Koulè Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH KARÈM
PREMYE LEKTI
«Bondye rele
Abraam, pou l’ papa pèp Bondye a».
LEKTI LIV LAJENÈZ 12, l-4a
Jou sa yo:
Granmèt la di Abraam:
«Pati sot nan peyi ou, ak nan fanmi
ou, ak nan kay papa ou, vini nan peyi a m’a montre ou la. M’ap fè ou vin tounen
yon gran nasyon, m’ap beni ou, m’ap fè non ou vin gran, w’ap beni. M’ap beni
moun ki beni ou yo, m’ap madichonnen moun ki madichonnen ou yo, tout fanmi sou
tè a ap beni nan ou». Abraam pati, jan Granmèt la te pase l’ lòd la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
32, 4-5. 18-19. 20 e 22
R/
Se pou kè
sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout
aksyon l’ yo nan fidelite.
Li renmen jistis ak jijman, kè
sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki
respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li,
pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò,
pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nam nou ap konte sou Granmèt la,
paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.
Se pou kè sansib vin sou nou,
Granmèt, tankou nou gen espwa sou ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Bondye rele
nou, li klere nou»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TIMOTE 1, 8b-10
Ou menm mwen renmen anpil la:
Bay konkou ou nan levanjil la daprè
pouvwa Bondye, li menm ki delivre nou, ki rele nou yon fason pou nou vin sen,
se pa daprè aktivite pa nou, men daprè desizyon pa l’ ak favè a li te ba nou
nan Jezikri depi anvan syèk tan yo.
Koulye a menm favè a vin klè gras a
limyè Sovè nou Jezikri, li menm ki detwi lanmò a, ki klere lavi a avèk
posibilite pou nou pa peri nèt la gras a levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Fas li
klere tankou solèy»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 17, 1-9
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè l’
la, li mennen yo sou yon mòn ki wo anpil, yon kote apa; li chanje fas devan yo.
Fas li vin klere tankou solèy, rad li vin blan tankou lanèj. Gen Moyiz ak Eli
ki vin parèt devan l’ k’ap pale avèk li.
Pyè pran lapawòl, li di Jezi:
«Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit la,
youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli».
Pandan li t’ap pale toujou, yon nyaj
klere vin kouvri yo ak lonbraj li. Yon vwa sòti nan nyaj la, li di: «Sa a se
Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn bon plezi m’: koute li». Disip yo ki tande sa, yo tonbe sou fas yo, yo
sezi anpil.
Jezi pwoche, li touche yo, li di yo:
«Leve pa pè». Yo leve je yo, yo pa wè pèsonn sof Jezi sèl. Pandan y’ap desann
sot sou mòn nan, Jezi pase yo lòd, li di: «Pa di pèsonn vizyon an, joustan
Pitit moun nan leve sot nan pami mò yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Atravè
Transfigirasyon an, nou fè yon ti goute bèlte Jezi a, li menm ki pa abandone
chemen Jerizalèm nan. Nou pa kapab rive gen kè kontan tout bon vre a, si nou pa
rete nan wout la jiskalafen; men nou pa kapab pèsevere non plis si nou pa fè
eksperyans bèlte nou espere a. Bondye fè mesye yo konnen bèlte Jezi a sou tèt
mòn nan. Se yon bèl eksperyans kote sa yo yo rive jwenn sa yo te espere nan Moyiz ak
Eli a (Ansyen Kontra); Pyè, pòtpawòl disip yo poko fin konprann. Jezi se Pitit Papa a renmen anpil la. Lè nou
fè ekspeyans mesye yo te fè sou tèt mòn nan tounen eksperyans pa nou, sa ap ba
nou fòs ak kouraj pou nou kontinye chemen an ki pa fasil la, chemen lakwa a.
Nou se yon pèp peleren menm jan ak
Abraam ak fanmi l’ yo. Nou sòti anpil fwa ak tout fanmi
nou pou n’ chèche lavi. Nou dwe sonje Bondye avèk nou tout kote nou ye. Jezi
la, li pa lage nou, nou pa bezwen pè dyaloge ak li, konfye li pwoblèm nou yo.
L’ap di nou chak jodi a: «Mwen renmen w’, ou se pitit mwen, mwen p’ap janm lage
w’. Mwen vle ou abite avè m’, mwen vle ou konnen kilès mwen ye. Mwen se Pitit
Bondye renmen anpil la, koute mwen».
Nou pa gen lòt
vwa pou nou koute, lòt wout pou nou swiv ke wout Jezi a. Se li ki mouri pou
nou, se li ki ba nou lagras, li ka delivre nou, se li k’ ka padone nou tout bon
vre, se li ki ba nou lavi pou tout tan.
Pyè santi yon
admirasyon ki si tèlman gran li di : «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit
la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli». Lè nou avèk Jezi kè nou dwe kontan. Lè nou nan kay Bondye a, Legliz la
nou pa dwe tris. Nan chemen lapriyè sa se pou n’aklame mèvèy Bondye yo. Poutèt
sa se pou nou obeyi ak pawòl Jezi a. Fòk nou tounen vin jwenn li. Dimanch
transfigirasyon an envite nou fè yon gwo chanjman nan lavi nou, pou nou ka
kontanple bèlte Granmèt la, antan n’ap mache sou chemen lavi a.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm
ki te pase nou lòd pou nou koute Pitit ou a ou renmen an, tanpri, swen nou
anndan kè nou ak pawòl ou a, pou nou fete lè nou wè glwa ou ak je lespri nou ki
netwaye. Tanpri montre nou kòman pou nou rete soude ak Jezi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Nou pa gen
rezon pou n’ap plenyen, an nou di mèsi Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario