Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Mwen fè peche
kont Granmèt la »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 12, l-7a. 10-17
Jou sa yo :
Granmèt la voye Natan kot David. Li rive kote l’, li di
l’ :«De mesye te nan yon vil, youn te rich, lòt la te pòv. Rich la te gen
mouton ak bèf an kantite ; pòv la menm pa t’ gen anyen sof yon sèl ti
mouton, li te achte, li te nouri l’, li te fè l’ grandi lakay li ansanm ak
pitit li yo, li fè l’ manje nan pen l’, li fè l’ bwè nan gode l’, li fè l’ dòmi
sou lestomak li : se te tankou pitit fi l’.Gen yon etranje ki vin rive kay
moun rich la, li menm li evite pran nan mouton l’ yo ak nan bèf li yo, pou
l’ofri atab dévan etranje sa a ki te vin kote l’ la, li pran mouton mesye ki
pòv la, li pare manje pou moun nan ki te vin lakay li a».
David fache, li fè kòlè kont mesye sa a anpil, li di
Natan. «Sou lavi Granmèt la, mesye sa a ki fè bagay sa a, l’ap mouri; l’ap
renmèt kat fwa plis, poutèt bagay sa a li fè a, san l’ pa gen pitye a».
Natan di David :«Se ou menm menm mesye sa a. Se
pousa epe a p’ap rekile sot nan kay ou ditou, poutèt ou meprize m’, ou pran
madanm Iri moun Èt la, pou l’ vin tounen madanm ou. Se pousa men pawòl Granmèt
la. « Men m’ap leve malè sou ou sot anndan kay ou a, m’ap pran madanm ou
yo devan je ou, m’ap bay pwochen ou, l’ap dòmi avèk madanm ou yo devan je solèy
sa a.Ou menm ou te aji an kachèt ; mwen menm m’ap fè bagay sa a devan tout
Izrayèl ak devan solèy la ».
David di Natan: «Mwen fè peche kont Granmèt la ».
Natan di David : « Granmèt la tou padonnen peche ou la, ou p’ap
mouri. Sèlman, poutèt ou fè ènmi Granmèt yo blasfeme l’akòz bagay sa-a, pitit
la ki fèt pou ou a l’ap mouri sètènman ». Natan tounen
lakay li.
Granmèt la frape ti pitit la, David fè jèn, li antre pou
kont li, li kouche atè a. Ansyen yo nan lakay li a rive, yo fòse l’ pou l’ leve
sot atè a; li refize menm manje yon ti manje ansanm avèk yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50,
12-3. 14-15. 16-17
R/ Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon espri fèm
nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, Espri Sen w’ nan, pa wete l’ nan
mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan sove ou sove m’ nan, asire m’ak
espri ki pi vif la. M’ap aprann pechè yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin
jwenn ou.R.
Delivre m’ sot nan san yo, Bondye, Bondye sovè mwen, lang
mwen ap chante jistis ou.R.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj
ou. R.
LEVANJIL
« Kilès sa
a, paske van ak lanmè obeyi li »?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 4, 35-40
Jou sa a, kòm aswè te fin rive, Jezi di disip li
yo : « An nou travèse anfas la ». Yo ranvwaye foul la, yo pran
l’ jan l’ te ye nan batiman an, te gen dòt batiman yo avèk li.
Vin gen yon gran tanpèt van ; lanm lanmè a t’ap
vòltije nan batiman an, atèl pwen batiman an te plen. Li menm menm li te nan
plas gouvènay la, sou kousen an, li t’ap dòmi ; yo reveye l’, yo di-l:
« Mèt, sa pa fè ou anyen n’ap peri »? Li reveye, li
menase van an, li di lanmè a: «Silans, pe bouch ou». Van an sispann, vin gen
yon gran kalmi.
Li di yo: «Pouki sa nou manke lodas konsa a? Nou pa gen
lafwa»? Yo sezi yon gran sezisman, youn t’ap di lòt: «Kilès ou kwè li ye, sa a,
paske ni van ni lanmè obeyi l’»?
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nou pa kapab touche Bondye ni konprann
li ak entelijans nou. Bondye ale pi lwen pase sa nou menm moun nou kapab
konprann, Li ale pi lwen ke imajinasyon nou. nou kapab konnen sèlman kiyès li
ye se nan eksperyans pèsonèl nou, nan rankont nou ak li nan lapriyè.
Nan Levanjil la, youn nan aspè nou kapab dekouvri
sou Bondye n’ap sèvi a, sèke Li se Bondye-avèk-nou,
Bondye ki pwòch moun, ki tande moun ki adrese li avèk lafwa, e se Bondye kè sansib. Men
anpil fwa, nou panse yon lòt bagay sou Bondye, nou anvi fè li tounen yon Bondye
ki panse menm jan ak nou. Nou ta kapab di se yon move pa nou fè, nan demach pou
nou vin pi pre Bondye.
Anpil fwa Bondye tann nou fè premye pa a avan li
menm li fè katrevendiznèf lòt. Li kite nou ak tout libète nou. Kèk fwa nan lavi
nou, se nan yon eksperyans difisil nou rankontre ak Bondye. Men nou pa toujou
sonje di Bondye mèsi pou sa li fè nan lavi nou, nou plis pase tan nou ap plenyen.
Anpil fwa, nou manje, nou dòmi, nou leve, nou
jwenn yon seri byen materyèl sou wout nou, nou pa janm poze tèt nou kesyon
kijan nou fè ap jwi privilèj sa yo, pandan anpil lòt moun ap viv kèk sitiyasyon
difisil. Èske se nou menm ki pi bon? Tou senpleman se yon gras, se yon chans
nou genyen nan lavi nou. Piti kou li ye. Men nou toujou twouve sa pa sifi
toujou fòk nou ta jwenn plis. Malgre mirak Jezi te fè pou mesye yo, yo te
toujou doute kiyès li ye.Malgre tout bagay, Jezi nan kè sansib li pa t’ neglije
aji, li pa t’ neglije montre yo bonte li.
Jounen jodi a, nou menm ki di nou se kretyen, li
enpòtan pou nou sèvi modèl pou lòt yo, nan fason n’ap temwanye Bondye nou an,
pou moun ki te konn ap doute yo rive konprann pi byen toujou kilès Bondye nou
an ye ak jan li puisans li manifeste nan lavi nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt, lè van pwoblèm yo ap sekwe bak lavi mwen , fè m’ sonje ou la ou p’ap
kite mwen peri.
PWOPOZISYON:Di Bondye mèsi pou tout tanpèt li kalme nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario