Koulè Blan
JAN KI SEN,
Apot, Evanjelis
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Sa nou wè a
ak sa nou tande a, nou anonse nou li”
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN
1, 1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Sa
k’ te nan kòmansman an, sa nou te tande a, sa nou te wè ak je nou yo, sa nou te
konsidere a, sa men nou te touche a nan pawòl lavi a; Lavi a manifeste, nou wè,
nou sèvi temwen, nou anonse nou lavi tout tan an, ki te kot Papa a epi ki parèt
devan nou an. Sa nou wè a, nou tande a, nou anonse l’ ba nou, pou nou kapab gen
patisipasyon avèk nou, pou patisipasyon nou avèk Papa a avèk Pitit li a,
Jezikri. Nou ekri nou bagay sa yo pou nou gen kè kontan, pou kè kontan nou an
plen nèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
96, 1-2. 5-6. 11-12
R/
Fete nan
Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt
zile yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’, jistis
ak jijman se platfòm twòn li.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas
Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp
yo wè glwa l’.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la,
ak kè kontan pou kè ki dwat yo,
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo,
fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Lòt disip
sa a kouri devan pi vit pase Pyè, li rive an premye bò kavo a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 20, 2-8
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn
kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmn an, li di yo: “Yo
leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoze li”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive
kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou le de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit
pase Pyè, li rive an premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki
poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive tou, li antre nan
kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak mouchwa ki te sou tèt li a, men ki
pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò
lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye bò kavo a, li wè, li kwè.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Apot
Jan ke n’ap fete jodi a vin di nou ke Jezi Pitit Bondye a te deja ekziste anvan
tout bagay. Se “Lavi tout
tan, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an”. Avèk Jezi Bondye vin
vizite nou. Li fè l’ tounen moun pou l’ kapab vin viv nan mitan nou. Li vini
tou pou l’ te ka montre n’ chemen kote Papa a ye a. Avèk Jezi, Bondye vin fè
yon lòt Alyans avèk pèp li a. Se poutèt sa moun ki tande pawòl li a ap gen lavi
ki p’ap janm fini an, paske Bondye n’ap sèvi a se Bondye lavi li ye; se li menm
ki sous lavi a. Men malerezman lèzòm pa resevwa l’; yo pa rekonèt se Pitit
Bondye li ye’ se poutèt sa yo klouwe l’ sou yon kwa. Men Bondye Granmèt ki
gen tout pouvwa fè l’ leve byen vivan pami mò yo.
Se Bòn nouvèl sa a nou jwenn nan Levanjil la ki envite nou viv fèt Nwèl
la, ki vle di Jezi Pitit Bondye a vin viv nan mitan nou. Se menn Jezi sa a ke
nou pral touye sou kwa a men Bondye ap fè l’ leve byen vivan. Se konsa Levanjil
la di nou ke Mari Madlèn al jwenn Apot Pyè ak Jan (disip Jezi pi renmen an), li
di yo ke gen moun ki gen lè volè kò Jezi kote li te antere a, paske li pa jwenn
li. Apot yo kouri al nan kav la, Pyè antre an premye epi Jan suiv li; se konsa
jan Mari madlèn te di a, yo rive nan kavo a, yo pa jwenn kò Jezi. Se lè sa a
disip Jezi pi renmen an vin sonje tout pawòl Jezi te di yo anvan li te mouri.
Se lè sa a li di Pyè ke Granmèt pa nan kav la, li leve byen vivan, li pa nan
mitan mò yo, li monte l’al jwenn Papa a jan li te di nou an. Se Bòn Nouvèl sa a
li voye n’ al bay tout patizan yo. Menm jan ak Apot Pyè ak Jan ke n’ap fete
jodi a, Bondye voye nou pote Bòn Nouvèl sa toupatou pou nou kapab envite tout
moun prepare kè yo pou yo reseswa Jezi Pitit Bondye k’ap vin viv nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki louvri sekrè
Pawòl ou a ba nou pa lentèmedyè apot Jan ki sen, tanpri, sa li menm li te vide
nan zòrèy nou si tèlman byen an, fè nou sezi l’ avèk fòmasyon entelijans ki gen
kapasite. Tanpri ede n’ bati
ansanm yon sosyete kote lanmou ak lajistis kapab triyonfe. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan m’ap prepare mwen pou mwen akeyi Pitit
Bondye a k’ap vin nan kè mwen chak jou epi ki gen pou vini kòm Jij pou jije tè
a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario