon Igwe, anba lòd evèk Sen Domeng ki te rele Galsiya Padiya (García Padilla), puiske se lè sa a frè Trejo yo te rive Igwey: Alonso ak Antonyo, yo menm ki sanble te pote imaj Lavyèj la nan peyi a; mesye sa yo te soti nan zòn kote yo rele Plasensya, yon ti lokalite nan kominote Ekstramadoula, nan peyi Espay.  Yo di se nan kominote sa a ke Lavyèj te fè yon agrikiltè wè li sou yon pye bwa. Se poutèt sa yo rele li konsa, Gras ki sòti pi wo a ki sòti nan syèl la (Nan lang espayòl, alta = wo; gracia = gras).
Fèt Notredam Altagras la, se yon fè ki fè nou sonje kalite wòl li te jwe nan istwa delivrans limanite. Se yon fè ki fè nou sonje Mari se Manman, yon manman k’ap veye sou nou (Se pou sa nan peyi Ayiti, yo rele li Notredam Pèpetyèl sekou, sa vle di Manman ki pa janm sispann pote nou sekou).
Ansanm ak pèp dominiken an, an nou di manman sa a mèsi, antan n’ap fè li konfyans nèt ale, puiske se atravè li menm nou resevwa tout gras nan men Bondye.
LAPRIYÈ: Mèsi Papa Bondye poutèt Lavyèj Mari, Notredam Altagras ou ba nou kòm pwotektris ak manman espirityèl. Menm jan ou te rive jwenn nou atravè li menm, tanpri fè nou rive jwenn ou gras ak konkou lapriyè li. Fè de pèp ki pataje zile a rive mete tèt yo ansanm nan renmen, pou yo kapab konstwi yon lavi miyò pou pitit tè sa. Ou menm ki vivan e ki Wa depi toutan e pou toutan. Amèn.
PWOPOZISYON: Pran yon ti moman nan jounen an pou sonje Lavyèj Mari, se pa nenpòt fanm, men se yon fanm ki trè espesyal, puiske li se Manman Bondye epi li se Manman limanite.

No hay comentarios:

Publicar un comentario