Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Men sila a
ki te fè rèv la k’ap vini : an ale, n’ap touye li».
LEKTI LIV LAJENÈZ 37, 3-4. 12-13a.
17b-28
Izrayèl te renmen Jozèf pi plis pase
tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te anfante l’; li te fè yon rad
long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan papa a te pi
renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè avèk li.
Kòm frè l’ yo t’ap pase yon tan
Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di Jozèf: «Frè ou yo ap gadiyen
mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote yo». Jozèf pati dèyè frè l’ yo, li jwenn
yo Dotayin.
Yo menm, kon yo wè l’ depi byen
lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè konplo pou yo touye l’. Youn pale
ak lòt: «Men sila a ki fè rèv la k’ap vini: an nou wè, n’ap jete l’ nan yon vye
pui, n’ap di: «Yon bèt sovaj devore li», konsa y’a wè ki sa rèv li yo te sèvi
li».
Lè Riben tande sa, li t’ap eseye
delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: «Pa touye lavi l’, pa vide san l’; men
jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan, konsa n’a kenbe men nou san yo pa
koupab». Li t’ap di sa, paske li te vle wete l’ sot nan men yo pou l’ renmèt li
bay papa l’.
Menm lè li rive kot frè l’ yo, yo
wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl koulè a, sot sou li, yo mete l’
nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a.
Yo chita pou yo manje pen, yo wè
Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad, avèk chamo yo ki t’ap pote
losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’ yo: «Sa sa ap sèvi nou, si
nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li pi bon si nou vann li bay
Ismayelit yo, konsa nou p’ap sal men nou; sèke se frè nou ak chè nou li ye».
Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo.
Lè machann Madyanit yo vin ap pase,
yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay Izmayelit yo pou ven pyès lajan,
Izmayelit yo kondui l’ lejip.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 16-17. 18-19. 20-21
R/
Sonje mèvèy
Granmèt la fè yo.
Li rele grangou sou tè a, li kase tout
baton pen, li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo fiske pye l’ nan chenn, yo pase
kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’.R.
Wa a voye lage l’, chèf pèp yo
ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’ posede.R.
LEVANJIL
«Men eritye
a: vini, an nou touye li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 21, 33-43. 45-46
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak
ansyen yo nan pèp la:
«Koute yon lòt parabòl: Te gen yon
pèd-fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt lantouraj tout alantou l’, li
fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay wo, li lwe jaden an bay
kiltivatè yo, li pati byen lwen.
Lè tan fwi yo t’ap pwoche, li voye
sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè
l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt ak kout wòch.
Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase premye yo, yo fè yo menm jan.
Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: «Y’a respekte pitit mwen an».
Kiltivatè yo menm, lè yo wè pitit
la, yo di nan kè yo: «Men eritye a: an nou wè, n’ap gen eritaj li a». Yo pran
l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive,
ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?
Yo di l’: «L’ap fè yo peri move lanmò,
l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon
yo». Jezi di yo: «Èske nou pa t’ li nan labib la:
Wòch la bòs mason refize a, se li
menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt, se yon
bagay ekstrawòdinè nan je nou?»
Se pousa mwen di nou, y’ap wete peyi
wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon k’ap fè l’
donnen fwi l’». Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt
se osijè yo li t’ap pale. Yo t’ap chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske
yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pa gen anyen
lanbisyon p’ap fè nou fè. Se pou nou kontante nou ak sa Bondye ba nou: lè ou
gen lanbisyon ou pa kapab gen renmen nan kè ou; se rayisans, jalouzi, ak
mechanste ki plen kè ou. Nou wè kisa lanbisyon kapab fè: frè Jozèf yo te deside
pou yo touye l’, nou wè ankò kijan lanbisyon fè kiltivatè yo te vle touye
eritye tè yo t’ap travay la. Lè lanbisyon, jalouzi ak mechanste anpare nou, nou
bliye valè ak sans lavi moun genyen. Lavi nou se kado Bondye fè nou, se poutèt
sa nou dwe respekte lavi pa nou ak lavi lòt yo. Kòm se Bondye ki bay lavi, se
poutèt sa lè nou gen lide detwi lavi, Bondye toujou voye yon lòt moun pou
delivre l’; sa ki te pase pou Jozèf, Granmèt la te voye machann yo vin achte l’
pou frè yo pa t’ touye l’.
Gen yon pwovèb ki di «lè
ou renmen tout bagay pou ou, ou pèdi tout»; se sa Sen Mak vle fè nou konnen
atravè Levanjil li ekri a. Nou wè kiltivatè a te renmen tè a jis li touye
eritye a, se konsa li pèdi tè a tou.
An nou gade bò kote pa nou, kijan lanbisyon ap fè ravaj
nan sosyete a, nan kominote nou yo, nan peyi nou ak nan fanmi nou, ki fè nou pa
rekonèt sèvitè Bondye voye kote nou, menm pitit la li voye pou l’ kapab sove
nou, nou touye l’. Jodi a se sa nou wè
k’ap pase. Konsa, nou dwe vire do bay tout fòs fènwa ki mete nou dozado youn ak
lòt, tankou lanbisyon, jalouzi, mechanste.
Ann fè jefò pou bagay sa yo pa detwi lavi nou, puiske se
Bondye ki bay lavi. Ann remèt li lavi nou, pou l’ fè sa li vle avèk li, pou
lavi kab genyen sans.
LAPRIYÈ : Granmèt, padon pou chak fwa mwen kite
lanbisyon ak jalouzi fè m’ pa respekte lavi moun sou tè a ; tanpri soutni
jefò m’ap fè pou m’ lite kont bagay sa yo, ede m’ rete nan renmen w’ nan pou m’aprann
renmen menm jan ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap swiv Levanjil la, mwen p’ap aji selon opinyon ak dezi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario