Koulè Blan
FOTÈY PIÈ KI
SIN, Apot
Fèt.
PREMYE LEKTI
« Mwen ansyen ansanm avèk nou, mwen temwen soufrans Jezikri yo ».
NAN PREMYE LÈT
APOT PYÈ KI SEN 5, 1-4
Nou menm mwen
renmen anpil la:
Ansyen yo, ki
nan pami nou yo, mwen priye nou, mwen menm ki ansyen ansanm avèk nou, ki temwen
soufrans Jezikri yo, k’ap kominike glwa l’ la ki gen pou l’ devwale apre a:
okipe bann mouton Bondye yo ki nan mitan nou yo, prevwa sa l’ bezwen san yo pa
bezwen fòse nou, men avèk tout kè nou daprè Bondye, san nou pa chèche avantaj
malonnèt, men ak tout bòn volonte nou; san nou pa kòmande kòm mèt sou moun yo
nou responsab la, men antan nou vin tounen modèl pou bann mouton yo ak tout kè
nou. Konsa, lè chèf gadyen yo ap parèt, n’a resevwa kouwòn glwa ki p’ap fennen
an.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 22, 1-3. 4. 5. 6
R/ Granmèt la swen
m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap
kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil
li mennen m’, li refè nam mwen. Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’.R.
Sèke menm si
m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou, se yo k’ap
konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase
tray la;
ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak mizerikòd k’ap rapousuiv mwen tout tan
lavi m’ m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
ALÉLOUYA AK VÈSÈ ANVAN LÉVANJIL Mt 16, 18
R. Alélouya. Ou sé Piè, é sé sou ròch sa-a m-ap bati Égliz
moui-an,
pòt lanfè yo pap ranpòté viktoua sou li. R. Alélouya.
LEVANJIL
«Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa
syèl la».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive
nan rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Ki sa moun yo
di Pitit moun nan ye»?
Yo menm yo di: «Genyen se Jan-Batis, dòt menm se Eli, dòt
ankò se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo».
Jezi di yo: «E nou menm ki sa nou di mwen ye»?
Simon Pyè
pran lapawòl, li di: «Ou se Kris, Pitit Bondye vivan an».
Jezi pran
lapawòl, li di l’: «Ala kontantman pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè
ni san ki fè ou konn sa, men Papa m ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se
Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa
kont li; m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare
nan syèl la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a 22 fevriye, Legliz la ap fete fѐt Fotѐy Sen Pyѐ. Pyѐ
ak Fotѐy li a tounen wὸch
Granmѐt la bati Legliz li a,
avѐk pwomѐs
ke menm pouvwa lanfѐ p’ap ka fѐ
l’ anyen. De mil an aprѐ yon senp eleksyon de Pyѐ,
kretyen nan tan pa nou an, nou temwen ke devan tout fὸs
advèsѐ, tout tantasyon, devan
tout sa nou pa ka konprann, Legliz Jezkri a kanpe pi rѐd
e li kontinye ap pwoklame avѐk
menm fὸs la, ke Jezi se Mesi a,
Pitit Bondye vivan an, pandan n’ap tann jou l’ap retounen an.
Nan gran fѐt
sa a n’ap fete ekzistans Legliz ke JeziKri te fonde a, Legliz sa a ke y’ap
atake chak jou, tout kote nan lemond, men ki pa janm ebranle, ki toujou rete
solid paske li gen rasin li plante nan Jezikri. N’ap selebre Legliz katolik ki
fѐ nou sonje sa Jezi te di
Pyѐ: «Ou se wὸch
e se sou wὸch sa a m’ap bati Legliz
mwen an.» Vrѐman, depi Jezi te fin
jwe avѐk mo sa a yo, pou l’ te
bay Pyѐ gwo responzabilite sa
a, sa vle di, li te rele l’ ansanm ak tout moun k’ap vini aprè l’ yo pou yo dirije
avѐk anpil renmen nan kѐ
yo Legliz sa a, Legliz katolik ke Jezi sѐl
chѐf li. Wi se Jezi ki chѐf Legliz la epi Pap la
li menm, se tѐt vizib Legliz la a.
Jezi te chwazi Pyѐ pou dirije Legliz la,
aprè Pyѐ fin mouri, fὸk te gen lὸt moun ki ranplase l’ pou
kontinye travay la; ebyen se sa k’ fѐ nou gen pѐsonaj sa a nan tѐt Legliz la ki rele Pap
e chak fwa youn mouri, yo eli yon lὸt pou ka kontinye sa
Jezikri li menm li te fѐ pou mete Legliz li a kanpe. Donk
sou tout sa nou konn tande kѐk moun ki pa konnen reyalite Legliz katolik la ap
di, jodi a reyalite a se sa li ye. Chѐz Sen Pyѐ a nan vil Wὸm, kote moun ki
vini aprè l’ la chita, men li anbrase tout Legliz atravѐ lemond, se sa k’ fѐ
nou di, Legliz katolik la li inivѐsѐl (Se sa mo katolik la vle di menm, depi
nan rasin li).
Nou menm ki se kretyen
katolik, lѐ nou gade kὸman Legliz nou an pran nesans, lѐ nou sonje ki moun ki
chѐf dirѐk Legliz sa a e moun ki dirije l’ la se siksesѐ moun Jezi menm te mete
nan tѐt li a, nou dwe fyѐ pou nou di nou se kretyen katolik. Men anpil fwa nou
pito kache idantite nou, nou wont di se katolik nou ye, paske nou pѐ yon seri
de moun k’ap atake nou ke menm yo menm yo pa konnen fondman Legliz pa yo
a.
An avan kretyen katolik, li
Labib nou, chѐche konn reyalite Legliz nou an, konsa n’ap ka defann nou, defann
Legliz nou an, bѐl Legliz sa a Jezi te kite pou nou an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou plen pouvwa,
n’ap priye ou. Pa kite okenn kontraryete frape nou. Ou deja fin poze nou fèm
sou wòch temwayaj Apot yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap priye
pou Legliz la ak pou tout dirijan li yo. M’ap angaje mwen nan yon sèvis nan Legliz.
No hay comentarios:
Publicar un comentario