Páginas

JEDI 8


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Paske ou pa t’ kenbe alyans la, m’ap chire peyi wa w’ la, men m’ap bay pitit ou a yon ras, poutèt David ».
NAN PREMYE LIV WA YO 11, 4-14
Salomon te deja fin vye, kè l’ te gate akoz medam yo ki te fè l’ suiv dye etranje yo : kè l’ pa t’ kòrèk nèt ankò avèk Granmèt Bondye l’ la tankou kè David, papa l’. Men Salomon t’ap sèvi Achtate, deès Sidonyen yo, ni Molòk, zidòl Amonit yo. Salomon fè sa k’ pa fè Granmèt la plezi, li pa fè devwa l’ pou l’ ta suiv Granmèt la tankou David, papa l’ la. Lè sa a Salomon bati tanp Kamòs la, pou zidòl Moab la, sou mòn nan ki an fas Jerizalèm nan, avèk Molòk, zidòl pitit Amon yo. Se konsa li fè pou tout medam etranje li yo, ki t’ap boule lansan, ki t’ap ofri sakrifis pou dye yo.
Konsa Granmèt la fache kont Salomon, poutèt espri l’ te vire lwen Granmèt Bondye Izrayèl la, ki te parèt ba li de fwa a, ki te pase l’ lòd espre sou kesyon sa a pou l’ pa t’ suiv dye etranje yo, li pa t’ kenbe sa Granmèt la te kòmande l’ la. Konsa Granmèt la di Salomon :
« Poutèt ou te gen bagay sa a kote ou, ou pa t’ kenbe alyans mwen an nan ak lòd mwen yo mwen te pase w’ la, m’ap fè peyi-wa w’ la eklate, m’ap chire l’, m’ap renmèt li nan men sèvitè w’ la. Sèlman se pa nan jou ou yo m’ap fè sa, akoz David papa ou : se nan men pitit ou a m’ap chire l’. Men se pa tout peyi-wa a m’ap wete, se yon sèl ras m’ap bay pitit ou a, poutèt David sèvitè m’ nan avèk Jerizalèm mwen te chwazi a ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 105, 3-4. 35-36. 37 e 40
R/ Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou genyen pou pèp ou a.
Ala kontantman pou moun ki obsève jijman l’, ki fè jistis nan tout okazyon.
Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou genyen pou pèp ou a, vizite nou nan sekou w’ la.R.
Yo melanje avèk nasyon yo, yo aprann aksyon yo.
Yo sèvi zidòl yo,yo vin tounen baryè pou yo.
Yo sakrifye pitit gason yo ak pitit fi yo bay demon yo.
Kòlè Granmèt la boule kont pèp li a, li vin rayi eritaj li a.R.
LEVANJIL
«Ti chyen yo manje anba tab la nan myèt ti moun yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7, 24-30
Lè sa a :
Jezi leve, 1’al nan teritwa Ti ak Sidon ; li antre nan yon kay, li pa t’ vle pèsòn konnen, men li pa t’ kapab ret kache.
Gen yon madanm, menm lè li tande pale osijè l’, li menm ki te gen yon pitit fi ki gen yon espri papwòp, li antre, li lage kò l’ nan pye l’. Madanm nan se te yon payèn, nan ras Siwofenisyen. Li t’ap priye l’ pou l’ chase demon an sot nan pitit fi l’ la.
Li di l’ : « Kite ti pitit yo fin plen vant yo anvan ; sa pa bon pou pran pen ti moun yo, pou voye l’ bay chyen yo ».
Men li menm li reponn, li di l’: «Wi, Granmèt; sèlman ti chyen yo konn manje anba tab la nan myèt ti moun yo».
Li di l’ : « Poutèt pawòl sa a, ou mèt ale : demon an sòti nan pitit fi w’ la ». Lè l’al lakay, li jwenn ti fi a kouche sou kabann nan, demon an te pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye pou jodi a ap envite pou nou gen plis lafwa epi pou nou gen odas lè n’ap priye. «Wi, Granmèt ; sèlman ti chyen yo konn manje anba tab la nan myèt ti moun yo». Madanm sa ki te gen pitit fi li anba pouvwa yon espri pa pwòp e ki t’ap sipliye Jezi, te konnen li pa t’ nan kondisyon pou li te resevwa favè Granmèt la, men malgre sa, pou kalite lafwa li te manifeste Jezi te fè li gras. Li te chase move lespri a san ke li pa t’ menm manyen pitit la, pitit la te libere. Ebyen nou menm tou, frè ak sè mwen yo, nou bezwen gen kalite lafwa sa. Men pou nou rive benefisye ti myèt lagras Granmèt, nou dwe fè plis jefò chak jou pou nou rete fidèl ak li, pou nou pa fè adiltè sou li, pou nou pa mete li sou kote pou n’al adore vye zidòl ke nou fabrike ak pwòp men nou, pou Granmèt pa flanbe kòlè li kont nou. Nou dwe fè Bondye konfyans nan tout sikonstans, paske li gen bon kè, l’ap sonje nou. L’ap pran pitye pou feblès nou yo ak kalamite nou yo. Men anpil fwa, nou vire do ba li, n’al chèche solisyon pi rapid pou pwoblèm nou yo. Malerezman ka nou konn vin konplike, paske anpil fwa kote nou ale yo yo  mande nou sa nou pa genyen, nou oblije ipoteke kay nou, nou vann tout byen nou te genyen pou nou ka chache fo solisyon pou pwoblèm nou yo; nou bliye si Jezi se remèd tout maladi, solisyon tout pwoblèm.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri gen pitye pou nou pou chak fwa nou te ranplase ou ak yon zidòl.
PWOPOZISYON : Dechouke tout vye zidòl ki antrave relasyon mwen ak Bondye e ki kòz mwen pa ka jwenn solisyon pou pwoblèm mwen yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario