Koulè Blan
DEZYÈM
DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Tout moun
ki te ansanm, yo te gen tout bagay an komen».
LEKTI TRAVAY APOT YO 2, 42-47
Frè
yo te pèsevere nan ansèyman Apot yo, ak kominyon pen an yo separe a, ak priyè
yo.
Sezisman te rive nan tout kè. Te gen
anpil pwodij ak siy ki t’ap fèt pa lantremiz Apot yo nan Jerizalèm, te gen gwo
krentif nan tout moun. Tout
moun ki te kwè yo te ansanm, yo te gen tout bagay an komen: yo te vann
pwopriyete yo ak byen yo, yo te separe yo pou tout moun, daprè sa chak moun te
bezwen.
Chak
jou yo te pèsevere ansanm nan Tanp la, yo te separe pen an lakay yo, yo te konn
pran manje a avèk kontantman ak yon kè senp, antan y’ap fè lwanj Bondye, yo te
gen favè tout foul la. Chak jou Granmèt la te ajoute nan yo lòt moun, ki te
sove yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 2-4. 13-15. 22-24
R/ Fè
lwanj Granmèt la poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan; Se
pou kay Aawon an di sa koulye a, poutèt kè l’ sansib pou tout tan; Se pou sa yo
ki krenn Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Yo
pouse m’ byen pouse, pou m’ tonbe, men Granmèt la pote m’ sekou. Fòs mwen ak
lwanj mwen se Granmèt la, li sèvi m’ delivrans.
Vwa
kè kontan ak delivrans nan tant sa yo ki kòrèk yo.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan
Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou. Sa a se
jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li refè nou nan esperans vivan an
gras a rezireksyon Jezikri sot nan pami mò yo».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 3-9
Konpliman pou Bondye, ak Papa
Granmèt nou Jezikri, li menm ki refè nou nan esperans vivan an gras a
rezireksyon Jezikri sot nan pami mò yo, daprè gran kè sansib li a, pou yon
eritaj ki p’ap detwi, ki p’ap sal, ki p’ap vin vye, k’ap dire nan syèl la pou
nou, nou menm yo prezève pou delivrans la gras a lafwa a, nan pouvwa Bondye a,
delivrans sa a yo pare pou devwale l’ nan dènye tan an.
Nan li nou gen kè kontan, menm si
koulye a, nou gen pou nou gen chagren nan divès bagay k’ap tante nou; pou eprèv
lafwa nou an ki gen plis pri pase lò a, sa yo eseye nan dife a, li rive nan
lwanj ak glwa ak konsiderasyon nan revelasyon Jezikri a, li menm nou renmen san
nou pa wè l’ la; li menm nou kwè nan li, menm si koulye a nou pa wè l’ la;
antan nou kwè a n’ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki nan glwa, n’ap
jwenn rekonpans lafwa nou nan delivrans nam yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Aprè ui
jou, Jezi rive».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-31
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou
semèn nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif
yo, Jezi rive, li kanpe nan mitan, li di yo: «Lapè pou nou». Pandan l’ap di sa, li montre yo men
yo ak bò kòt la. Disip yo kontan, lè yo wè Granmèt la.
Li
di yo ankò: «Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye
nou». Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: «Resevwa Lespri Sen an. Moun nou
renmèt peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo y’ap ret kenbe».
Toma
menm, youn nan douz yo, sa yo rele Didim nan li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini
an. Lòt disip yo di l’: «Nou te wè Granmèt la».
Li
menm li di yo: «Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa met dwèt mwen nan
plas klou yo, si m’ pa met men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè».
Aprè
ui jou, disip li yo te anndan an ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te
fèmen, li kanpe nan mitan, li di: «Lapè pou nou». Aprè sa, li di Toma: «Met
dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan bò kòt mwen, sispann ret
san lafwa, se pou ou gen lafwa». Toma reponn, li di l’: «Granmèt mwen ak Bondye
m’!»
Jezi
di l’: «Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè epi ki
kwè». Jezi fè anpil lòt siy ankò devan disip li yo, yo pa ekri nan liv sa a. Sa
yo, yo ekri yo, pou nou kwè Jezi se Kris Pitit Bondye, epi pou antan nou kwè a,
nou gen lavi o non l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, nou rive nan dezyѐm dimanch Pak. Fѐt Pak la pa fete sѐlman jou dimanch rezirekyon an, men nan tout peryὸd Pak la, nou kontinye fete tankou nan premye dimanch
lan. An nou gade ki mesaj pawὸl Bondye a pote pou nou jodi a.
Bondye pa pou kont li, se yon kominote renmen ki gen Papa, Pitit la ak
Lespri Sen an. Nou tout nou oblije fѐ pati yon kominote lafwa, lanmou ak lesperans ki gen
rasin li nan Jezikri ; kominote ki sanble ak kominote renmen an ki gen
Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Se sa nou li nan premye
moso Labib la, kote pwemye kretyen yo t’ap viv nan linite youn ak lὸt, yo te
mete epi pataje tout sa yo te genyen ansanm. Moun ki te vann sa yo te genyen,
yo te pataje antre yo selon nesesite chak moun.Yo te reyini chak jou pou yo
lapriyѐ, pou yo pataje pen epi ankouraje lὸt moun avѐk ansѐyman yo, pou yo te
antre vin jwenn yo nan gwoup la. Premye kominote kretyen sa a, pa t’ pou kont
yo paske yo te gen tout bagay fonde sou Jezikri. Jezi se wὸch nou kapab apiye
lavi nou, se li menm ki ka fѐ nou jwenn lajwa nou te pѐdi ak lapѐ n’ap chѐche
a.
Jou sa a, se jou mizerikὸd la, se jou kè Granmѐt la manifeste l’, wi se sa jou rezireksyon an ye, kote
Jezi kase tout chenn epi libere nou sòti anba esklavaj peche. Nou dwe fѐ kѐ nou kontan, paske wὸch bὸs mason yo te jete a vin tounen wὸch kwen ki kenbe kay la. Sa vle di, Jezi yo te maltrete,
yo te fѐ l’ sibi tout imilyasyon nan jou Vandredi Sen an, se li
ki resisite jou Dimanch Pak la epi k’ap viv pou toutan nan laglwa Papa li.
Kominote moun ki mete lafwa yo nan Jezi ki resisite a, se pi gran fὸs nou, nan soufrans avѐk tout lὸt eprѐv lavi a. Jezi voye apot yo dezade pou yo fὸme yon fanmi pou youn kapab bay lὸt lanmen lѐ yo bezwen, kominote ki gen kὸm rѐg salitasyon Jezi ki resisite a: Lapѐ avѐk nou ! Yon kominote ki gen pou devwa pou pote renmen ak solidarite
bay lὸt yo, avѐk fὸs Lespri Sen an.
Pi devan, nan Levanjil la, Toma ke yo rele enkredil la, te gen difikilte
pou l’ kwѐ
ke Jezi resisite e poutan li fѐ yon gwo eksperyans, li rive touche Granmѐt la, li rive santi l’ toupre lavi li, toupre feblѐs li yo, toupre misyon li. Toma te konprann
ke nѐg sa a ki te anfas li a se pa t’ nenpὸt nѐg, men se te Pitit Bondye a ki
te tounen moun nan. Se te Jezi li menm ki te resisite e ki p’ap janm mouri ankὸ.
Nou menm tou, chak fwa nou patisipe nan sakreman yo, nou fѐ menm eksperyans
avѐk Apot yo, nou kapab di nou wѐ Granmѐt la. Nou kapab wѐ mak klou yo nan men li, epi touche bὸ kote li. Espesyalman lѐ li manifeste l’ avѐk Kὸ li epi San li, nou kapab fѐ yon rankont vivan avѐk li e menm jan avѐk Toma, nou kapab deklare byen fὸ: «Sovѐ mwen ak Bondye mwen!»
LAPRIYÈ: Jezi, Granmèt mwen, Bondye mwen, gen pitye pou mwen. Amѐn
PWOPOZISYON:
Chѐche fѐ eksperyans lafwa avѐk Jezi ki leve byen vivan an, atravѐ sakreman yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario