Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL
3, 1-10. 19- 20
Jou sa yo :
Ti Samyèl t’ap
sèvi Granmèt la devan Eli; pawòl Granmèt la te ra nan jou sa yo ; pa t’
gen vizyon ki te parèt. Rive yon jou Eli te kouche nan plas li, je l’ te vwale,
li pa t’ kapab wè. Anvan lanp Bondye a te etenn, Samyèl t’ap dòmi nan tanp
Granmèt la, kote ach Bondye a te ye a.
Granmèt la rele:
« Samyèl »; li reponn, li di : «Men mwen ». Li kouri kot
Eli, li di: « Men mwen, paske ou rele mwen ». Li reponn: «Mwen pa
rele ou, pitit mwen ; tounen al dòmi ». Granmèt la rekòmanse rele Samyèl ankò. Samyèl leve, l’al kot Eli, epi li di: « Men mwen, paske ou rele
mwe ». Li reponn: « Mwen pa rele ou, pitit mwen; tounen, epi
dòmi. » Samyèl pa t’ ko konnen Granmèt la, pawòl Granmèt la pa t’ devwale
ba li.
Granmèt la
rekòmanse ankò, li rele Samyèl pou twazyèm fwa a; li leve, 1’al kot Eli, li di:
« Men mwen, paske ou rele-mwen ». Eli konprann atò se Granmèt la ki
te rele pitit la, epi li di Samyèl: « Ale epi dòmi; epi si yo rele ou
ankò, w’a di : « Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute ».
Samyèl grandi,
Granmèt la te avèk li. Okenn nan pawòl li yo pa t’ tonbe atè. Depi Dan jous
Bèsabe, tout Izrayèl rekonèt Samyèl kòm pwofèt fidèl Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 2 e 5. 7-8a. 8b-9. 10.
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se pa ti kras tann
mwen t’ap tann, Granmèt la, li panche sou mwen. Ala kontantman pou moun ki mete
esperans li nan Granmèt la, ki pa gade moun k’ap leve tèt yo, k’ap panche nan
manti.R.
Sakrifis ak kado,
ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou
pa t’ mande sa, lè sa a mwen di : “men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la
yo ekri osijè m’ pou m’ fè volonte ou.
Bondye mwen, mwen
dakò, lalwa ou la nan zantray mwen.R.
Mwen anonse jistis
ou a nan gran asanble a ; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou
konnen.R.
LEVANJIL
« Li geri anpil moun ki t’ap soufri ak divès
maladi »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 29- 39
Lè sa a :
Pandan Jezi ap
sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon ak Andre avèk Jak ak Jan. Bèlmè Simon an te kouche avèk lafyèv, menm lè a yo
pale l’osijè l’. Li pwoche, li soulve l’, li kenbe men l’; menm lè a lafyèv la
pati, epi li t’ap sèvi yo.
Lè aswè rive,
pandan solèy la t’ap kouche, yo mennen tout moun ki malad ba li, ni moun ki gen
demon; tout vil la te rasanble devan pòt la. Li geri anpil moun ki t’ap soufri
avèk divès maladi, li chase anpil demon ; li pa t’ kite yo pale, paske yo
te konnen l’.
Granmaten, li
leve, li sòti, 1’al nan yon kote ki dezè, epi li t’ap priye la. Simon menm
rapousuiv li, ni moun ki te avèk li yo; lè yo jwenn li, yo di l’: “Se tout moun
k’ap chèche ou”. Li di yo : « An al nan bouk yo ki tou pre yo ak nan
vil yo, pou nou preche la ; se pou sa menm mwen vini. Li t’ap preche nan
sinagòg yo, ak nan tout Galile a, li t’ap chase demon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap
koute ».
Repons sa ke Samyèl bay
Granmèt la ta kapab sifi pou nou analize pwòp relasyon nou ak Bondye, ak
pwochen nou epi ak pwòp tèt nou.
Genyen 2 mo nan fraz sa ki
kapab fè n’ dekouvri vrè sans yon relasyon; kit se yon relasyon ant 2 moun
oubyen ant yon moun ak Bondye. Nan yon konvèsasyon toujou genyen 2 moun pou pi
piti, lè youn ap pale, lòt la koute. Atansyon! Se vre nan yon
konvèsyon li fasil pou pale men èske se tout sa ou di ki gen sans? Èske fè
silans vle di koute ? Koute oubyen pale, kisa ki egzije plis efò lakay
nou? Pafwa lè nou grangou oubyen nou genyen yon pwoblèm, nou konn di: pou
pwoblèm ke m’ genyen la a, mwen pa ka pale e nou konn ajoute pou n’
di : sa ki nan kò mwen, menm si w’ ta di mwen mil bagay mwen p’ap koute.
Sa fè nou konprann ke pale ak koute, se 2 bagay ki mache ansanm. Si youn pa fonksyone se kòm si lòt la pa t’ gen valè.
Se eksperyans sa Samyèl fè ak Granmèt la. Pandan lontan Granmèt la ap rele
Samyèl, men li pa rive koute. San dout li tande yon vwa ki rele l’ menm li pa
ka koute vwa sa. Gras a Eli, alafen li rive santi vwa sa a se pa nenpòt vwa e
ke li dwe reponn. Nou kapad di se sèl lè nou rive koute vrèman nou ka bay yon
repons ki kòrèk. Konbyen fwa nan pòop eksperyans lavi nou, nou koute? Konbyen
fwa Granmèt la rele nou, nou tande l’ menm nou pa koute l’ ? Èske li pa
tan pou n’ kòmanse koute vwa Granmèt la ? Jounen jodi a petèt Granmèt la
pa rele nou menm jan li te rele Samyèl la, sa ki fè li ka pi difisil pou n’
tande vwa li k’ap rele nou, tankou yon kanmarad te ka rele nou, menm an menm
tan tou nou ka poze tèt nou kesyon: konbyen evènman nan lavi nou ki se yon siy
ki fè nou dekouvri Bondye rele nou? Premye lekti a envite n’ pou nou atantif ak
tout vwa ki vle pale de lanmou Granmèt la gen pou nou. Se konsa n’a va rive di
tankou Samyèl: « Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute ».
Ann kite Granmèt la travay nan nou; konsa lavi nou va
tounen yon temwanyaj.
LAPRIYÈ: Granmèt ede m’ fè zòrèy mwen pi sansib pou m’ ka tande vwa w’
atravè rèl frè ak sè mwen yo k’ap soufri yo. Amèn!
PWOPOZISYON: Ann aprann tande lòt yo, konsa n’a dekouvri vwa
Granmèt la nan lajwa yo oubyen nan soufrans yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario