Páginas

MADI 17

INYAS D’ANTYÒCH
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Malgre moun yo te rekonèt Bondye, yo pa t’ fè lwanj pou li kòm Bondye".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 1, 16-25
Frè m’ yo:
Mwen pa wont levanjil la: se fòs Bondye li ye pou delivrans moun ki kwè yo. Pou Juif la tou dabò, epi apre, pou Grèk la. Jistis Bondye a devwale nan li sot nan lafwa al nan lafwa, daprè sa ki ekri a: "Moun ki kòrèk la viv sou kont lafwa a".
Kòlè Bondye a devwale sot nan syèl la sou tout mank respè ak enjistis moun yo k’ap kenbe verite Bondye a prizonye anba enjistis la. Paske sa yo kapab konnen sou Bondye, li devwale pou yo: Bondye devwale yo sa vre. An verite, depi nan kòmansman kreyasyon an, sa je yo pa kapab wè sou Bondye, — pouvwa l’ ki dire tout tan an ak sa l’ ye kòm Bondye a, — entelijans yo rive wè yo nan zèv li yo; kifè yo pa gen eskiz; paske, malgre yo konnen Bondye, yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l’ mèsi; men yo dekontwole nan panse yo, kè yo ki san konprann vin plen fènwa. Yo di yo gen sajès, men yo vin fou, yo fè bèlte Bondye ki pa kapab gate a vin tounen tankou pòtre moun ki kapab gate, tankou pòtre zwazo, bèt kat pat ak koulèv.
Se pousa Bondye renmèt yo bay vye lanvi ki nan kè yo, bay sa k’ papwòp, pou yo avili pwòp kò yo, yo menm ki fè verite Bondye a vin tounen manti, yo menm ki pito adore, ki pito sèvi kreyati pase sila a ki kreye yo a; konpliman pou li pou tout tan. Amèn.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5 (r.: 2a)
R/Syèl yo ap rakonte bèlte Bondye.
Syèl yo ap rakonte bèlte Bondye,
travay men l’, platfòm syèl la ap anonse yo.
Jou ap deklare pawòl bay jou,
nannuit ap montre konesans bay nannuit.R.
Pa gen pawòl, pa gen mo, yo pa tande vwa yo.
Sou tout tè a yo tande vwa yo,
pawòl yo jous nan limit fas tè a.R.
LEVANJIL
"Fè lacharite, epi tout bagay ap nèt pou nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 37-41
Lè sa a:
Kòm Jezi t’ap pale, yon farizyen envite l’ vin manje lakay li. Li antre, l’al sou tab. Farizyen an menm kòmanse fè refleksyon nan kè l’, li di pouki sa li pa lave men l’ anvan l’ manje.
Granmèt la di l’: "Koulye a, nou menm farizyen yo, se sa k’ deyò gode a ak plat la n’ap netwaye, men sa k’ pi fon anndan nou menm nan, li plen ak vye lanvi ak mechanste. Nou san lespri, èske sila a ki te fè sa k’ deyò a se pa li menm tou ki te fè sa k’ anndan an? Kidonk fè lacharite ak sa nou gen ki twòp, epi tout bagay ap vin nèt pou nou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Yon farizyen envite l’ vin manje lakay li. Jezi reponn envitasyon an, epi li chita bò tab la. Farizyen an suiv sa Jezi ap fè. Li konstate Jezi pa lave men l’ avan l’ manje. Li mande Jezi pou kisa li pa lave men l’, paske li te konsidere Jezi gen yon prensip li te vyole, se pa t’ yon prensip ijyèn tankou nou te kapab panse sa tou suit nan tan pa nou an, ni yon prensip legal, men se yon rityèl, yon pwotokòl. Se kòm si farizyen an te anvi akize Jezi kòm moun ki vyole prensip sa a.
Jezi pwofite moman an pou li kritike moral farizyen yo ki pa fè diferans ant sa ki anndan ak sa ki deyò. Sitiyasyon vin yon ti jan parèt lèd, paske  ta sanble Jezi ap manke sila ki envite l’ vin manje a dega. Men, Jezi te vle montre farizyen an li dwe viv yon fason ki konfòm ant sa li manifeste sou pa deyò ak sa l’ap viv sou pa anndan. Pou Jezi se yon bagay ki trè enpòtan. Jezi pa dakò ak doub moral, sa vle di li pa dakò ak moun ki gen de vizaj.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite m’ tonbe nan doub moral k’ap fè m’ pèdi koerans nan lavi mwen. Ede m’ viv selon jan m’ panse; konsa m’a tounen disip ou  tout bon vre.

PWOPOZISYON: Moun ki onèt, li pa pè ni limyè ni fènwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario