Páginas

MADI 5

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nou travèse sot nan lanmò a al nan lavi a, paske nou renmen frè n yo»
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN: 1Jn 3,11-21
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men nouvèl la, nou te tande depi nan kòmansman an, pou nou youn renmen loto Se pa tankou Kayen, ki te sot nan move a, ki te touye frè l la. Epi pouki sa li te touye l ? Paske aksyon l yo te move, men aksyon frè  l yo menm te kòrèk.
Pa sezi, frè m yo, si tè a rayi nou. Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò al nan lavi a, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa renmen, li rete nan lanmò. Tout moun ki rayi frè l, li se kriminèl, nou konnen okenn kriminèl pa gen lavi tout tan ki rete nan li.
Se nan sa nou konnen charite Bondye a, sèke sila te bay lavi l pou nou, nou menm tou nou dwe bay lavi nou pou frè nou yo.
Moun ki gen byen tè sa, epi li wè frè l ki nan bezwen, malgre sa li fèmen zantray li devan l, kijan charite Bondye a kapab rete nan li ?
Ti pitit mwen yo, pa renmen ak pawòl ni ak lang, men nan aksyon ak verite. Se nan sa nou konnen se nan verite a nou soti, epi devan fas li nou asire kè nou.
Sèke, si kè nou repwoche nou, Bondye pi gran pase kè nou, li konnen tout bagay. Nou menm mwen renmen anpil la, si kè nou pa repwoche nou, nou gen konfyans kot Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: Sm 99, 2. 3. 4. 5
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a,
Sèvi Granmèt la nan kè kontan;
Antre devan fas li avèk gran fèt. R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye;
Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye,
Pèp li ak mouton pak li. R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj,
Nan lakou l yo avèk kantik,
Fè lwanj li, fè konpliman pou non l’. R.
Sèke Granmèt la bon;
Pou tout tan kè l sansib,
Pou jènerasyon ak jènerasyon verite l la. R.
LEVANJIL
« Ou se pitit Bondye a, Wa Izrayèl la »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN: 1, 43-51
Lè sa a:
Jezi te vle pati al nan Lagalile;  li jwenn Filip. Jezi di l: "Suiv mwen". Filip menm se te moun Betsayid, vil Andre ak Pyè a. Filip jwenn Natanayèl, li di l: "Sila a Moyiz te ekri sou li nan laloua ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun Nazarèt la".
Natanayèl di l: "Nan Nazarèt, ki sa ki kapab soti debyen"? Filip di l: "Vini, wa wè". Jezi wè Natanayèl k'ap vin kote l, li di osijè l: "Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti". Natanayèl di l: "Kote ou konnen m"?
Jezi reponn. Li di l: "Anvan Filip te rele-ou, lè ou te anba pye fig la, mwen te wè ou". Natanayèl reponn li, li di: "Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl".
Jezi reponn, li di l: "Paske mwen di ou 'Mwen te wè ou anba pye' fig la', ou kwè; w'ap wè pi gran pase bagay sa yo". Li di l: "Anverite, anverite mwen di nou: n'ap wè syèl la louvri, ak mesaje Bondye yo k'ap monte­ desann anlè Pitit moun nan".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Depi nan kòmansman listwa Sali a, Bondye itilize plizyè fason pou l’ ka antre an kontak avèk nou. Genyen moun li rele yo dirèk, gen lòt li rele pandan yo nan yon sikonstans, konsa tou gen lòt menm se pa lentèmedyè yon lòt moun li rele yo. Kèlkeswa mwanyen Bondye itilize pou l’ rele n’ nan, nou dwe chèche tan pou li, pou nou swiv li.
Nan levanjil jodi a, Filip jwenn Natanayèl, li di l’: Sila a Moyiz te ekri sou li nan lalwa ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun Nazarèt. Natanayèl poze l’ kesyon li di l’: Nan Nazarèt kisa ki kapab sòti debyen? Kesyon sa a se yon kesyon ki sòti nan konpetisyon ki te ekziste ant de rejyon sa yo: Nazarèt ak Kana.
Anplis selon ransèyman eskrib yo, Mesi ki gen pou l’ vini an, l’ap sòtii Bètleyèm nan Jide, li pa dwe vini Nazarèt, nan Galile.
Anpil fwa, frè ak sè m’ yo, akoz yon ti pwoblèm nou genyen ak yon lòt fanmi, sa konn fè nou poze menm kesyon sa a: kisa ki bon ki kapab sòti nan fanmi sa a. Nou jije moun ak aparans, Bondye menm se avèk renmen li jije moun. Filip ba li menm repons Jezi te bay lòt disip li yo: vini w’a wè, se pa fòse Jezi fòse nou, men se yon envitasyon pou nou k’ap vin viv avèk li, pou nou kapab pataje misyon l’ nan.
Natanayèl pa t’ rete nan erè l’ la, li te gen kouraj pou li di: «Rabi ou se pitit Bondye, ou se wa Izrayèl». Pwofesyon Natanayèl fè Jezi rekonèt li tankou yon vrè pitit Izrayèl, yon nèg konsekan, yon moun ki pre pou l’ rekonèt fay li.
Frè ak sè m’ yo, jodi a Jezi envite n’ viv nan renmen, nan laverite, ak nan fidelite, paske si nou rete fidèl n’ap wè syèl la louvri, ak mesaje Bondye yo k’ap monte desann anlè Pitit Moun nan.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi pou Jezikri ki vin sove nou; fè m’ mache nan limyè renmen w’ lan chak jou, antan n’ap espere byen ou pwomèt nou yo. Amèn!
PWOPOZISYON: Kisa m’ap fè pandan jounen sa a, pou yo kab dekouvri m’ se yon pitit Bondye tout bon vre.

No hay comentarios:

Publicar un comentario