Koulè Vyolèt
LENDI PREMYE
SEMÈN KARÈM
PREMYE LEKTI
«Se pou ou jije
pwochen ou yon fason kòrèk».
LEKTI LIV LEVITIK 19, 1-2. 11-18
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
«Pale ak tout foul pitit Izrayèl yo,
w’a di yo:
«Se pou nou sen, paske mwen menm
mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa vòlè. Pa bay manti, youn pa dwe
twonpe pwochen l’. Pa fè sèman sou non m’, pa sal non Bondye ou. Mwen se
Granmèt la. Pa bay manti sou do pwochen ou, pa fè l’ pase tray. Pri travay
anplwaye ou la p’ap ret lakay ou jous nan maten. Pa madichonnen moun soud, pa
poze pyèj devan moun avèg; men se pou ou respekte Granmèt Bondye w’ la, paske
se mwen menm ki Granmèt la.
Pa fè sa k’ pa kòrèk, pa fè jijman
ki pa kòrèk. Pa fè regadan pou moun ki pòv la, pa fè lwanj figi sa k’ gen
pouvwa a. Se yon fason kòrèk pou ou jije pwochen ou. Pa akize
moun; pa pale moun mal nan pèp la. Pa kanpe pou ou reklame lanmò pwochen ou. Se
mwen menm Granmèt la. Pa rayi frè ou nan kè ou, men se pou ou reprann li an
piblik, pou ou pa gen peche sou li. Pa chèche vanjans, pa sonje move pawòl moun
menm peyi ak ou yo. Se pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm, se mwen menm
Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
18, 8. 9. 10. 15
R/
Pawòl ou,
Granmèt, se lespri ak lavi.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè
nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès. R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè
kontan. Kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la pwòp, li dire pou tout
tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk, yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch mwen fè ou plezi,
ni refleksyon kè m’ devan fas ou. Granmèt, ou k’ap pote m’ sekou, k’ap
delivre m’.R.
LEVANJIL
«Chak fwa
nou fè pou youn nan pi piti frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou fè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 25, 31-46
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè Pitit moun nan ap rive nan bèlte
l’, epi tout mesaje yo avèk li, lè sa a l’ap chita sou fotèy bèlte l’. L’ap
rasanble tout nasyon yo devan l’, l’ap separe yo youn sot kot lòt, tankou yon
gadyen separe mouton yo ak bouk yo. L’ap mèt mouton yo kanpe adwat li,
bouk yo agoch li.
Lè sa a wa a ap di sa k’ adwat li
yo: «Vini, nou menm Papa m’ beni yo, pran posesyon rèy nan yo te pare pou nou
depi tè a te kòmanse fèt la. Sèke mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te
swaf, nou te ban m’ bwè; mwen te etranje, nou te resevwa m’; mwen te ni-kò, nou
te abiye m’; mwen te malad, nou te rann mwen vizit; mwen te nan prizon, nou te
vin jwenn mwen».
Lè sa a moun kòrèk yo ap pran
lapawòl, y’ap di: «Granmèt, kilè nou te wè ou grangou epi nou te ba ou manje?
oubyen nou te wè ou swaf epi nou te ba ou bwè? kilè nou te wè ou etranje epi
nou te resevwa ou? oubyen ni-kò epi nou te abiye ou? oubyen kilè nou te wè ou
malad oubyen nan prizon epi nou te vin jwenn ou»? Wa a ap reponn, l’ap di yo:
«An verite mwen di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m’
sa yo, se pou mwen menm nou te fè li».
Lè sa a atò l’ap di sila yo ki agoch
li yo: «Rale kò nou sot sòti mwen, nou menm ki madichonnen, al nan dife tout
tan an, ki te pare pou dyab la ak mesaje l’ yo. Mwen te grangou, nou pa t’ ban
m’ manje; mwen te swaf, nou pa t’ ban m’ bwè; mwen te etranje, nou pa t’
resevwa m’; mwen te ni-kò, nou pa t’ abiye m’; mwen te malad epi mwen te nan
prizon, men nou pa t’ vizite m’».
Lè sa a yo menm tou y’ap pran
lapawòl, y’ap di l’: «Granmèt, kilè nou te wè ou grangou, oubyen swaf, oubyen
etranje, oubyen ni-kò, oubyen malad, oubyen nan prizon, epi nou pa t’ rann ou
sèvis»? Lè sa a l’ap reponn yo, l’ap di:
«An verite mwen di nou, chak fwa nou pa t’ fè sa pou youn nan pi piti sila yo,
se pou mwen menm tou nou pa t’ fè li».Sila yo a pral nan chatiman tout tan an,
moun kòrèk yo menm a pral nan lavi tout tan an».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil Matye nou proklame jodi a ap ede nou konprann pi byen kouman
lavi nou kòm kretyen chita sou renmen ak konpasyon pou sa ki pi pòv yo, sa ki
nan bezwen yo. Nan jizman final la
Bondye ap jije nou chak nan renmen.
Nou kapab raple nou chante ki di: «Renmen,
renmen, renmen se sa Jezi mande. Renmen, renmen, renmen se lavi yon kretyen. Renmen,
renmen, renmen se viv jan Bondye vle. An nou tout renmen tankou Jezi». Se yon bèl chante ki kapab ede nou nan lavi a epi pèmèt nou bay
temwayaj nou se pitit Bondye tout bon. Nan levanjil la, nou kapab wè kijan
Bondye idantifye l’ak soufrans tout moun ki nan bezwen ak sa ki pòv yo.
Nan sans sa a, nou kapab raple nou istwa yon kretyen ki te konn lapriyè
anpil, se konsa nan lapriyè l’, li toujou mande Granmèt la pou l’ vin lakay
li.Yon bon jou pandan l’ap dòmi, li reve Granmèt la pwomèt l’ap vizite l’. Li
te kontan anpil paske rèv li t’ap vin yon reyalite.Konsa chak jou li leve li fè
netwayaj, li prepare kay li pou l’ resevwa envite espesyal la. Envite a pa t’
jan m’ rive men se moun pòv yo ki t’ap frape nan pòt li pou mande ede yo.
Kretyen an pa t’ jan m’ ede yo men li te ret ap tann envite a ki, daprè li, pa
t’ janm rive.
Nan yon lòt rèv Granmèt la te pale avè l’ pou l’ te raple l’ chak fwa li
t’ rive lakay li kijan li pa t’ resevwa l’. Istwa sa ap raple nou chak fwa nou
fè charite ak solidarite ak moun ki pòv yo, Bondye kontan.
LAPRIYÈ: Granmèt, ban m’ yon kè sansib
pou m’ kapab gen plis konpasyon ak solidarite nan soufrans tout moun ki gen
bezwen yo.
PWOPOZISYON: Vizite, ede
epi lapriyè ak yon moun ki gen bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario