Páginas

MÈKREDI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Sakreman relijyon an gran”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TI MOTE 3,14-16
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen ekri ou bagay sa yo antan mwen espere vin kote ou byen vit; si m’ fè reta, se pou ou konnen kijan pou ou kondui tèt ou nan lakay Bondye a, ki legliz Bondye vivan an, kolòn ak fondman verite a.
Mèvèy kache relijyon an, li gran vre; li parèt nan chè a, yo rann li jistis nan Lespri a, li parèt devan Mesaje yo, yo preche l’ bay nasyon yo, yo kwè l’ sou tè a, li monte nan bèlte a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Yo gran, travay Granmèt yo.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la.
Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè, jistis li dire pou tout tan gen tan.
Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje; k’ap sonje contra l’ la pou tout tan.
Li anonse pouvwa travay li yo bay pèp li a, pou l’ ba li eritaj nasyon yo.R.
LEVANJIL
“Nou chante, nou menm nou pa danse; nou chante chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 31-35
Lè sa a:
Granmèt la di: “Ak ki sa mwen ta konpare lèzòm jenerasyon sa a? ak ki sa yo sanble? Yo tankou ti moun ki chita sou laplas, youn ap pale ak lòt, y’ap di: “Nou chante pou nou ak flit, nou menm nou pa danse; nou chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
Reyèlman vre Jan Batis rive, li pa manje pen, li pa bwè diven, epi nou di: “Se yon demon li genyen”.
Pitit moun nan rive, l’ap manje, l’ap bwè, epi nou di: “Men yon moun k’ap manje anpil, k’ap bwè diven, ki zanmi pibliken yo ak pechè yo”. Men sajès la jwenn jistis nan men tout pitit li yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
“Se pou ou konnen kijan pou ou kondui tèt ou nan lakay Bondye a”.
Nan premye lekti a, Sen Pòl vle montre nou lè yo pale de «kominote kretyèn», de «Legliz Bondye» ak «lakay Bondye a», se de yon sèl reyalite y’ap pale nou. Èske nou tout nou gen konviksyon nou se «fanmi Bondye a»? Se pa yon fason pou nou chante kantamwa nou, men ak yon sans diyite ak responsablite. Nou pa dwe janm bliye ke premye kretyen yo, se te yon ti kominote yo te fòme, yon ti gwoup ki te defye gwo chèf nan epòk la e ki te fè travay li kòmsadwa.
Èske nou menm se konsa nou kwè li? Kominote a, se li legliz Bondye vivan an, kolòn ak fondman verite a. Sèke Levanjil la se nan kominote n’ap viv li, se nan tèt ansanm. Si pa gen asanble Legliz, Lafwa pèdi fòs, epi li tounen yon bagay ki vag, ki pa byen fonde, byen anrasinen.
Petèt jodi a, gen yon tandans pou moun pa ale legliz chak dimanch: men an reyalite se sa ki poto mitan yon lafwa solid. Moun ki pa nouri ak pawòl ak Pen Bondye a, finalman li viv san Bondye. Men, an reyalite lè limanite viv san Bondye, lavi a redui ak yon bagay ki pa vo anyen.
Kisa Jezi ap di nou nan Levanjil la?
Lè Jezi fin fè konpliman pou Jan Batis (Lik 7,18-30), li di moun yo “Ak ki sa mwen ta konpare jenerasyon sa a”?  Nan sans sa a, Jezi te vle pale de pèp Izrayèl la, pèp sa ki pa t’ sispann twonpe Bondye pandan karant lane li t’ap mache atravè dezè a. Men sa ki evidan, menm nan tan Jezi t’ap viv la moun yo te kontinye ap viv nan enfidelite ak Granmèt la.
Jan Batis, sila a ki te la avan Jezi a pale, yo pa bay pawòl li enpòtans. Kòm li pa t’ manje, li pa t’ bwè, yo te di li gen yon denmon anndan li; Jezi vini li pale, li manje, li bwè e yo di li se yon gouman, yon tafyatè, yon bandi. Yo te bliye si Jezi se zanmi tout moun, zanmi pibliken yo, zanmi pechè yo ki vin rele tout moun pou yo kapab konvèti, pou chanje move kondwit yo.
Jounen jodi a anpil moun kontinye rete endiferan, yo pa ba li regle anyen pou yo; gen anpil moun ki kontinye pa bay Pawòl Bondye a enpòtans, yo rete endiferan, yo pase predikatè yo nan betiz. Men yo pa konnen kisa y’ap fè. Si mwen menm mwen ta yon moun konsa, jodi a m’ap mande Bondye padon epi m’ap mete zòrèy mwen pi atantif pou mwen kapab koute li epi viv daprè pawòl li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou montre nou mizerikòd ou a san limit lè ou chita sou tab ansanm ak pechè yo, lè ou padone fanm adiltè a, lè ou pale nou de ti gason banbochè a. Aprann nou renmen menm jan ak ou.

PWOPOZISYON: Avèk dousè, eseye korije yon moun ou wè ki nan erè. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario