Páginas

MADI 24

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Si akoz fot yon sèl lanmò a te kòmande, y’ap kòmande pi plis toujou nan lavi a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 12. 15b. 17-19. 20b-21
Frè m’ yo:
Menm jan akòz yon sèl moun, peche te antre sou tè sa a, epi avèk peche a lanmò, se konsa lanmò a pase nan tout moun, paske tout moun fè peche.
Si akòz fot yon sèl moun tout foul moun yo mouri, favè Bondye a ak kado nan favè yon sèl moun nan, Jezikri, li vide laj pi plis ankò nan pakèt foul moun yo.
Reyèlman vre si akòz fot yon sèl moun lanmò a te kòmande pa lantremiz yon sèl la, moun yo ki resevwa chaj favè ak kado ak jistis pa lantremiz yon sèl moun nan, Jezikri, y’ap kòmande pi plis toujou nan lavi a.
Konsa, menm jan se fot yon sèl la ki te mennen tout moun nan kondanasyon, menm jan tou se sa k’ kòrèk la yon sèl moun fè a ki mete jistis la nan tout moun pou yo viv kòrèk. Menm jan akòz dezobeyisans yon sèl moun nan, tout foul moun yo te vin chita nan peche, konsa tou akòz obeyisans yon sèl la, foul moun yo ap vin kanpe nan jistis.
Kote fot la te anpil la, favè a plen ap ranvèse; konsa menm jan peche a te kòmande pou lanmò a, konsa tou favè a ap kòmande gras a jistis la pou lavi tout tan an pa pouvwa Jezikri Granmèt nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 7-8a. 8b-9. 10. 17
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa, men ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini.”R.
“Nan woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran legliz la; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
Se pou yo fete, se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap chèche ou yo, Se pou yo di tout tan: “Granmèt la gran” sila yo ki renmen delivrans ou a.R.
LEVANJIL
“Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 35-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se pou ren nou mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs; pou, kon l’ rive, li frape, la menm yo louvri ba li. Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye; an verite mwen di nou, l’ap mare ren l’, l’ap fè yo chita sou tab, l’ap pase pou l’ sèvi yo.
Si l’ rive nan dezyèm vèy la, epi si se nan twazyèm vèy la li rive, epi li jwenn yo konsa, se chans pou sèvitè sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a mwen vle atire atansyon nou sou ekzijans tèks ke nou ap li nan tan sa yo. Tèks levanjil jodi a di nou «Se pou ren nou mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs». Nou ta ka di tèt nou : Si Bondye ap veye sou nou, pou kisa nou oblije  rete atantif konsa? Pou kisa ke nou menm nou oblije ap siveye tou lè l’ap vini ? Tout kesyon sa yo kapab fè nou konprann ke pawòl sa envite nou pou nou patisipe nan tout sa ki bon ke Bondye vle fè pou nou e ak nou. Yon atansyon ki mande nou pou nou mete tout sa nou ye kòm moun nan prepare wayòm Bondye a. Se yon siy ke Bondye pa vle dirije nou tankou poupe twèl, men li kite nou ak tout libète nou pou nou aji. Yon prèv de konfyans ki fè n’ dekouvri vrè sans responsabilite nou nan lavi a.
Pèsonn pa konnen kilè Bondye ap vini, pesònn poko janm rankontre ak Bondye fas pou fas. Vijilan! Menm jan ke li te pran fòm moun nan Jezi, nan yon kò ki fèb, pèsonn pa konnen sou ki fòm e kijan ke l’ap vini ; sèlman nou dwe asire n’ ke li ap jwenn nou prepare. Rete vijilan! Petèt li vle montre nou vizaj li nan moun ki pi meprize sou katye a, nan moun ki pi fèb la, nan moun ke n’ pa ta janm panse a. Rete atantif, mare senti n’ ! Sa a se yon avètisman ki ka fè nou pè men an menm tou ki asire nou ke li pa lwen rive e ke li dwe jwenn nou prè.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, ou menm ki toujou prezan menm lè ke nou pa menm espere w’ ou la. N’ap mande w’ pou ba nou fòs ak odas pou nou ka rete toujou vijilans, menm si pwoblem ak fatig lavi a fè nou anvi dòmi. Nou priye ou konsa nan non Jezikri, Pitit ou, gran frè nou. Amèn !

PWOPOZISYON : Ann eseye dekouvri ki vrè sans vijilans genyen pou nou. Èske ekzijans levanjil jodi a se yon pwa ou byen yon fado pou nou ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario