Páginas

MADI 26

Koulè  Blan
TIMOTE AK TIT KI SEN, Evèk
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen sonje lafwa l’ la ki nan ou a, ki pa twonpe a".
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE   1, 1-8
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte Bondye, daprè pwomès lavi a, ki nan Jezikri a. Pou Timote pitit mwen renmen anpil la: gras, mizèrikòd, lapè sot nan Bondye Papa a ak nan Jezikri Granmèt nou an.
Mwen fè konpliman pou Bondye, li menm mwen sèvi depi papa mwen yo nan yon konsyans ki pwòp, se san rete mwen sonje ou nan priyè m’ lannuit ak lajounen, mwen anvi wè w’, mwen sonje dlo nan je w’ yo, pou kè m’ kontan nèt, mwen sonje lafwa l’ la, ki nan ou a ki pa nan manti a, ki te abite tou dabò nan grann ou Loyis, epi nan manman ou Enis, mwen sèten li nan ou menm tou.
Se pousa mwen avèti w’ pou w’ leve gras Bondye a ki nan ou a, lè m’ te met men sou tèt ou a Bondye pa t’ ba nou yon Lespri kè sote, men se yon Lespri fòs, renmen ak pou metrize kò nou. Konsa pa wont temwayaj Granmèt nou an ni chenn mwen an; men travay nan levanjil la daprè fòs Bondye a.
Pawòl Granmèt la
SÒM 95, 1-2a. 2b-3.7-8a. 10
R/ Anonse nan tout pèp yo mèvèy Granmèt la.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Anonse jou an jou delivrans li a.Anonse glwa l’ pou nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa, pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Di nan nasyon yo: "Granmèt la wa". L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL:
“Rekòt la anpil, men manke travayè”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 1-9
Aprè sa, Granmèt la a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l'ale.Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l'lan.Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon.Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di
Pèsonn bonjou nan chemen an.Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la.Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. Rete nan kay sa a; manje, bwè tout sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. Lè nou antre nan yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Jodi a n’ap sonje de (2) gran Sen nan Legliz la: Timote ak Tit. De gran sen, de gran Apot ki te viv nan premye syèk Legliz la. Ann fè yon ti rale sou lavi chak mesye sa yo, nan mezi sa Labib la pèmèt nou konnen sou yo.
Timote te yon Pitit ki te fèt nan yon fanmi melanje, sa vle di yon fanmi kote manman l’ te yon jwif trè kretyèn e papa l’ te yon grèk, yon etranje, yon payen. Manman l’, Enis ak grann li Loida te bali bon jan edikasyon ki chita sou prensip lafwa.Kidonk, Sa fè li te yon jèn aktif nan kominote kretyèn nan. Li te viv pèsekisyon  ak soufrans kretyen yo. Ansyen yo te sakre Timote kòm misyonè, Pòl te asiste nan òdinasyon an. Konsa li rive patisipe nan premye gran vwayaj misyonè sen Pòl epi li tounen disip ki te pi pwòch li. Timote te mwatye jwif mwatye payen e an plis kretyen. Se te yon nèg agreyab epi fidèl, men sitou li te timid anpil. Men sa pa t’anpeche Pòl mete konfyans li nan Timote, paske malgre li te jèn anpil, li te yon ekzanp nan kominote a, li te konn kenbe angajman l’; dayè pwòp non li di sa li ye : Timote vle di «Moun ki gen krentif pou Bondye».
Pou sa ki konsène Tit, nou pa konn plis ke sa Pòl di sou li. Nou konnen li se yon payen, petèt moun Antyòch ; se Pòl ki te levanjelize l’ nan youn nan vwayaj li te fè nan Legliz sa e depi lè sa li te tounen asosye l’. Kontrèman a Timote ki te yon disip, li menm li te yon lidè.  Li te akonpanye Pòl ak Banabe Jerizalèm pou y’al defann Levangil  Jezikri a lè gwo pwofesè jwif yo te vle fè kretyen yo tounen pran koutim seremoni Ansyen Testaman an, pa egzanp yo te vle oblije payen yo antre nan koutim sikonsizyon an. Nan premye Lèt Pòl ekri Legliz Korent la, li mete Tit nan tèt Legliz korent, Li bay kominote sa a Tit tankou sentiron, pou l’ rasanble frè yo, mete lòd nan mitan yo.
Nan Levanjil jodi a, Jezi di nou kèk atitid yon kretyen, yon misyonè dwe genyen. Menm ekzijans sa yo, apot lontan yo te konn swiv yo epi jiskaprezan gen anpil misyonè ki kontinye ap swiv enstriksyon sa yo.  Lè Bondye rele yon moun pou l’ vin travay nan Legliz la, se pa pou granmesi, se pa paske moun sa a gen anpil lajan ou byen li se gwo filozòf ; Bondye pa aji menm jan avèk nou, li pa gade moun sou aparans. Moun ki gen bon kè, ki pa pè travay menm lè yo rankontre difikilte, pafwa se pa yo menm ki pi save oubyen nou pi apresye. Timote ak Tit se te de etranje, men yo te travay, bay lavi yo pou Bòn Nouvèl Jezikri a. Menm jan ak Timote ak Tit, gen anpil mesaje Levanjil la k’ap preche pa sèlman ak bouch yo men tou ak temwayaj lavi yo.  
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi poutèt depi nan premye syèk yo ou te konn fè n’ kado lagras pawòl ou pa mwayen fanm ak gason ou te konsakre pou sèvis ou, tankou Timote ak Tit. Pèmèt nou swiv ekzanp renmen ak fidelite yo kite pou nou, pou nou kapab reponn ak pwòp angajman pa nou, pou nou konstwi yon lavi ki pi bèl chak jou pi plis.
PWOPOZISYON: Tout moun k’ap fè yon travay nan Legliz la. Pa gen pèsonn ki kab di li pa gen anyen pou l’ofri kòm sèvis nan kominote a. Si sa w’ap fè a, ou fè l’ byen, kit li gwo, kit li piti, se pou Bondye ou fè l’e frè ak sè w’ yo ap benefisye ladan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario