Páginas

VANDREDI 26

Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Men sila a ki te fè rèv la k’ap vini: ann ale, n’ap touye l’".
NAN LIV LAJENÈZ 37, 3-4.
12-13a. 17b-28
Izrayèl te renmen Jozèf pi plis pase tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te anfante l’; li te fè yon rad long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan papa a te pi renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè avèk li.
Kòm frè l’ yo t’ap pase yon tan Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di Jozèf: "Frè w’ yo ap gadiyen mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote yo". Jozèf pati dèyè frè l’ yo, li jwenn yo Dotayin.
Yo menm, kon yo wè l’ depi byen lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè konplo pou yo touye l’. Youn pale ak lòt: "Men sila a ki fè rèv la k’ap vini: an nou wè, n’ap jete l’ nan yon vye pui, n’ap di: "Yon bèt sovaj devore li", konsa y’a wè ki sa rèv li yo te sèvi li".
Lè Riben tande sa, li t’ap eseye delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: "Pa touye lavi l’, pa vide san l’; men jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan, konsa n’a kenbe men nou san yo pa koupab". Li t’ap di sa, paske li te vle wete l’ sot nan men yo pou l’ renmèt li bay papa l’.
Men lè li rive kot frè l’ yo, yo wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl koulè a, sot sou li, yo mete l’ nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a.
Yo chita pou yo manje pen, yo wè Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad, avèk chamo yo ki t’ap pote losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’ yo: "Sa sa ap sèvi nou, si nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li pi bon si nou vann li bay Izmayelit yo, konsa nou pap sal men nou; sèke se frè nou ak chè nou li ye". Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo.
Lè machann Madyanit yo vin ap pase, yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay Izmayelit yo pou ven pyès lajan, Izmayelit yo kondui l’ Lejip.
Pawòl Granmèt la
SÒM 104, 16-17. 18-19. 20-21
R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.
Li rele grangou sou tè a, li kase tout baton pen, Li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo fikse pye l’ nan chenn, yo pase kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’.R.
Wa a voye lage l’, chèf pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’ posede.R.
LEVANJIL
"Men eritye a: vini, an nou touye li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
21, 33-43. 45-46
Lè sa a: Jzi di chèf prèt yo ak ansyen yo nan pèp la:
"Koute yon lòt parabòl: Te gen yon pèd’fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt lantouraj tout alantou l’, li fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay wo, li lwe jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen.
Lè tan fwi yo t’ap pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase premye yo, yo fè yo menm jan. Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: "Y’a respekte pitit mwen an".
Kiltivatè yo menm, lè yo wè pitit la, yo di nan kè yo: "Men eritye a: an nou wè, n’ap gen eritaj li a". Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?
Yo di l’: "L’ap fè yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon yo". Jezi di yo: "Èske nou pa t’ li nan Labib la:
Wòch la bòs mason refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?"
Se pousa mwen di nou, y’ap wete peyi wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon k’ap fè l’ donnen fwi l’".
Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt se osijè yo li t’ap pale. Yo t’ap chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Litiji pawòl Bondye pou jodi a pale nou de istwa yon jenn gason, ki te rele Jozèf la. Se yon istwa ki vrèman enteresan: lè nou fin li li, nou santi nou anvi li l’ ankò. Jakòb, papa Jozèf, te genyen douz pitit e se Jozèf ki te dènye. Jakòb te renmen l’ anpil paske li te sanble ak manman l’, poutèt sa, gran frè yo te jalou anpil, e yo te monte yon plan, yo fè konplo pou yo touye l’; men sa pa t’ rive fèt, paske yo te vin chanje lide. Olye yo touye l’, yo te vann li ak machann yo ki t’a prale nan peyi Lejip. Lè yo tounen lakay, yo fè manti kòmkwa yon bèt fewòs touye Jozèf kote l’ t’ap gade bèt papa l’ yo.
Konsa, nou wè depi nan tan lontan kòman jalouzi fè moun mechan. Jalouzi a lakòz divizyon, lanmò, dlo nan je. Jezi di nou veye, epi fòk nou priye anpil, daprè sa k’ap pase nan tan n’ap viv la, nou pa konnen sa ki kab rive. Sòm 104 la fè nou sonje istwa Jozèf la ki vin tounen gran wa nan peyi Lejip la epi ki te sèvi ak pouvwa li te genyen pou sove fanmi li, paske “lè nen pran kou, je kouri dlo”. Li sove lavi frè l’ yo ki t’ap mouri grangou. Bondye se renmen, pouvwa li san limit, l’ap veye sou nou tout; men fòk nou fè l’ konfyans, vire do bay mal la. Fòk nou gen yon kè mizerikòd, fòk nou aprann padone. Se leson sa a n’ap aprann nan istwa Jozèf la.
Levanjil Matye a jodi a prezante nou Jezi ki se Mèt lavi nou. Tout pouvwa se nan men l’ yo ye. Granmesi soufrans, lanmò ak rezireksyon Jezi, tout fòs fènwa yo pèdi batay. Se poutèt sa nou gen rezon pou nou kwè, pou nou pran kouraj, antan n’ap lite pou nou fè sa ki byen.
LAPRIYÈ: Tanpri Bondye Granmèt, ba nou yon kè mizerikòd pou nou kapab aprann renmen frè ak sè nou yo menm jan ou renmen nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap gade si mwen sanble ak Jozèf oubyen ak frè li yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario