Koulè Blan oubyen Ble
NESANS MARI KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE
LEKTI
“Lè
pou l’anfante a rive”
NAN LIV PWOFÈT MICHE
5, 2-5a
Men pawòl Granmèt la:
“Kanta ou menm, Bètleyèm
Efrata, ou tou piti nan lame Jida yo; se nan ou l’ap soti pou mwen, sa a k’ap
chèf nan Izrayèl la. Ras papa li soti depi
nan kòmansman, depi nan jou lontan nèt yo. Se pou sa l’ap lage yo jous nan tan
an pou sa a ki gen pou l’ anfante a ap fè pitit la, epi rès frè l’ yo ap tounen
vin jwenn Izrayèl.
L’ap kanpe, l’ap
gadiyen mouton yo avèk fòs Granmèt la, avèk glwa non Granmèt Bondye l’ la; y’ap
tounen, paske koulye a l’ap jwenn gran konsiderasyon jous nan bout tè a. Li
menm l’ap lapè a”.
Pawòl Granmèt la.
OUBYEN:
“Sa
yo Bondye chwazi davans yo, li pare plas pou yo davans tou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8,
28-30
Frè m’ yo:
Nou konnen pou moun ki
renmen Bondye, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen,
daprè desizyon li pran davans. Reyèlman, sa yo li konnen depi davans pou moun
pa l’ yo, depi davans tou li pare yo pou yo vin pran menm fòm ak pòtre Pitit li
a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa
yo li fin pare davans la, li rele yo tou; sa yo li rele a, li fè yo vin sen
tou; sa yo li fè vin sen an, li ba yo glwa a tou.
SÒM
REPONS 12, 6ab.6cd
R/ Se pa ti kras kontan
mwen kontan nan Granmèt la.
Kanta mwen menm se nan
mizerikòd ou a mwen espere. Kè m’ ap danse nan
delivrans ou a.R.
M’ap chante pou Granmèt
la, li fè m’ jwenn byen yo, m’ap jwe mizik pou non Granmèt la ki anwo nèt la.R.
LEVANJIL
“Sa
a ki pran nesans nan li a, se nan Lespri a li soti”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN
1,1-16. 18-23
Liv ras [anfantman]
Jezikri, pitit David, pitit Abraam.
Abraam anfante Izaak,
Izaak menm anfante Jakòb, Jakòb menm anfante Jida ak frè l’ yo. Jida anfante
Farès ak Zara sot nan Tamar, Farès anfante Eswòn, Eswòn anfante Aram, Aram
anfante Aminadad.Aminadad anfante Naasòn, Naasòn anfante Salmòn, Salmòn anfanté
Boòz sot nan Raab, Boòz anfante Obèd sot nan Rut, Obèd anfante Jese, Jese
anfante wa David.
Wa David anfante
Salomon sot nan sa a ki te madanm Iri a, Salomon anfante Roboam, Roboam anfante
Abya, Abya anfante Asa, Asa anfante Jozafat. Jozafat anfante Joram, Joram
anfante Ozyas, Ozyas anfante Joatam, Joatam anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas,
Ezekyas anfante Manase. Manase anfante Amon, Amon anfante Jozyas, Jozyas
anfante Jekonyas ak frè l’ yo, lè ekzil Babilòn nan.
Aprè ekzil Babilòn
nan, Jekonyas anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl anfante
Abioud, Abioud anfante Elyakim, Elyakim anfante Azòr, Azòr anfante Sadòk, Sadòk
anfante Akim, Akim anfante Elioud, Elioud anfante Eleazar, Eleazar anfante
Matan, Matan anfante Jakòb. Jakòb menm anfante Jozèf, ki te marye ak Mari; se
nan Mari sa a menm Jezi pran nesans, li menm yo rele Kris la.
Kanta Jezikri menm,
men ki jan li te fèt: Mari, manman l’ te marye ak Jozèf; anvan yo vin abite
ansanm, rive li vin ansent gras a Lespri Sen an; Jozèf menm, mari l’ la, kòm se
te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse l’, li deside ranvwaye l’ an sekrè.
Pandan li t’ap kalkilé
sou sa, zanj Granmèt la parèt nan rèv, li di l’: “Jozèf, pitit David, pa pè
resevwa Mari, madanm ou an: sèke sa a ki pran nesans nan li a, se nan Lespri
Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi; paske se li
menm k’ap sovè pèp li a sot nan peche l’ yo”. Tout sa rive, pou reyalize sa
Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la: “Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante
yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, sa vle di “Bondye avèk nou” ”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi, n’ap selebre Nesans Mari ki Sen e
ki Vyèj. Legliz la envite nou selebre gwo fet sa a nan kè kontan.
Se yon okazyon pou nou
medite sou enpòtans Mari genyen nan istwa delivrans la. Paran Mari, se te Án ak
Jwachen. De moun sa yo te gen difikilte pou yo anfante, alafen Bondye koute
priyè yo, e li ba yo Mari; konsa yo te konsakre li bay Granmèt la.
Fèt maryal sa antre
nan litiji womèn nan nan finisman VII èm syèk, lè Pap Sèj I, ki te yon pap
Oryantal, t’ap mennen bak Legliz la. Kretyen yo fete ak kè
kontan Nesans Mari menm jan nou fete Jan Batis. Tou lède fèt sa yo anonse
delivrans la (Sovè a ki gen pou l’fèt). Se Legliz Jerizalèm ki te premye onore
souvni nativite manman Bondye nan yon fèt ki selebre nan vil Wòm. E Wòm te
adopte li nan fen VII èm syèk kote pap Sèj I (687-701) dedye Legliz sa ki
konstwi sou ranplasman kote kay Sent Án te ye. Li te epapiye byen vit nan tout
Oksidan, presizeman nan peyi Lafrans. Nan XI èm syèk sen Filbè te kontribiye
pou fè plis moun konnen fèt sa.
Nesans Mari ap fè nou
sonje ke nou tout resevwa apèl pou nou akeyi Jezikri, pou li kapab vin fèt nan
mitan nou, e nan fèt l’ap fèt nan nou, l’ap fè nou fèt nan vrè lavi a, lavi ki
anwo a, lavi ki nan Lespri a, lavi n’ap viv kòm pitit ke papa a renmen anpil yo.
Nan levanjil la, vizaj
Jozèf kapab klere nou nan sans sa. Tankou li menm, an nou
akeyi Kris la, pandan ke n’ap pran Mari lakay nou. Si
« wi » Mari a te endispansab pou Pitit Bondye a te tounen moun, « wi » Jozèf la
te endispansab tou pou li kapab tounen « Mesi » ki sòti nan desandans David e
ki vin akonpli pwomès Bondye te fè a.
Nou menm kounye
a, ann mele “wi” nou an avèk pa Jozèf la
pou nou akeyi Mari nan istwa lavi nou e avèk Mari, Sovè ke li pote nan vant li
an, fè tout moun rive jwenn delivrans Granmèt la.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, bay sèvitè w’ yo sekou gras
syèl la, pou sa yo ki jwenn kòmansman delivrans a lè Mari ki sen e ki Vyèj te
vin manman an, yo rive jwenn plis lapè nan fèt Nesans li a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Si m’ resite yon dizèn chaplè jodi a, se yon fason pou m’ montre Mari mwen
rekonesan pou tout favè li ede m’ jwenn nan men Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario