Koulè
Vyolèt
PREMYE
MOSO LABIB
"Se pou w’ jije pwochen w’ yon
fason kòrèk".
NAN
LIV LEVITIK 19, 1-2. 11-18
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
"Pale ak
tout foul pitit Izrayèl yo, w’a di yo:
'Se pou nou sen,
paske mwen menm mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa vòlè. Pa bay
manti, youn pa dwe twonpe pwochen l’. Pa fè sèman sou non m’, pa sal non Bondye
ou. Mwen se Granmèt la.
Pa bay manti sou
do pwochen w’, pa fè l’ pase tray. Pri travay anplwaye w’ la p’ap ret lakay ou
jous nan maten. Pa madichonnen moun soud, pa poze pyèj devan moun avèg; men se
pou w’ respekte Granmèt Bondye w’ la, paske se mwen menm ki Granmèt la.
Pa fè sa k’ pa
kòrèk, pa fè jijman ki pa kòrèk. Pa fè regadan pou moun ki pòv la, pa fè lwanj
figi sa k’ gen pouvwa a. Se yon fason kòrèk pou w’ jije pwochen ou. Pa
akize moun; pa pale moun mal nan pèp la. Pa kanpe pou w’ reklame lanmò pwochen
ou. Se mwen menm Granmèt la.
Pa rayi frè w’ nan kè w’, men se pou w’
reprann li an piblik, pou w’ pa gen peche sou li. Pa chèche vanjans, pa sonje
move pawòl moun menm peyi ak ou yo. Se pou w’ renmen zanmi w’ tankou ou menm,
se mwen menm Granmèt la".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
18, 8. 9. 10. 15
R/
Pawòl ou, Granmèt, se lespri ak lavi.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm,
temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan.
Kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la pwòp, li dire pou tout
tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk, yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch mwen fè w’ plezi, ni
refleksyon kè m’ devan fas ou. Granmèt,
ou k’ap pote m’ sekou, k’ap delivre m’.R.
LEVANJIL
"Chak fwa
nou fè pou youn nan pi piti frè m’sa yo, se pou mwen menm nou fè l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
25,
31-46
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè Pitit moun nan ap rive nan
bèlte l’, epi tout mesaje yo avèk li, lè sa a l’ap chita sou fotèy bèlte l’.
L’ap rasanble tout nasyon yo devan l’, l’ap separe yo youn sot kot lòt, tankou
yon gadyen separe mouton yo ak bouk yo. L’ap mèt mouton yo kanpe adwat li, bouk yo agoch li.
Lè sa a wa a ap di sa k’ adwat li yo:
"Vini, nou menm Papa m’ beni yo, pran posesyon rèy nan
yo te pare pou nou depi tè a te kòmanse
fèt la. Sèke mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, nou te ban m’
bwè; mwen te etranje, nou te resevwa m’; mwen te nikò, nou te abiye m’; mwen te
malad, nou te rann mwen vizit; mwen te nan prizon, nou te vin jwenn mwen".
Lè sa a moun kòrèk yo ap pran lapawòl,
y’ap di: "Granmèt, kilè nou te wè w’ grangou epi nou te ba w’ manje?
oubyen nou te wè w’ swaf epi nou te ba w’ bwè? kilè nou te wè w’ etranje epi
nou te resevwa w’? oubyen nikò epi nou te abiye w’? oubyen kilè nou te wè w’
malad oubyen nan prizon epi nou te vin jwenn ou"?
Wa a ap reponn, l’ap
di yo: "An verite mwen di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti
nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè l’".
Lè sa a atò l’ap di sila yo ki agoch li
yo: "Rale kò nou soti sou mwen, nou menm ki madichonnen, al nan dife tout
tan an, ki te pare pou dyab la ak mesaje l’ yo. Mwen te grangou, nou pa t’ ban
m’ manje; mwen te swaf, nou pa t’ ban m’ bwè; mwen te etranje, nou pa t’
resevwa m’; mwen te nikò, nou pa t’ abiye m’; mwen te malad epi mwen te nan prizon,
men nou pa t’ vizite m’".
Lè sa a yo menm tou y’ap pran lapawòl,
y’ap di l’: "Granmèt, kilè nou te wè ou grangou, oubyen swaf, oubyen
etranje, oubyen nikò, oubyen malad, oubyen nan prizon, epi nou pa t’ rann ou
sèvis"?
Lè sa a l’ap reponn yo, l’ap di: "An
verite mwen di nou, chak fwa nou pa t’ fè sa pou youn nan pi piti sila yo, se
pou mwen menm tou nou pa t’ fè l’".
Sila yo pral nan
chatiman tout tan an, moun kòrèk yo menm pral nan lavi tout tan an".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, pou
oryante ti refleksyon nou, n’ap konsidere de fraz: premye a, nou jwenn li nan
premye lekti a: ''Se pou nou sen, paske mwen menm Granmèt nou an mwen sen''.
Epi dezyèm nan, nou jwenn li nan Levanjil la: ''Chak fwa nou te fè sa pou youn
nan pi piti nan frè nou ak sè nou yo, se
pou mwen nou te fè sa''.
An nou reflechi
sou premye fraz la: ''Se pou nou sen, paske mwen menm Granmèt nou an mwen
sen''. Pawòl sa a, pou nou ka rive konprann li byen, fòk nou ta detaye chak mo,
epi nou kapab poze tèt nou kesyon sa a: Èske mwen ka rive sen menm jan ak
Granmèt la? Kòm repons, m’ap tou di w’ non ke w’ p’ap janm kapab rive sen menm
jan ak Granmèt la. Sentete sa a ke Granmèt la envite nou an, se yon envitasyon
pou nou fè yon pa an plis. Li envite nou pou nou, chak jou pi plis, fè plis
jefò nan lavi nou. Li envite nou pou nou
pran li kòm gran modèl nou nan lavi nou. Si nou li konsidere premye lekti a
byen, n’ap konprann ke li pa mande nou anyen ki enposib pou nou fè, sèlman, yo
ka yon ti jan difisil pou nou paske nou se moun. Tout sa li mande nou pou nou
fè yo, se yon fason pou nou kapab viv pi byen antre nou.
Dezyèm fraz ki atire
atansyon mwen epi mwen vle reflechi sou li avèk nou an, se yon fraz nou jwenn
nan Levanjil la: ''Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè nou ak sè
nou yo, se pou mwen nou te fè sa. '' Pafwa, nou konn wè yon seri kretyen ki kwè
nan lapriyè anpil, ki obsève anpil nan kòmandman yo men ki pa viv byen ditou ak
moun k’ap viv bò kote yo. Pafwa, menm nou menm k’ap pran pòz nou se bon kretyen
katolik tou konn tonbe nan koze sa a. Ak senp ti pawòl sa a, Jezi te klè ak
disip li yo, li envite yo pou yo pa bay tèt yo manti, paske si yo pa ka viv ak
moun ki bò kote yo, yo p’ap janm ka rive renmen Bondye Papa a tout bon vre
paske Bondye Papa a prezan nan lavi tout moun nèt alawonnbadè.
Anvan nou fini,
an nou serye ak tèt nou. Si mwen pa renmen frè mwen an ak sè mwen an ki bò kote
m’ nan, kòman mwen ka di ke m’ap sèvi Bondye? Si frè mwen an ak sè mwen an ki
rete bò lakay mwen an, tout tan m’ap joure l’, toutan mwen nan kont ak li, èske
mwen ka di mwen renmen Bondye ak tout kè mwen? Menm Bondye sa a ke m’ap di mwen
renmen ak tout kè mwen an, li p’ap viv nan frè sa a oubyen nan sè sa a ke m’ap
plede joure a? Si mwen pa ka pataje ak frè mwen an ke Bondye ap viv nan li a
oubyen ak sè mwen an ke Bondye ap viv nan li a, èske m’ ka chita ap fè elòj ke
mwen se yon vrè kretyen, ke nanm mwen ap sove lè dènye jou a rive?
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, tanpri, ede nou pou nou viv byen youn ak lòt sou tè a, pou nou ka rive
sen menm jan ak ou. Amèn
PWOPOZISYON : Bondye gen mizerikòd pou mwen,
m’ap aprann gen mizerikòd pou frè ak sè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario