Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DE MON KAMÈL
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo met lide
yo sou jaden yo, yo sezi kay yo».
LEKTI LIV
PWOFÈT MICHE 2, 1-5
Madichon pou nou menm k’ap fè kalkil ki pa vo anyen,
k’ap reyalize sa k’ mal sou kabann nou. Nan limyè granmaten yo fè l’, paske men yo kont Bondye. Yo met lide
yo sou jaden yo, yo pran yo ak fòs, yo sezi kay yo; yo fè pwosè enjistis kont
moun nan ak kay li, kont moun nan ak eritaj li.
Se pousa, men pawòl Granmèt la: «Men m’ap kalkile malè
sou fanmi sa a, kote nou p’ap kapab wete nwa-kou nou; nou p’ap mache ap leve
tèt nou, paske tan an ap move anpil. Jou sa a y’ap konpoze pwovèb sou nou, y’ap
chante yon kantik avèk dousè, moun yo ap di: «Yo fini nèt ak pèp nou an; pòsyon
pèp mwen an pase nan men lòt yo; kijan l’ fè kite m’, lè sila a k’ap separe
rejyon nou yo tounen an?»
Se pousa p’ap gen moun k’ap lonje chenn apantè eritaj
pou ou nan pèp Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 10
1-2. 3-4. 7-8. 14
R/ Pa bliye pòv yo, Granmèt.
Pouki sa, Granmèt, ou kanpe byen lwen, ou kache lè pou
ou ta parèt la, nan tray la?
Pandan mechan
an ap leve tèt li, l’ap pèsekite pòv la:
yo pri nan pyèj yo kalkile a.R.
Sèke moun peche
a ap leve tèt li nan anvi nam li anvi a:
sa k’ renmen
lajan an ap fè konpliman pou tèt li.
Moun peche a
meprize Granmèt la nan awogans li a:
«Li p’ap
mande kont, pa gen Bondye». R.
Bouch li plen
ak madichon ak riz, ak manti:
anba lang li
se tranzaksyon ak mechanste.
Li poste nan
kachèt pyèj bò kay yo, an kachèt, li touye inosan an.R.
Ou wè: ou
ekzamine tray ak doulè, pou ou pran yo nan men ou.
Pòv la lage
sou kont ou, se ou menm ki sekou òfelen an.R.
LEVANJIL
«Li pase yo
lòd pou yo pa fè konnen l’, pou sa k’ te ekri a kapab reyalize»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 14-21
Lè sa a:
Farizyen yo
sòti, yo fè konplo kont Jezi, pou yo wè kijan y’ap pèdi l’. Jezi menm konnen
sa, li rale kò l’ sot la; anpil foul suiv li, li geri yo tout. Li pase yo lòd
pou yo pa fè konnen l’, pou sa pwofèt Izayi te di a te kapab reyalize:
«Men pitit
mwen an, li menm mwen chwazi a, li menm mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi
nam mwen. M’ap mete lespri m’ sou li, l’ap anonse jijman an bay nasyon yo. Li
p’ap fè diskisyon, li p’ap rele fò, pèsònn p’ap tande vwa l’ sou plas la. Wozo
ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap tenyen li,
joustan jijman an sòti pou laviktwa a. Nasyon yo ap espere nan non li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Konplo se rezilta move lide. Gen yon pwovèb kreyòl ki
di : «Konplo pi fò pase wanga».
Mo «konplo» nou jwenn nan levanjil Matye nou li jodi a, se pa yon mo ki
etranj pou nou, paske nou konnen byen ki siyifikasyon li genyen, paske se yon
bagay nou eksperimante nan lavi nou. Jounen jodi a nou konstate tout kote gen
konplo. Konplo gwo peyi ap fè sou do ti peyi ; konplo mechan pou detwi
lavi nan zak teworis ; konplo papa, manman, frè, sè, zanmi, kamarad ap fè
youn sou do lòt. Sa vle di, nou envante tout pretèks, tout mansonj pou nou
detwi repitasyon ak onè lòt la, e pafwa pou nou menm touye li. Bondye pa pran
plezi nan bagay sa yo. Se sa ki fè lè nou gade istwa biblik la, sòti nan Abèl
pou rive nan Jezi, tout moun ki sibi konplo, Bondye toujou pran defans yo, li
ba yo jistis.
Farizyen yo t’ap fè konplo kont Jezi. Yo t’ap fè kè yo
di. Men Jezi menm t’ap
fè travay Papa li te konfye li. Nan mitan mechanste lèzòm Bondye ap fè nou
konnen ke li renmen nou. E li mete moun sou wout nou pou defann kòz nou. Pwofèt
Miche ap pale pou nou tout ki gen move lide nan tèt nou jodi a, pou nou chanje
fizi nou zepòl. Pou nou pran Bondye kòm sèl avoka nou.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri vide plis renmen nan kè nou pou nou
sispann fè konplo sou do lòt yo. Aprann nou renmen youn lòt menm jan ou renmen
nou. Pa pouvwa Jezikri ki te vin montre nou kalite renmen sa a. Amèn.
PWOPOZISYON : Pa patisipe nan konplo ni bay manti sou moun.
Dekouraje moun k’ap fè konplo. Denonse zaj enjistis nan anviwònman ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario