Koulè Blan
DIMANCH REZIREKSYON GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
«Nou te manje,
nou te bwè avèk li, aprè li te resisite sot nan pami mò yo».
NAN
TRAVAY APOT YO 10, 34a. 37-43
Jou
sa yo:
Pyè
louvri bouch li, li di: “Nou konnen sa k’ rive nan tout Jide, kòmanse depi
Galile aprè batèm nan Jan te preche a: Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye te
sakre l’ ak Lespri Sen an ak fòs: li menm ki travèse antan l’ap fè byen, l’ap
geri tout moun dyab la t’ap maltrete, paske Bondye te avèk li. Nou menm nou
temwen tout sa l’ te fè nan rejyon Jwif yo ak Jerizalèm; li menm yo te touye
antan yo pandye l’ sou bwa a. Bondye fè l’ leve twazyèm jou a; li fè l’ parèt,
non pa devan tout pèp la, men devan temwen yo Bondye te chwazi davans yo: nou
menm, ki te manje, ki te bwè avèk li, aprè l’ te fin resisite sot nan pami mò
yo. Li pase nou lòd pou nou preche pèp la, pou nou sèvi temwen Bondye mete l’
kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo sèvi l’ temwen,
tout moun ki kwè nan li ap resevwa padon peche yo o non l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 117, 1-2. 16ab-17. 22-23
R/ Jou
sa a Granmèt la fè a; se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
(Oubyen: Alelouya, alelouya, alelouya).
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou
Izrayèl di sa koulye a poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men
dwat Granmèt la leve byen wo. Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte
travay Granmèt la.R.
Wòch
la bòs mason yo te jete a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt
la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se bagay anwo yo pou nou chèche,
kote Jezikri ye a».
LÉKTU
LÈT APOT PÒL KI SIN POU KOLOSYIN YO 3, 1-4
Frè
m’ yo:
Si
nou resisite ansanm avèk Jezikri, se bagay ki anwo yo pou nou chèche, kote
Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki
sou tè a; Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap
parèt, li menm ki lavi nou, lè sa a nou menm tou n’ap parèt ansanm avèk li nan
glwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li te gen pou l’ te leve sot nan
pami mò yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
20, 1-9
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn
rive granmaten, nan kavo a, pandan l’ te fènwa toujou; li wè wòch la leve sot
nan kavo a. Li kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmen an,
li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoZe l”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou lè de
ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a.
Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap
suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak
mouchwa a ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope
apa yon kote. Lè sa a
atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye nan kavo a, li wè, li
kwè. Sèke yo pa t’ ko konnen sa k’ ekri yo, li te gen pou l’ te leve sot nan
pami mò yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Sen Pòl di nou : «Si Kris la pa t’ leve sòti vivan
nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m’anonse nou, epi nou menm, nou
pa ta gen anyen pou nou kwè» (1Korentyen 15,14). Konsa, Dimanch Rezireksyon an
oubyen Dimanch Pak la, se fèt ki pi enpòtan pou tout patizan Jezikri, pou tout
kretyen, puiske se rezireksyon Jezi a ki bay lafwa nou sans. Kris la triyonfe
sou lanmò a e, gras a sa, li ouvri pòt syèl la pou nou. Nan lamès dimanch lan,
yon fason espesyal nou sonje gwo kè kontan sa a. Yo limen gwo chandèl Pak la ki
reprezante Limyè Kris la ki resisite e ki rete limen jouskaske jou Lasansyon an
rive, lè Jezi monte nan syèl la.
Rezireksyon Jezi a, se yon bagay istorik ; prèv nou genyen, sèke tonbo
a vid, epi Jezi parèt plizyè fwa devan Apot li yo. Lè
nou selebre rezireksyon Kris la, se pwòp liberasyon nou tou nou selebre. Nou
selebre echèk peche a ak lanmò a.
Mesaj santral fèt Pak
la, se Jezi ki leve byen vivan sòti pami mò yo. Nan twa tèks yo pou jodi a, nou
jwenn mesaj Pak la; nan premye moso Labib la nou wè Sen Pyè, ki te di li pa t’
konnen Jezi kèk jou avan, se li menm, nan liv Travay Apot yo, ki fè yon rezime
de tout sa k’ te pase Jezi jis li rive nan Rezireksyon an.
Nan dezyèm moso Labib
la, nou jwenn Apot Pòl, ki te konn ap pèsekite Legliz la, ki vin tounen temwen
Bòn Nouvèl la, kote l’ap anonse Jezi ki mouri e ki leve byen vivan. Toulède
mesye sa a yo fè eksperyans, yo goute Jezi, se sa k’ fè yo pa ka rete san yo pa
pale. Sa vle di, yon moun ki fè eksperyans Jezi, ki goute Jezi pa ka rete bouch
fèmen devan sa l’ wè ak sa l’ tande.
Pi devan nan Levanjil
la, nou wè kòman Mari Madlèn te rive an premye nan kavo a, li pa wè kò Jezi, li
panse yo te vòlè l’. Li pa t’ konnen sa k’ te gen pou rive aprè twa jou oubyen
li te bliye. Yon sèl bagay, li
tounen temwen menm moman an e li kouri anonse Bòn nouvèl la. Pyè okontre, li
antre, li konstate, li touche, li chèche wè. Byen souvan, nou kanpe, nou kwaze
bra nou devan reyalite lavi a, san nou pa janm chèche kòman nou kapab anbrase
yon sitiyasyon ki prezante devan nou.
Kavo a vid, Jezi
resisite! Se sou sa lafwa nou
chita. Li pran lanmò pou l’ ban nou lavi. Èske nou menm nou pwofite gras sa a,
favè sa a Bondye fè nou an ? Èske nou tounen temwen Bòn Nouvèl la menm jan
ak Pyè, Pòl ak Jan ?
An nou gade sou kisa lafwa nou chita nan gwo jou rezireksyon an ; kisa
nou fè pou nou vin tounen temwen Bòn Nouvèl la ? Anpil fwa mechanste lezòm
mete n’ nan kavo san nou pa mouri : lè nou pa viv ak diyite tankou pitit
Bondye, lè yo maltrete nou nan kò nou, nan kè nou ak nan lespri nou. Nou dwe fè
jefò pou nou kraze fòm lanmò sa a yo, pou nou kapab gen lavi menm jan avèk
Jezi.
Rezireksyon an,
se yon limyè pou klere tout moun e limyè sa a dwe reyone nan lavi chak kretyen
pou yo kapab emèt li bay tout moun, pou yo kapab goute nan jwa reziresksyon an
atravè pawòl yo, temwayaj yo ak travay apostola y’ap fè.
Kè
nou dwe vrèman kontan pou Rezireksyon Jezikri a, Granmèt nou an. Nan tan Pak sa
a ki kòmanse a, nou dwe pwofite tout lagras Bondye ba nou yo pou nou kapab
grandi nan lafwa epi tounen bon kretyen. An nou viv tan sa a nan
pwofondè.
Avèk Dimanch Rezireksyon an, Tan paskal
la kòmanse, tan kote nou sonje moman Jezi te rete ak Apot yo avan li te monte
nan syèl la jou Lasansyon an.
LAPRIYÈ : Granmèt Jezi, ou te vini bay lavi w’ pou nou, pou nou te
kapab gen lavi an kantite. N’ap mande w’ ede nou kore lavi nou sou reyalite fèt
Pak la, fè nou tounen vrè temwen Bòn Nouvèl sa a, pou yon jou nou rive
kontanple w’ fas a fas nan bèlte ou pwomèt nou an.
PWOPOZISYON : Mwen vle tounen
temwen Bòn Nouvèl la, Jezi ki mouri e ki leve byen vivan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario