Koulè Vyolèt
VANDREDI APRÈ LÈSANN
PREMYE
MOSO LABIB
« Èske se pa sa a pito : jèn nan mwen
chwazi a » ?
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI
58, l-9a
Men pawòl
Granmèt Bondye :
«Rele, pa
sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa ou ; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay
Jakòb la peche yo fè. Chak jou y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo,
tankou yon nasyon k’ap fè sa k’ kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap
mande m’ jijman jistis, yo vle pwoche kot Bondye :
« Pouki sa n’ap fè jèn, epi ou pa gade ;
nou rabese nam nou, ou pa konnen » ?
Men li : jou jèn
nou an, se volonte nou n’ap fè, n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li :
se nan batay ak diskisyon n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè
jèn tankou nou fè jous jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la.
Èske se kalite
mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap maltrete nam li tout lajounen ? Èske
se balanse tèt li tankou yon boul, mare ren l’ak sak ak sann ? Èske
se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt la plezi ?
Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen
chwazi a? Defèt chenn ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la,
ranvwaye sa k’ kraze yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki
grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon
moun ki ni-kò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè
ou ap eklate tankou granmaten, sante-ou ap leve byen vit, jistis ou ap mache
devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope ou. Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap
koute, w’ap rele, l’ap di : « Men mwen ».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 50, 3-4. 5-6a. 18-19
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè kè sansib ou ; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an.
Lave m’ byen
lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.
Sèke fot mwen an
mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan.
Se kont ou, kont
ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan ou nan mwen fè l’.R.
Ou p’ap pran plezi
nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’.R.
LEVANJIL
« Lè y’ap pran mesye marye a nan men yo,
lè sa a y’a fè jèn ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
9, 14-15
Lè sa a : Kòm
Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon Gerazenyen yo, disip Jan yo pwoche kote
l’, yo di : « Pouki sa nou menm ak farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip
pa ou yo menm, yo pa fè jèn » ?
Jezi di yo : « Èske
pitit yo ki avèk mesye marye a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk
yo? Men gen jou k’ap rive, lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa y’a
fè jèn ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Patizan Jan yo vin bò kot Jezi, yo di :
«Poukisa nou ansanm ak farizyen yo fè jèn, epi disip ou yo pa fè sa ? » Jodi a
Jezi prezante tèt li kòm nonm k'ap marye a epi nou konprann ke, nan kontèks sa
a, se pa tan pou fè jèn. Sansibilite Bondye a antoure nou, li bon pou nou kole
sou moun ki fè nou gade nan pwofondè a. Bondye se mesye marye pèp la, li vle
reveye tout kapasite renmen nou jwenn nan kè nou nan limanite, madanm li.
Jezi manyen ak geri kote patikilyèman ki
te blese nan limanite. Kè moun nan souvan pote soufrans, blokaj ak anpil
enkyetid. Sa a tou se plas angajman nan fidelite. Vin goute pou nou wè jan
Granmèt la bon. Moun yo envite nan nòs la pa kapab fè jèn lè Mari a ansanm avèk
yo. Sou tè a, malgrè
fènwa lafwa nou, Jezi toujou montre jan Bondye bon, jan li renmen nou.
Menm jan Apot
Jan di sa, nou bezwen pou nou pirifye nou pandan n’ap tann vizyon byenerez
Granmèt la. Jezi di nou, gen yon tan k’ap vini kote
Mari a ap leve. Anlèvman sa a, gen plizyè ekspresyon ladan l’ ; lè Laza te
malad, sè li yo te avèti Jezi : « zanmi w’ lan malad ». Yo fè jèn epi Jezi rete
kote yo pou li fòme vrè Apot li yo pou vrè lavi a ; li kondwi yo nan pèspektiv
rezireksyon an, Mat avèk Mari menm soufri nan absans Jezi a: « mèt si w’ te la
frè nou an pa t’ap mouri ».
Ebyen rezireksyon Laza montre vrè rezon
reta Jezi a. «Men gen yon jou k’ap rive mesye marye a ap monte avèk yo ; yap
kontinye fè jèn». Pwofèt yo anonse tan
jèn nan ki retwouve yo nan Levanjil la ! Nou menm ki sou tè a ak Mari a ki
monte nan syèl la, fòk nou pwofite tan sa a ki pa an kontradiksyon ak ak tan
limyè a. Mè Terasa te viv gran pati nan lavi li nan yon sechrès espirityèl. Se
la li ta pral pote sa ki pi fèb yo sekou.
Nan
lanmou Bondye nou eksperimante nan fènwa lafwa nou mete nou nan sèvis lòt yo.
Lanmou fratènèl se siy lanmou Bondye nan mitan nou. Pòv yo ap toujou avè nou !
Y’ap montre nou kouman nou kapab sèvi Jezi nan sa k’ pi piti yo : « tout sa nou
fè pou youn nan pi piti yo, se pou mwen menm nou fè li.»
LAPRIYÈ
: Granmèt,
tanpri, travay penitans la ki kòmanse a, fè nou favè kontinye l’avèk bon kè ou.
Konsa, konduit n’ap obsève ak kò nou an, n’a kapab reyalize l’avèk yon kè ki
sensè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON
: Fè kè nou kontan ak lòt yo pou nou
montre Jezi prezan, li vivan nan mitan nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario