Koulè Blan
6èm JOU ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki
fè volonte Bondye, li dire tout tan”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 12-17
Mwen ekri nou, ti pitit mwen yo,
paske peche nou yo padonnen poutèt non l’. Mwen
ekri nou, papa yo, paske nou konnen sa a ki la depi nan kòmansman an. Mwen ekri
nou, jèn jan yo, paske nou ranpòte laviktwa sou move a. Mwen ekri nou, timoun
yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou gen fòs, epi
pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou ranpòte laviktwa sou move a.
Pa renmen tè a, ni bagay ki sou
tè a. Si yon moun renmen tè a, charite Papa a pa nan li. Sèke tout bagay ki sou
tè a se move atirans chè a, avèk move atirans je yo, avèk logèy lavi a ; sa pa
vin sot nan Papa a, men se nan tè a li sòti. Tè a ap
pase, ni move atirans li a ; men moun ki fè volonte Bondye a l’ap dire tout
tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 7-8a. 8b-9. 10
R/ Se pou
syèl yo kontan, pou tè a danse.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp
yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa, pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Pote
sakrifis, antre nan lakou l’ yo, adore Granmèt la nan bèlte l’ ki sen an.
Tranble devan fas li, tout tè a.R.
Di nan nasyon yo : «Granmèt la
roua». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke ;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
“Li t’ap
pale osijè l’ak tout moun yo ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
2, 36-40
Lè sa a :
Te gen Án, madanm ki pwofèt la,
pitit fi Fanwèl la, nan ras Asè a ; li te granmoun anpil, li te viv avèk mari
l’ pandan sèt ane depi li te vyèj. Li te ret vèv jous nan katreven-katran, li
pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè lannuit ak lajounen.
Nan menm lè sa a, li vin rive tou, l’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap pale osijè
l’avèk tout moun ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la. Lè yo fin regle tout bagay
daprè lalwa Granmèt la, yo tounen nan Galile, nan vil yo a Nazarèt.
Kanta pitit la menm li t’ap
devlope, li t’ap gen plis fòs, li te plen ak sajès, gras Bondye a te nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo, tout pèp Bondye a te
kontan selebre gwo kokenn mèvèy Nesans Granmèt nou an, Sila a Bondye Papa a
voye sou latè, nan mitan nou pou vin pote limyè Bòn Nouvèl Wayòm li an. Se menm
rezon sa a ki fè Apot Jan ki sen, nan lèt li a, kite bon jan ekzòtasyon sa yo
pou moun ki akeyi Pawòl Bondye a, ki se Jezi menm ki te pran chè nan vant Mari
ki Vyèj la. Tout moun san eksepsyon, kit li gran, kit li jèn, kit li piti, depi
l’ viv daprè Sajès Pawòl Bondye, l’ap mache viktwa sou viktwa.
Apot la fè yo sonje sa, paske yo
se sila yo ki pote laviktwa sou peche ak sou lanmò a, gras a san Kris la ki te
koule a. Deja Batèm nan te fè nou tounen pitit Limyè a, li dwe kontinye fè nou
klere sou fas tè a nan aksyon ak nan pawòl nou yo. Apot la ap fè nou sonje tou
kòman se koze pa Bondye a pou nou chache regle nan lavi nou.Nou dwe gade nan
direksyon pwomès Bondye fè nou an jistan nou rive patisipe avèk Jezi nan bèlte
li a bò kote Papa li. Se pou sa nou dwe viv daprè Pawòl Bondye a, pou nou
vrèman pote yon chanjman radikal nan fason n’ap viv sou tè a. Nou fèt pou n’
viv valè levanjil la avèk anpil lafwa, avèk anpil renmen, avèk anpil lesperans
ak pèseverans.
Nan levanjil la yo pale n’ de
Án, madanm pwofèt la ki te konsakre tout lavi l’ nèt nan sèvis Bondye Vivan an
nan tanp lan. Se yon bèl ekzanp pou nou lè n’ wè menm nan laj avanse li genyen
an li te toujou ap pale de Sila a Bondye te gen pou l’ voye pou delivre pèp li a.
N’ap sonje
se li k’ te anonse Mari manman Jezi nan tanp lan kote Jezi Pitit li a ap tounen
yon pèsonjaj enpòtan nan Izrayèl, kote li ta pral yon siy inite ak divizyon,
men Mari li menm ta pral santi zantray ap dechire tèlman l’ap soufri. Sa nou
dwe konprann, sèke kèlkeswa laj nou genyen nou kapab akeyi Pawòl Bondye a, nou
kapab viv reyalite lafwa nou an depi n’ rive nan laj larezon jiskaske n’ vin
granmoun. Nou kapab konprann Granmèt la pa janm bouke travay nan nou epi li
toujou ap pouse nou pou n’ pote bay tout moun ki poko rankontre ak Jezi bèl
mesaj Wayòm li an, yon mesaj renmen, delivrans, lavi, padon an, jistis, tèt
ansanm, kè poze a, kè kontan an.Se yon mesaj ki bay anpil lespwa.
Vini Jezi a pote anpil chanjman
nan yon sosyete kote moun yo ap viv tankou yon bann mouton san gadyen. Vini
Jezi a fè limanite vin nouvo, kote li rasanble nou nan yon sèl kò ki ini nan fè
sa Bondye vle ; kò sa a, se kò Jezi a menm, paske lè nou fè sa li mande n’ nan,
li fè yon sèl avèk nou epi li konekte nou avèk Papa li.
Moun ki koute li, se Papa a li
koute ; moun ki meprize li, se Papa a li meprize. Se pou tout kretyen sou latè
aprann kite rankont yo ak Jezi transfòme yo epi mete nan yo bon jan motivasyon
pou yo viv epi temwanye Bòn Nouvèl Wayòm nan sou fas tè a. Se pou Lespri Bondye
a nou resevwa nan batèm nou an aprann nou dekouvri kòman, yon fason oubyen yon
lòt, nou tout se moun Jezikri rele pou nou temwanye non li epi pou nou vin
tounen moun ki devwe nan sèvis lòt yo ak nan pwopaje bèl mesaj kè kontan an, kè
poze a ak renmen an toupatou.
LAPRIYÈ:Fè nou favè, tanpri, Bondye ki gen tout
pouvwa, pou nouvo nesans Sèl Pitit ou a nan chè a delivre nou, nou menm ansyen
esklavaj la te kenbe anba jouk peche a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:An nou
montre Sovè a nan mitan nou, antan n’ap evite di move pawòl pou ofanse lòt yo
epi poze aksyon ki pote lavi pou sila yo ki pi fèb nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario