Páginas

SAMDI 2

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Peyi wa a ak pouvwa a, y’ap ren­mèt yo bay pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a".
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7,15-27
Espri m’ twouble: mwen menm, Danyèl, mwen kraze anba bagay sa yo, vizyon yo ki nan tèt mwen an yo dekontwole m’. Mwen pwoche kot youn nan sa yo ki te kanpe yo, mwen mande verite nan men l’ sou tout bagay sa yo.
Li di m’ sans pawòl yo, li aprann mwen: "Kat gran bèt sa yo, se kat peyi wa k’ap leve sou tè a. Men moun sa yo Bondye ki anwo nèt la met apa a, y’ap pran pouvwa a, y’ap jwenn pouvwa a pou tout tan gen tan".
Aprè sa, mwen te vle gen eksplikasyon sou katriyèm bèt la, ki pa t’ sanble menm ak tout lòt yo, ki te lèd anpil la: dan ak zong li te an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap foule rès yo anba pye l’, epi sou dis kòn yo li te gen sou tèt li a, ni sou lòt kòn nan ki te vin leve a, anvan twa kòn yo te tonbe a, epi tou sou kòn sa a, sa k’ te gen je yo ni bouch la tou ki t’ap pale gran bagay la epi ki te pi gwo pase lòt yo a. Mwen t’ap gade: kòn sa a t’ap fè lagè kont sen yo, li t’ap genyen sou yo, joustan Ansyen nan jou yo rive, epi moun sa yo Sa a ki anlè nèt la met apa a, li ba yo jijman an; tan an rive, sen yo jwenn peyi wa a.
Li di konsa: "Katriyèm bèt la, se yon katriyèm peyi wa k’ap rive sou tè a, l’ap pi gran pase tout peyi wa yo, l’ap devore tout tè a, l’ap kraze, l’ap foule l’ anba pye. Kanta pou dis kòn yo nan peyi wa sa a, se dis wa k’ap leve. Youn ap leve aprè lòt yo, l’ap pi fò pase premye yo, l’ap jete twa wa yo; l’ap pale pawòl kont Sa a ki anwo nèt la, l’ap kraze moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a, l’ap konprann li kapab chanje tan yo avèk lalwa yo; y’ap renmèt yo nan men l’ jous pou yon tan ak kèk tan ak mwatye yon tan.
Men y’ap enstale jijman an pou yo wete pouvwa a nan men l’; l’ap kraze, l’ap gaye jous nan finisman. Peyi wa ak pouvwa ak grandè peyi wa ki anba tout syèl la, se pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a y’ap bay li: peyi wa li, se peyi wa k’ap dire tout tan, tout wa yo ap sèvi l’, y’ap obeyi l’".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 82. 83. 84. 85. 86. 87
Fè konpliman pou Granmèt la, pitit moun yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Se pou Izrayèl fè konpliman pou Granmèt la.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, prèt Granmèt yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sèvitè Granmèt la.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, espri ak nam sen yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sen yo ak sa ki pòv nan kè yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
"Veye, pou nou merite chape anba bagay sa yo k’ap vini yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 34-36
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Fè atansyon, pou kè nou pa vin lou ni nan bwason k’ap monte nan tèt nou, k’ap fè nou vin sou, ni nan tèt chaje pou lavi sa a, pou jou sa a pa tonbe sou nou sanzatann; reyèlman vre, l’ap rive sou tout moun ki chita sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye, se pou nou priye tout tan, pou nou merite chape anba tout bagay sa yo k’ap vini yo, pou nou kanpe devan Pitit moun nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: «Se pou nou veye, se pou nou priye tout tan».
Jodi a, se dènye jou nan tan òdinè (Ane-A). Jezi ba nou avètisman sou sa ki kapab ap ret tann nou aprè pasaj nou sou tè a. Si nou pèdi tèt nou nan aktivite chak jou nou yo, dènye jou ekzistans nou kapab yon sipriz, je nou ka bouche e nou riske pa rekonèt Granmèt la, lè l’ap vini chèche nou (tankou nou konnen sa, se voyajè nou ye, se peleren nou ye).Lanmou Bondye, se yon Lanmou san parèy, paske li pa gen limit. Se kòm si se sa ki rive yon ti moun mal elve: li tèlman distrè ak jwèt li, li bliye lanmou paran li yo ak zanmitay ti zanmi li. Lè li rann li pran konsyans de sa, li enkonsolab, li tris paske li sezi wè li pou kont li.
Jezi ba nou bon konsèy: «Se pou nou veye, se pou nou priye tout tan» (Lik 21,36). Veye e priye. Se menm avètisman sa li te bay disip li yo lè yo te trayi li a. Lapriyè a gen yon eleman pwofetik ki trè bon: sa vle di, li aprann nou gade reyalite chak jou nou nan pwofondè. Tankou Evagrio Pontico di nou: «kapasite nou genyen pou nou wè a, se pi bon kapasite nou genyen; e lapriyè a se vèti ki plis anrasinen nan Bondye». Moun ki espesyalis nan zafè espirityalite, yo rele sa «vizyon sinatirèl» (=vizyon bagay ki konsène).Oubyen, sa ta vle di tou, konnen verite a sou Bondye, sou mond la ak sou nou menm. Pwofèt yo pa t’ sèlman moun ki te konn «anonse sa ki pral rive», men yo te konn  entèprete prezan an tou. Avèk konkou lagras Bondye, yo bay istwa lèzòm yon bon direksyon.
Nou pran lapèn pou jan mond la ye aktyèlman. Nou ta mande tèt nou: ki kote nou prale?  Jodi a, dènye jou tan òdinè a, se yon jou nou ta ka pran desizyon pou lavi nou. Petèt, se tan pou yon moun deside kite foli moman sa a pou prepare yon pi bon avni. Èske moun sa ta kapab mwen menm jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vin disparèt tout fènwa ki anvayi lavi nou, fè nou chèche avantaj ki sòti nan ou menm; konsa n’a merite al jui avèk ou pou toutan lè ou va rele nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Avèk konfyans, ann kenbe kontak ak Bondye nou an. Se nan li nou gen lavi. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario