Koulè: ble (blan)
UITYÈM JOU NESANS GRANMÈT LA
GRAN FÈT MARI MANMAN BONDYE KI SEN
Jounen Mondyal pou lapè
PREMYE LEKTI
“Y’ap lapriyè non m’ sou pitit
Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo”
NAN LIV LIV NONB 6, 22 -27
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Pale ak Aawon
ak pitit li yo: Men kijan n’a beni pitit Izrayèl yo, n’a di yo:
«Se pou Granmèt la
beni ou, se pou l’ konsève ou; se pou Granmèt la montre ou fas li, pou l’ pran
pitye pou ou. Se pou Granmèt la vire figi l’ ba ou pou l’ ba ou lapè».
Y’ap lapriyè non
m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo».
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 66,
2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni
nou.
Se pou Bondye pran
pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Se pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, sove
ou sove nou an nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo
kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon jan ki kòrèk, ou dirije
nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè
lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye nou an beni ou, se pou tout limit
tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot
nan madanm nan»
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT
YO 4, 4-7
Frè m’ yo:
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a
ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou sa yo ki te anba lalwa a,
li te kapab rachte yo, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se
pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele: «Aba, Papa». Konsa
pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras
a Bondye.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
« Yo jwenn Mari
ak Jozèf ak ti pitit la... Aprè uityèm jou a, yo rele non l’ Jezi »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2,
16-21
Lè sa a:
Gadyen mouton yo rive byen vit jous Bètleyèm,
yo jwenn Mari ak Jozèf, epi ti pitit la ki poze nan krèch la. Lè yo wè
sa, yo anonse pawòl la yo te di yo osijè ti pitit sa a. Tout moun ki t’ap tande
yo te sezi osijè sa gadyen mouton yo t’ap di yo a.
Kanta Mari, li
t’ap konsève tout pawòl sa yo, antan l’ap kalkile yo nan kè l’. Gadyen mouton
yo tounen, y’ap fè konpliman ak lwanj pou Bondye pou tout sa yo te tande ak sa
yo te wè, daprè sa yo te di yo a.
Lè ui jou yo fin
pase, pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele non l’ Jezi, non sa a anj la
te bay la, avan li te fèt nan vant.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a se yon fèt spesyal, pa sèlman
paske n’ap fete nouvo ane a, men sitou pou pèp Ayisyen an, se fèt endepandans
nou tou.
Pasaj nou li nan Labib la nan bèl okazyon sa a
enteresan anpil: nan dezyèm lekti a Sen
Pòl fè nou sonje Jezi te tounen moun pou
nou te ka tounen pitit Bondye. Li te vin jwenn nou pou te ka mennen
nou al jwenn Papa li. Sa fè lontan, nou t’ap viv tankou esklav, men nou pa ka
viv konsa ankò.
Menm jan Tousen
Louvèti ak Jan-Jak Desalin te libere yon pakèt moun ki t’ap viv nan kondisyon
esklav pou yo te ka viv libe libè kòm moun epi kòm pitit Bondye sou yon bout tè
ki gen non Ayiti, ki rele yo chèmèt chèmètrès, Jezikri te libere nou nan tout
kalite chèn, tout kalite esklavaj, tout kalite adiksyon, tout sa k’ pa pemèt
nou viv tankou moun. Si ou gen Jezi nan lavi ou, menm si ou chaje ak pwoblèm, w’ap santi kè ou kontan paske Jezi avèk ou. Li
la avè w’, l’ap ba ou fòs ak kouraj, l’ap lite pou ou, l’ap ba ou kè poze ak kè
kontan.
Peyi nou an gen yon bèl istwa, nou pa gen dwa
bliye l’. Malgre gen kòripsyon ak move lavi ki pouse Ayisyen nan peyi etranje,
kote anpil fwa vyèl yo pete anba vye dyòb. Malgre yo meprize nou, nou mèt mache
tèt anlè, nou mèt fyè antan ke Ayisyen. Paske Ayisyen konnen kiyès yo
ye: se yon pèp vanyan. Se yon pèp ki konn trete lòt moun ak onè, respè.
N’ap swete nou
tout yon bòn fèt antan nou swete nou tout sa ki pi bon pou ane 2018!
Ane sa a, an nou
fè yon jefò pou chanje tout sa ki pa bon nan lavi nou, konsa sosyete nou an va
miyò, peyi nou an va miyò.
LAPRIYÈ: Tanpri,
Papa Bondye, vide lapli benediksyon w’ sou nou, aprann nou youn padonen lòt,
youn renmen lòt. Pran pitye pou peyi nou Ayiti, pou li ka vanse antan w’ap
aprann nou mete tèt nou ansanm. Beni tout ayisyen k’ap viv nan Ladominikani,
Chili ak lòt peyi etranje, fè yo jwenn lavi miyò y’ap chèche a.
PWOPOZISYON: Nan
premye lekti a, Bondye ba nou garanti, si nou lapriyè non li, l’ap beni nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario