Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun ki fè pati pèp Granmèt la, se pou l’
monte Jerizalèm, pou l’ bati kay Granmèt la".
KÒMANSMAN LIV
ESDRAS 1, 1-6
Nan premye ane
Siris, wa Pès yo, pou reyalize pawòl Granmèt la ki te sòti nan bouch Jeremi an,
Granmèt la drese lespri Siris, wa Pès yo, li fè deklarasyon nan tout rèy li a,
li menm voye lèt, li di:
"Men pawòl
Siris, wa Pès yo: 'Tout rèy tè a, Granmèt Bondye syèl la ban mwen yo, se li menm
ki pase m’ lòd pou m’ bati kay pou li nan Jerizalèm, ki nan peyi Jida a. Kilès
nan nou ki fè pati tout pèp li a? Se pou Bondye l’ la avèk li: se pou l’ monte
Jerizalèm, ki nan peyi Jida a, pou l’ bati kay Granmèt Bondye Izrayèl la: se li
menm Bondye ki nan Jerizalèm. Tout lòt moun yo, nan nenpòt ki kote yo abite, se
pou yo ba l’ konkou, chak moun kote l’ ye a, avèk lajan ak lò, ak pwovizyon, ak
bèt, se pou yo ajoute kado pou yo ofri nan kay sakre Bondye a, kay sa a ki Jerizalèm
nan' ".
Chèf fanmi Jida
ak Benjamen yo leve, ni prèt yo ak levit yo, ak tout moun Bondye touche lespri
yo, pou yo monte al bati kay sakre Granmèt la, kay sa a ki te Jerizalèm nan.
Tout moun ki te alantou yo, yo ba yo kout-men, ak veso lajan ak lò, ak pwovizyon
ak bèt, ak bijou, san konte kado yo t’ap ofri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r.: 3a)
R/ Granmèt la fè mèvèy avèk nou.
Lè Granmèt la
te fè prizonye Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch
nou te plen ak kè kontan, epi lang nou ak chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap
di nan pami nasyon yo: "Granmèt la fè mèvèy avèk yo".
Granmèt la fè
mèvèy avèk nou; nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè prizonye
nou yo tounen tankou ravin nan sid yo.
Moun ki simen
ak dlo nan je, yo ranmase ak chante fèt. R.
Yo t’a prale,
yo t’ap kriye, antan y’ap pote semans pou simen an; y’ap vini sou wout la ak
chante fèt, pandan y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
"Yo poze lanp sou etajè, pou moun k’ap antre yo wè limyè a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 16-18
Lè sa a: Jezi
di foul yo:
"Pèsònn
pa limen yon lanp pou l’ kache l’ anba yon veso, oubyen pou l’ poze l’ anba
kabann, men se sou yon etajè li poze l’, pou moun k’ap antre yo wè limyè a. Sèke
pa gen anyen ki kache, ki p’ap parèt klè; pa gen anyen yo sere, pou yo pa konnen
l’, pou l’ pa vin klè.
Gade byen
kijan n’ap koute; paske moun ki genyen, y’ap ba li; tout moun ki pa genyen, menm
sa l’ konprann li genyen an y’ap wete l’ nan men li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Aprè Jezi te fin rakonte e byen eksplike disip li yo
parabòl semans la, li kontinye bay lansèyman avèk yon seri de ti istwa, pou li
eksplike moun yo enpòtans mesaj li a (se yon limyè ke moun yo dwe pataje) ak
fason chak moun konprann li (genyen moun ki konprann, gen dòt ki pa konprann
anyen ditou).
Sa Jezi ap
anseye a, se pa sekrè pou nou kenbe oubyen mistè pou nou kache. Se pa yon gwoup
majisyen l’ap fòme. Mesaj Wayòm Bondye a, se yon mesaj tout moun dwe konprann,
li dwe klere tankou solèy midi a. Jezi fè yon ti remak: moun ki konprann pawòl
la, se sila yo ki gen kè yo senp, men moun ki awogan ki kwè yo gen bon
konprann, yo pa konprann anyen ditou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’ rejte tout santiman
awogans pou m’ kapab akeyi Pawòl a ak yon kè ki senp. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Lè m’ ranpli ak lògèy, sa pa fè m’ gran, men li fè m’
anfle.
No hay comentarios:
Publicar un comentario